BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Ki fason yo ekri piblikasyon n yo e ki fason yo rive tradui yo?
    Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
    • LESON 23

      Ki fason yo ekri piblikasyon n yo e ki fason yo rive tradui yo?

      Yon moun k ap travay nan Sèvis redaksyon Ozetazini.

      Sèvis redaksyon, Etazini

      Yon gwoup tradiktè nan peyi Kore disid.

      Kore disid

      Yon mesye nan peyi Ameni ki kenbe yon liv Temwen Jewova yo tradui.

      Ameni

      Yon tifi nan peyi Bouwoundi ki kenbe yon liv Temwen Jewova yo tradui.

      Bouwoundi

      Yon dam nan peyi Srilanka ki kenbe kèk peryodik Temwen Jewova yo tradui.

      Srilanka

      Pou n ka rive fè tout sa n kapab pou n preche “bon nouvèl” la nan “tout nasyon, tout tribi, tout lang ak tout pèp”, nou oblije pwodui piblikasyon nan plis pase 750 lang (Revelasyon 14:6). Ki jan n fè reyalize gwosè travay sa a? Se grasa èd yon gwoup moun ki gaye sou tout tè a ki patisipe nan ekri piblikasyon nou yo e grasa yon gwoup tradiktè devwe. Yo tout se Temwen Jewova.

      Yo ekri tèks orijinal la ann anglè. Kolèj santral la sipèvize travay sèvis redaksyon an ki nan syèj mondyal Temwen Jewova yo. Sèvis sa a kowòdone travay moun k ap ekri piblikasyon yo. Gen nan moun sa yo ki travay nan syèj mondyal la e gen lòt ki travay nan lòt filyal. Lefètke gen moun toupatou k ap ekri piblikasyon nou yo, sa fè gen sijè ladan yo ki touche tout kouch sosyal ak tout peyi, e sa fè moun toupatou sou tè a renmen li piblikasyon nou yo.

      Yo voye tèks la bay tradiktè yo. Apre yo fin ekri tèks la, yo korije l, yo apwouve l, e yo voye l sou fòm elektwonik bay ekip tradiksyon yo sou tout tè a. Ekip sa yo tradui tèks la, yo byen konpare l ak tèks orijinal la, epi yo korije fot ki gen ladan l yo. Yo fè tout sa yo kapab pou yo chwazi “pawòl ki verite e ki egzak” pou yo ka bay vrè sans tèks anglè a nan lang y ap tradui a. — Eklezyas 12:10.

      Yo itilize òdinatè pou yo fè travay la pi vit. Yon òdinatè pa ka ranplase ni yon ekriven ni yon tradiktè. Men, moun sa yo ka fè travay yo pi vit grasa diksyonè ki sou òdinatè yo, pwogram enfòmatik ki ede moun pi byen konprann yon lang ak divès pwogram ki ede moun fè rechèch. Temwen Jewova yo envante yon sistèm enfòmatik ki pèmèt yo fè piblikasyon nan plizyè lang. Yo rele sistèm sa a MEPS. Pwogram sa a pèmèt yo travay tèks yo nan plizyè santèn lang, li pèmèt yo konbine tèks yo tradui yo ak imaj yo, pou yo ka parèt ansanm, e l pèmèt yo konpoze tèks la pou l ka pare pou yo enprime l.

      Poukisa nou fè tout efò sa yo menm pou lang se kèk milye moun sèlman ki pale yo? Paske se volonte Jewova “pou tout kalite moun sove e [pou] yo gen yon konesans egzak sou laverite.” — 1 Timote 2:3, 4.

      • Ki travay yo fè pou yo rive ekri piblikasyon nou yo?

      • Poukisa nou tradui piblikasyon nou yo nan plizyè lang?

  • Ki kote n jwenn lajan pou n fè tout depans nou genyen yo?
    Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
    • LESON 24

      Ki kote n jwenn lajan pou n fè tout depans nou genyen yo?

      Yon moun k ap fè ofrann volontè.
      Kèk Temwen Jewova ki nan travay predikasyon an.

      Nepal

      Kèk volontè nan konstriksyon Sal Wayòm nan peyi Togo.

      Togo

      Kèk volontè k ap travay nan biwo filyal Grann Bretay la.

      Grann Bretay

      Òganizasyon nou an pibliye plizyè milyon Bib ak lòt piblikasyon chak ane e nou distribye yo bay moun san n pa mande pou yo lajan. Nou konstwi Sal Wayòm ak filyal e nou fè antretyen ladan yo. Nou soutni plizyè milye Betelit ak misyonè e n bay èd lè gen katastwòf. Se sa k fè petèt w ap mande tèt ou: ‘Kote n jwenn lajan pou n fè tout travay sa yo?’

      Nou pa fè moun peye ni ladim, ni sèvis relijye n fè yo, e n pa fè lakòlèt. Se vre, nou depanse anpil lajan pou travay predikasyon an ka fèt, men nou pa mande moun lajan. Sa gen plis pase santan, dezyèm nimewo Toudegad la te di nou kwè se Jewova k ap soutni nou, nou “pap janm mande moun ni nou pap janm fòse moun bay lajan pou travay la fèt”, e n pa janm fè sa vre! — Matye 10:8.

      Se ofrann volontè moun bay ki ede n fè travay la. Gen anpil moun ki bay travay ansèyman biblik n ap fè a anpil valè, e yo bay ofrann volontè pou yo soutni travay sa a. Temwen Jewova yo bò kote pa yo kontan bay tan yo, fòs yo, lajan yo ak lòt bagay yo posede pou yo fè volonte Bondye toupatou sou tè a (1 Kwonik 29:9). Nan Sal Wayòm yo ak nan lokal nou fè asanble ak kongrè yo, gen bwat ofrann pou moun ki ta renmen bay ofrann yo. Oubyen yo ka fè ofrann sou sit nou an, jw.org. Pifò lajan nou resevwa yo se moun ki pa gen gwo mwayen ki bay yo, moun ki tankou vèv malerèz Jezi te pale an byen de li a. Vèv sa a te depoze de ti pyès monnen ki pa gen anpil valè nan trezò tanp lan (Lik 21:1-4). Se sa k fè, nenpòt moun nan ka “mete yon ti bagay apa” regilyèman pou l bay kòm ofrann “jan l te deside nan kè l la.” — 1 Korentyen 16:2; 2 Korentyen 9:7.

      Nou sèten Jewova ap kontinye touche kè moun ki vle ‘onore l avèk bagay yo genyen ki gen valè yo’ lè yo soutni travay Wayòm nan pou volonte Jewova fèt. — Pwovèb 3:9.

      • Ki sa k fè òganizasyon nou an diferan ak lòt relijyon yo?

      • Ki sa yo fè ak ofrann volontè yo?

  • Poukisa n konstwi Sal Wayòm e ki jan n rive konstwi yo?
    Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
    • LESON 25

      Poukisa n konstwi Sal Wayòm e ki jan n rive konstwi yo?

      Kèk volontè konstriksyon Sal Wayòm nan peyi Bolivi.

      Bolivi

      Fason yon Sal Wayòm nan peyi Nijerya te ye anvan yo renove l.
      Fason yon Sal Wayòm nan peyi Nijerya vin ye apre yo renove l.

      Nijerya, anvan e apre

      Yon chantye konstriksyon Sal Wayòm nan peyi Tayiti.

      Tayiti

      Jan non Sal Wayòm nan montre sa, se yon kote yo anseye Labib e ansèyman sa a met aksan sou Wayòm Bondye a ki se tèm prensipal travay predikasyon Jezi a. — Lik 8:1.

      Pou moun gen kote pou yo pratike vrè adorasyon an nan zòn yo ye a. Se nan Sal la yo òganize travay predikasyon bon nouvèl Wayòm nan (Matye 24:14). Tout Sal Wayòm yo pa menm gwosè e yo pa fèt selon menm plan an. Men, tout fèt byen senp e plizyè kongregasyon konn reyini nan yon Sal Wayòm. Nan ane ki pase yo, nou konstwi plizyè milye Sal Wayòm (anviwon senk chak jou) akoz gwo kantite moun ki vin genyen nan kongregasyon nou yo. Ki jan n fè konstwi yo? — Matye 19:26.

      Se grasa ofrann moun fè nou rive konstwi Sal Wayòm yo. Yo voye ofrann sa yo bay filyal la, e se lajan sa a yo itilize pou yo konstwi oswa renove Sal Wayòm pou kongregasyon bezwen sa. Kongregasyon yo pa peye enterè sou lajan an.

      Se volontè ki sot nan tout kouch sosyal ki konstwi Sal yo san yo pa touche. Nan anpil peyi, yo fòme plizyè ekip konstriksyon Sal Wayòm. Ekip yo gen sèvitè pou konstriksyon ak lòt volontè ladan yo. Yo sot nan yon kongregasyon al nan yon lòt nan peyi a, e yo konstwi Sal Wayòm pou kongregasyon ki nan zòn ki lwen yo tou. Nan kèk peyi, gen Temwen Jewova ki kalifye nan konstriksyon k ap sipèvize travay konstriksyon ak renovasyon Sal Wayòm nan tout yon rejyon. Byenke gen anpil frè ak sè ki jwenn bon fòmasyon k ap travay volontèman nan konstriksyon sa yo, pifò volontè ki sou chantye yo se frè ak sè ki nan kongregasyon ki nan zòn nan. Se lespri sen Jewova ak gwo efò pèp li a ki fè tout travay sa yo posib. — Sòm 127:1; Kolosyen 3:23.

      • Poukisa n rele kote n reyini pou n adore yo Sal Wayòm?

      • Ki jan n fè konstwi Sal Wayòm toupatou sou tè a?

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje