Kantik 37
Se Bondye ki enspire Ekriti yo
Édition imprimée
1. Pawòl la se yon limyè
K’ap klere sou tout latè.
Si’n rive suiv li fidèlman,
N’ap gen lajwa, n’ap lib vrèman.
2. Pawòl sa’ ki enspire
Anseye’n sa Bondye vle.
Li ede nou gen disiplin,
E konsa, nou ranje lavi’n.
3. Ekriti yo fè’n konnen
Gwo lanmou Bondye genyen.
Si nou pran tan pou nou li yo,
N’ap ka jwenn lavi kòm kado.
(Gade tou Sòm 119:105; Pwo. 4:13.)