-
Ki sa w ap jwenn lè w vin asiste reyinyon nou yo?Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
-
-
LESON 5
Ki sa w ap jwenn lè w vin asiste reyinyon nou yo?
Ajantin
Syera Leyòn
Bèljik
Malezi
Gen anpil moun ki sispann asiste sèvis yo fè nan legliz yo paske sèvis sa yo pa ede yo jwenn okenn repons pou kesyon ki pi enpòtan yo poze nan lavi a e yo pa jwenn okenn rekonfò ladan yo. Men, poukisa ou dwe asiste reyinyon Temwen Jewova yo? Ki sa w ap jwenn nan reyinyon sa yo?
W ap kontan pami moun ki renmen w e ki gen sousi pou ou. Nan premye syèk epòk nou an, kretyen yo te fòme plizyè kongregasyon e yo te konn fè reyinyon pou yo adore Bondye, pou yo etidye Labib e pou yo ankouraje youn lòt (Ebre 10:24, 25). Piske yo te konn reyini ansanm, nan yon anbyans ki chaje lanmou, yo santi yo pami bon zanmi yo, anpalan de frè ak sè nan kongregasyon an (2 Tesalonisyen 1:3; 3 Jan 14). Nou suiv egzanp kretyen sa yo e nou jwenn kè kontan menm jan avè yo.
W ap aprann jan pou w aplike prensip ki nan Bib la. Menm jan sa te ye nan tan biblik yo, ni gason, ni fi, ni timoun, yo tout reyini ansanm. Gen anseyan kalifye ki sèvi ak Bib la pou ede n wè fason pou n aplike prensip biblik yo nan lavi n chak jou (Detewonòm 31:12; Neyemi 8:8). Tout moun ka patisipe nan konvèsasyon y ap ak oditwa a e nou tout moun ka chante pou n fè konnen esperans nou genyen. — Ebre 10:23.
W ap vin gen yon lafwa ki pi solid nan Bondye. Men sa apot Pòl te di youn nan kongregasyon nan epòk li a: “Se pa ti anvi m anvi wè nou [...] pou youn ka ankouraje lòt, pou chak moun jwenn ankourajman nan lafwa lòt, ni nan pa nou, ni nan pa m.” (Women 1:11, 12). Nan reyinyon yo, kontak nou genyen ak kretyen parèy nou yo regilyèman yo fòtifye lafwa nou e sa ban nou plis detèminasyon pou n viv ann amoni ak prensip ki nan Bib la.
Poukisa w pa pwofite envitasyon nou fè w pou w vin asiste pwochen reyinyon n ap gen nan kongregasyon nou epi pou w pwofite tout byenfè sa yo tou? N ap kontan akeyi w. Tout reyinyon yo gratis e nou pa janm fè lakòlèt.
Ki egzanp nou suiv pou n fè reyinyon nou yo?
Ki byenfè nou jwenn lè n asiste reyinyon nou yo?
-
-
Ki byenfè nou jwenn lè nou reyini ak kretyen parèy nou?Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
-
-
LESON 6
Ki byenfè nou jwenn lè nou reyini ak kretyen parèy nou?
Madagaska
Nòvèj
Liban
Itali
Menmsi n oblije travèse gwo forè, oswa n oblije mache anpil nan move wout, e menmsi n oblije fè fas ak klima ki difisil, nou asiste reyinyon regilyèman. Malgre tout pwoblèm ki gen nan lavi a e malgre fatig ki gen apre yon jounen travay, poukisa Temwen Jewova yo fè tout efò sa a pou yo reyini ansanm ak kwayan parèy yo?
Nou santi nou byen. Men sa apot Pòl te ekri konsènan moun ki reyini ansanm avè n nan kongregasyon an: “Annou voye je youn sou lòt.” (Ebre 10:24). Ekspresyon sa a siyifi “panse anpil ak” yon moun, sa vle di pou youn aprann konn lòt. Donk, apot la te ankouraje nou pou n enterese ak lòt moun nan kongregasyon an. Lè n chèche konn lòt fanmi ki kretyen, nou rann nou kont gen kèk nan yo ki te venk gwo obstak ki sanble ak obstak n ap rankontre yo e yo ka ede n venk obstak nou yo tou.
Nou jwenn bon zanmi. Nan reyinyon yo, nou reyini ansanm, nou pa fè sa tankou nou annik konn youn lòt, men, nou tankou bon zanmi. Nan lòt okazyon, nou konn pase bon ti moman ansanm. Ki byenfè nou jwenn lè konsa? Nou vin gen plis apresyasyon youn pou lòt, e nou vin gen plis lanmou youn pou lòt. Epi, lè konpayon nou yo gen pwoblèm, nou kouri ede yo paske se bon zanmi nou yo ye (Pwovèb 17:17). Lè n reyini ak tout moun nan kongregasyon an, nou montre nou “gen sousi youn pou lòt.” — 1 Korentyen 12:25, 26.
Nou ankouraje w fè zanmi ak moun k ap fè volonte Bondye. W ap jwenn zanmi sa yo pami Temwen Jewova yo. Tanpri, pa kite anyen anpeche w vin reyini avèk nou.
Poukisa li bon pou n reyini ansanm ak kretyen parèy nou?
Ki lè w ap vin nan reyinyon pou w ka pi byen konnen nou?
-
-
Ki sa yo fè nan reyinyon nou yo?Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
-
-
LESON 7
Ki sa n fè nan reyinyon nou yo?
Nouvèl Zelann
Japon
Ouganda
Lityani
Nan reyinyon kretyen yo te konn òganize nan premye syèk la, yo te konn chante kantik, priye, li Pawòl Bondye a epi pale sou sa yo li a. Yo pa t konn fè okenn seremoni (1 Korentyen 14:26). Se menm bagay la nou fè nan reyinyon nou yo tou.
Nou bay enstriksyon ki soti nan Bib la e ki itil. Nan fen semèn nan, chak kongregasyon reyini pou koute yon Diskou biblik ki dire 30 minit ki pale sou fason Bib la gen rapò ak lavi nou ansanm ak epòk n ap viv la. Yo ankouraje nou tout pou nou li vèsè y ap li yo nan bib nou. Apre diskou a, yo fè Etid “Toudegad” ki dire inèdtan. Yo egzamine yon sijè nan Toudegad ki gen atik etid yo e yo envite moun nan kongregasyon an pou yo fè kòmantè. Etid sa a ede n aplike konsèy Bib la bay yo nan lavi nou. Gen plis pase 110 000 kongregasyon sou tè a ki egzamine menm atik etid la.
Nou jwenn enstriksyon ki fè n vin pi bon anseyan. Nou konn reyini nan yon jou nan semèn nan tou pou n suiv yon pwogram ki gen twa pati ki rele Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen. Li baze sou sa ki nan yon dokiman nou resevwa chak mwa ki se Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè. Premye pati reyinyon sa a se Trezò ki nan Pawòl Bondye a. Nan pati sa a, yo ede n byen konprann pòsyon nan Bib la frè ak sè nan kongregasyon an te gen pou yo li alavans. Ansuit, gen pati Byen prepare w pou travay predikasyon an, ladan l gen demonstrasyon ki montre n fason pou n pale sou Bib la ak lòt moun. Epi gen yon frè ki ban nou kèk konsèy pou ede n amelyore kapasite nou genyen pou n li e pou n pale (1 Timote 4:13). Denyè pati a se Lavi nou antanke kretyen, ladan l yo egzamine fason pou n aplike prensip ki nan Bib la yo nan lavi nou chak jou e yo fè yon etid sou fòm kesyon ak repons ki ede n pi byen konprann Bib la.
Pa gen dout, lè w vin asiste reyinyon nou yo, w ap sezi wè valè bon ansèyman w ap jwenn nan Bib la. — Ezayi 54:13.
Ki sa w panse w pral tande nan reyinyon Temwen Jewova yo?
Ki pwochen reyinyon w ta renmen asiste?
-