BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • sn kantik 119
  • Vini, w ap rejwenn fòs!

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Vini, w ap rejwenn fòs!
  • Ann chante pou Jewova
  • Sou menm sijè a
  • Vini, w ap rejwenn fòs!
    ‘Ann chante ak kè kontan’ pou Jewova
  • N ap prepare nou pou n al preche
    ‘Ann chante ak kè kontan’ pou Jewova
  • N ap prepare nou pou n al preche
    Ann chante pou Jewova — Nouvo kantik
  • Nou dwe gen lafwa
    ‘Ann chante ak kè kontan’ pou Jewova
Gade plis
Ann chante pou Jewova
sn kantik 119

Kantik 119

Vini, w ap rejwenn fòs!

Édition imprimée

(Ebre 10:24, 25)

1. N’ap viv nan yon monn ki rebèl, ki pèdi,

Moun yo pa aprann konn Bondye.

Nou bezwen byen konnen kote n’ap met pye’n,

Poukont nou nou pap janm rive.

Reyinyon yo bon, yo fè nou rejwenn fòs,

Yo fè lafwa nou vin solid.

Se la nou jwenn kouraj pou’n fè bèl aksyon,

Pou’n toujou gen bon abitid.

Nou pap janm lage kòmandman Bondye yo,

Se volonte’l sèl nou vle fè.

Reyinyon yo fòme’n pou’n fè sa ki jis,

Yo vrèman gen anpil valè.

2. Nou tout dwe koute konsèy Jewova bay,

Li konnen byen sa nou bezwen.

Lè’n lite pou’n pa rate reyinyon yo,

Sa montre sajès nou genyen.

Grasa bon enstriksyon ansyen yo ban nou,

Lafwa nou vin pi byen chita.

Frè’n ak sè’n yo la, yo pa janm lage nou,

Yo soutni nou pou’n pa faya.

Donk, pandan n’ap tann monn nouvo a rive,

Ann toujou reyini ansanm.

N’ap aprann viv avèk bonsans ak sajès,

E lanmou nou ap vin pi djanm.

(Gade tou Sòm 37:18; 140:1; Pwo. 18:1; Efe. 5:16; Jak 3:17.)

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje