BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Ki jan n te rive dekouvri verite ki nan Bib la ankò?
    Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
    • LESON 3

      Ki jan n te rive dekouvri verite ki nan Bib la ankò?

      Yon ti gwoup moun k ap etidye Labib nan ane 1870 yo.

      Etidyan Labib yo, bò 1870 yo.

      Yon moun k ap li premye Toudegad la.

      Premye nimewo Toudegad, 1879.

      Yon dam ki kenbe Toudegad ak Réveillez-vous!

      Toudegad jodi a.

      Bib la te predi, apre lanmò Jezi, gen fo anseyan ki t ap antre nan mitan kretyen premye syèk la e yo t ap tòde verite ki nan Bib la (Travay 20:29, 30). Se egzakteman sa k te rive. Fo anseyan yo te melanje ansèyman Jezi yo ak ansèyman payen, e konsa, anpil moun ki di yo se kretyen men ki pa suiv ansèyman Kris yo vre te vin parèt (2 Timote 4:3, 4). Jodi a, ki jan n ka sèten nou gen konesans egzak sou sa Bib la anseye toutbonvre?

      Moman an te rive pou Jewova fè moun konn laverite. Jewova te predi nan ‘tan lafen an, vrè konesans lan t ap vin anpil’. (Dànyèl 12:4.) An 1870, gen yon ti gwoup moun ki t ap chèche laverite ki te vin rekonèt anpil nan doktrin Legliz yo t ap anseye yo pa t baze sou Bib la. Se sa k fè, yo te kòmanse chèche konprann sa Bib la anseye toutbonvre e Jewova te beni yo, li te fè yo konprann bagay espirityèl yo.

      Kèk moun ki sensè te pran san yo pou yo etidye Bib la. Etidyan Labib sa yo, ki te la anvan nou e ki te dilijan, te itilize yon bon metòd pou yo etidye Bib la e jis kounye a nou kontinye itilize menm metòd sa a. Yo te egzamine Bib la sijè pa sijè. Lè yo te jwenn yon vèsè ki difisil pou konprann, yo te chèche lòt vèsè ki ka ede yo konprann li. Lè yo te vin gen yon konpreyansyon ki ann amoni ak rès Bib la, yo te ekri l sou papye. Lefètke yo te kite se Bib la ki esplike vèsè ki ladan l yo, yo te rive dekouvri laverite sou non Bondye, sou Wayòm nan, sou objektif Bondye gen ni pou lèzòm ni pou tè a, sou ki kondisyon mò yo ye ak esperans rezirèksyon an. Rechèch yo te fè yo te libere yo anba anpil fo ansèyman ak pratik ki pa nan Bib la. — Jan 8:31, 32.

      Rive nan ane 1879, Etidyan Labib yo te konprann lè a te rive pou yo fè tout moun konn verite ki nan Bib la. Se sa k fè, nan menm ane sa a, yo te kòmanse pibliye Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova a, yon peryodik nou toujou pibliye jodi a. Kounye a, n ap fè moun konn verite ki nan Bib la nan 240 peyi e nou fè sa nan plis pase 750 lang. Anvan sa, vrè konesans lan pa t janm anpil konsa!

      • Apre lanmò Kris, sa k te rive verite ki nan Bib la?

      • Ki sa k te pèmèt nou dekouvri verite ki nan Pawòl Bondye a ankò?

  • Poukisa nou fè Tradiksyon monn nouvo a?
    Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
    • LESON 4

      Poukisa nou fè Tradiksyon monn nouvo a?

      Yon ansyen machin pou enprime.
      Lè Tradiksyon monn nouvo a te fèk parèt.
      Moun k ap gade Tradiksyon monn nouvo a nan peyi Kongo (Kinchasa).

      Kongo (Kinchasa)

      Tradiksyon monn nouvo a parèt nan peyi Wannda.

      Wannda

      Yon pati nan woulo Simakis la ki gen non Bondye.

      Yon pati nan woulo Simakis la ki gen non Bondye ladan l nan Sòm 69:31, li la depi twazyèm oubyen katriyèm syèk epòk nou an.

      Pandan plizyè dizèn ane, Temwen Jewova yo te sèvi ak divès tradiksyon Labib, yo te enprime yo e yo te distribye yo. Men, nou te vin wè l nesesè pou n fè yon nouvo tradiksyon Labib ki t ap ede tout moun yo vin gen “konesans egzak sou laverite”, jan Bondye vle sa (1 Timote 2:3, 4). Konsa, an 1950, nou te kòmanse pibliye kèk pati nan Tradiksyon monn nouvo a nan yon langaj ki fasil pou moun konprann jodi a. Tradiksyon sa a fidèl, li egzak e li nan plis pase 130 lang.

      Nou te bezwen yon tradiksyon Labib ki fasil pou moun konprann. Rive yon lè, fason yon moun pale yon lang konn chanje, epi gen anpil tradiksyon Labib ki itilize ekspresyon ki pa klè oswa ki pa alamòd e ki difisil pou moun konprann. Anplis de sa, yo vin dekouvri kèk ansyen maniskri ki pi egzak, ki pi ann amoni ak tèks orijinal la ki ede moun pi byen konprann lang yo te itilize pou ekri Bib la, anpalan de lang ebre, arameyen ak grèk.

      Nou te bezwen yon tradiksyon Labib ki fidèl ak Pawòl Bondye a. Olye tradiktè Labib yo chanje Pawòl Bondye te fè ekri a lè y ap tradui l, yo dwe fidèl ak tèks orijinal la pito. Men, nan pifò tradiksyon Labib, yo pa itilize non Bondye ki se Jewova nan Ekriti sakre yo.

      Nou te bezwen yon tradiksyon Labib ki ede moun rekonèt Sila a ki te fè ekri Bib la. (2 Samyèl 23:2). Nan Tradiksyon monn nouvo a, nou remete non Jewova tout kote l parèt nan anviwon 7 000 fwa nan maniskri Labib ki pi ansyen yo jan n ka wè sa nan foto ki pi ba a (Sòm 83:18). Apre tradiktè yo fin pase plizyè ane ap fè bonjan rechèch, yo fè yon tradiksyon Labib moun renmen li paske panse Bondye yo parèt byen klè ladan l. Kit ou gen Tradiksyon monn nouvo a nan lang pa w, kit ou pa genyen l, nou ankouraje w pran bon abitid li Pawòl Jewova a chak jou. — Jozye 1:8; Sòm 1:2, 3.

      • Poukisa n te vin wè l nesesè pou n gen yon nouvo tradiksyon Labib?

      • Ki bon abitid yon moun ki ta renmen konn volonte Bondye ta dwe pran?

      CHÈCHE KONN PLIS

      Li entwodiksyon Tradiksyon monn nouvo a, epi reponn kesyon ki vin apre a: “Ki gwo responsablite komite tradiksyon an te bay tèt li lè l t ap fè tradiksyon sa a?” Ansuit, konpare fason Tradiksyon monn nouvo a tradui vèsè ki apre yo ak jan lòt tradiksyon Labib fè sa: Jenèz 25:29; Ezayi 14:23; Matye 5:3; 11:12; 1 Korentyen 10:24, 25; Filipyen 1:8.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje