BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • sn kantik 73
  • Nou dwe renmen lòt moun ak tout kè nou

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Nou dwe renmen lòt moun ak tout kè nou
  • Ann chante pou Jewova
  • Sou menm sijè a
  • Nou dwe renmen lòt moun ak tout kè nou
    ‘Ann chante ak kè kontan’ pou Jewova
  • “ Anvan tout bagay, se pou nou gen yon lanmou ki fò anpil ”
    Kontinye veye!
  • Ki sa lanmou fidèl Jewova genyen an vle di pou ou?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2021
  • “Se pou nou kontinye mache nan lanmou”
    Annou pwoche bò kote Jewova
Gade plis
Ann chante pou Jewova
sn kantik 73

Kantik 73

Nou dwe renmen lòt moun ak tout kè nou

Édition imprimée

(1 Pyè 1:22)

1. Se nan kè’n lanmou dwe soti,

Se la pou afeksyon grandi.

N’ap gen lanmou san patipri,

Wi, pou chak frè ak sè.

N’ap jwenn fason pou’n eksprime

Santiman nou gen pou yo vre.

Konsa, n’ap imite Bondye,

N’ap montre nou sensè.

Si nou renmen yo toutbon,

N’ap soutni yo tou lè sa pa bon.

N’ap chèche tout okazyon

Pou’n ede yo ak tout kè’n.

Si nou renmen tout frè, tout sè,

Pou yo n’ap toujou gen respè.

Nou pap mache di fot yo fè.

N’ap toujou rete fidèl,

Inite nou esansyèl.

2. Si lanmou nou an fò anpil,

Nou pap moun k’ap fache fasil,

N’ap viv ak frè’n yo byen trankil

E n’ap fè yo konfyans.

Nou devlope bèl amitye,

Tout frè nou yo nou apresye.

Nou kontan lè nou rasanble,

Nou gen plis andirans.

Lè’n pale san reflechi,

Nou ka lakòz anpil moun soufri.

Si’n gen tandrès, si’n janti

Frè’n ak sè’n yo ap anjwa.

Si nou se bonjan konpayon,

Lyen nou yo ap vin pi pwofon.

Lanmou se yon gwo chèn inyon.

Konsa n’ap bay Bondye glwa,

N’ap imite vrè Dye a.

(Gade tou 1 Pyè 2:17; 3:8; 4:8; 1 Jan 3:11.)

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje