BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 1/15 p. 2
  • Kontinye pwogrese antanke minis Bondye

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Kontinye pwogrese antanke minis Bondye
  • Ministè Wayòm nan — 2015
  • Sou menm sijè a
  • “ Kontinye pwodui anpil fwi ”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2003
  • Se pou nou pwogrese nan ministè a
    Ministè Wayòm nan — 2008
  • Preche pou nou fè disip
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2003
  • Li ankouraje yo pou yo se branch ki bay fwi e pou yo vin zanmi l
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2015
km 1/15 p. 2

Kontinye pwogrese antanke minis Bondye

1. Ki egzanp nou jwenn nan premye syèk la ki montre nou dwe pwogrese antanke minis Bondye?

1 Kretyen yo dwe pwogrese antanke minis Bondye. Se pou rezon sa a Jezi te kontinye bay disip li yo fòmasyon nan travay predikasyon an (Lik 9:1-5; 10:1-11). Se sa k fè Akila ak Prisil te pran Apolòs ansanm avèk yo pou yo te ka “esplike l chemen Bondye a pi byen toujou”. (Tra. 18:24-26.) Se pou rezon sa tou, Pòl te ankouraje Timote, yon evanjelizatè ki gen eksperyans, pou l kontinye aplike ansèyman l te ba l la pou ‘tout moun ka wè pwogrè l fè aklè’. (1 Tim. 4:13-15.) Kèlkeswa kantite tan nou genyen depi n ap travay tankou esklav pou Seyè a, antanke pwoklamatè bon nouvèl la, nou dwe kontinye amelyore kapasite nou genyen pou nou preche.

2. Ki fason nou ka aprann nan men lòt moun?

2 Aprann nan men lòt moun: Youn nan fason pou n amelyore kapasite nou se lè nou aprann nan men lòt moun (Pwo. 27:17). Kidonk, suiv fason lòt pwoklamatè fè prezantasyon yo. Mande pwoklamatè ki gen eksperyans yo kèk sijesyon byen presi, epi koute sa yo di nou ak anpil atansyon (Pwo. 1:5). Èske n pa fin sèten sou fason pou n fè yon vizit, pou n kòmanse yon etid biblik oubyen pou n patisipe nan kèk lòt fasèt nan ministè a? Pran inisyativ, epi mande siveyan gwoup nou an oubyen yon pwoklamatè ki gen eksperyans pou ban nou fòmasyon. Sonje tou, lespri sen Jewova ka ede n amelyore kapasite n genyen, se sa k fè nou dwe toujou mande Jewova èd lespri sen l nan lapriyè. — Lik 11:13.

3. Ki jan nou dwe reyaji si yo ban nou konsèy, petèt san nou pa t mande l?

3 Nou pa dwe fache si yo ban nou konsèy pou n amelyore, menmsi nou pa t mande l (Ekl. 7:9). Menm jan ak Apolòs, aksepte èd yo ban nou avèk imilite epi montre nou rekonesan. Lè n fè sa, nou montre nou aji avèk sajès. — Pwo. 12:15.

4. Ki rezon enpòtan Jezi te bay pou n kontinye pwogrese antanke evanjelizatè?

4 Lè nou fè pwogrè sa glorifye Bondye: Jezi te sèvi ak yon egzanp pou l ankouraje disip li yo pou yo pwogrese antanke minis Bondye. Li te konpare tèt li ak yon pye rezen e li te konpare disip Bondye chwazi pou al nan syèl la ak branch yo. Li te di Papa l pwòpte tout branch k ap bay fwi yon fason ‘pou yo ka bay plis fwi’. (Jan 15:2.) Menm jan mèt yon jaden rezen vle pou branch pye rezen l yo bay plis fwi, se menm jan an tou Jewova vle pou n kontinye amelyore kapasite nou genyen pou n pwodui fwi grasa “pawòl k ap sot nan bouch nou”. (Ebre 13:15.) Ki bon rezilta n ap jwenn lè nou fè pwogrè antanke evanjelizatè? Men repons Jezi ban nou: “Papa m jwenn glwa lè nou kontinye bay anpil fwi.” — Jan 15:8.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje