BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • bt chap. 1 p. 6-12
  • “Ale, epi fè disip”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • “Ale, epi fè disip”
  • ‘Bay yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a’
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Yon misyon ki pa piti
  • Yon ti koudèy sou liv Travay la
  • Yon liv k ap ede nou etidye Bib la
  • “Rive jis nan zòn ki pi lwen sou tè a”
    ‘Bay yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a’
  • Pwen enteresan ki nan liv Travay la
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • ‘Bay yon temwanyaj konplè’
    ‘Bay yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a’
  • Travay 1:8 — “N’a resevwa yon pouvwa”
    Esplikasyon sou kèk vèsè
Gade plis
‘Bay yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a’
bt chap. 1 p. 6-12

CHAPIT 1

“Ale, epi fè disip”

Yon ti koudèy sou liv Travay apot yo e sou rapò li genyen ak epòk nou an

1-6. Bay yon eksperyans ki montre Temwen Jewova yo preche nan divès kalite sitiyasyon.

REBECCA, yon tifi ki Temwen Jewova k ap viv Gana, konsidere lekòl li kòm tèritwa pa l pou l preche. Li toujou gen piblikasyon ki baze sou Bib la nan valiz lekòl li. Pandan rekreyasyon, li chèche okazyon pou l bay elèv ki nan lekòl li yo temwayaj. Konsa, Rebecca kòmanse etidye Labib ak plizyè elèv nan klas li a.

2 Sou zile Madagaska, ki nan pati lès kontinan afriken an, gen de pyonye ki fè 25 kilomèt ap mache regilyèman anba solèy cho pou y al nan yon ti bouk ki byen lwen. Y ap etidye Labib ak plizyè moun ki enterese nan ti bouk sa a.

3 Plizyè Temwen Jewova nan peyi Paragwe ansanm ak kèk frè ak sè ki soti nan 15 lòt peyi travay ansanm pou yo konstwi yon bato, nan objektif pou y al preche moun k ap viv bò flèv Paragwe ak flèv Parana. Bato yo konstwi a ase gwo pou 12 moun viv ladan l. Konsa, pwoklamatè Wayòm sa yo ki zele rive gaye bon nouvèl la nan yon seri zòn yo pa t ap ka rive san bato.

4 Byen fon nan nò Alaska, Temwen Jewova yo pwofite posiblite san parèy yo genyen nan sezon ete pou yo preche pakèt touris ki vin nan peyi a. Lè tan an cho, bato kwazyè yo debake nan zòn nan ak yon pakèt moun ladan yo ki soti nan plizyè peyi, e Temwen Jewova nan zòn nan al sou waf la ak anpil bèl piblikasyon ki baze sou Bib la nan yon pakèt lang. Nan menm zòn sa a, gen yon avyon ki pèmèt frè yo rive nan ti bouk ki izole yo pou yo ka preche bon nouvèl la pami moun, tankou alewout yo, atapaskan yo, simchyan yo ak tlingit yo.

5 Larry, k ap viv Tegzas, Ozetazini, gen yon tèritwa espesyal: mezon retrèt li ye a, kote yo pran swen granmoun ak moun ki andikape. Byenke li sou yon chèz woulant akoz yon aksidan li te fè, li rete aktif antanke Temwen Jewova. Li pataje mesaj Wayòm nan ak lòt moun, e li fè yo konnen, selon Bib la, li gen esperans pou l mache ankò lè Wayòm Bondye a ap dirije tè a. — Eza. 35:5, 6.

6 Gen yon gwoup Temwen ki soti Manndele ki fè twa jou nan bato pou y al asiste yon asanble nan nò Myanma. Lefètke yo vle preche bon nouvèl la, yo mache ak piblikasyon ki baze sou Bib la e yo bay lòt pasaje ki nan bato a piblikasyon. Chak fwa bato a fè eskal nan yon vil oswa nan yon ti bouk, pwoklamatè sa yo ki zele desann bato a e yo siyonnen zòn nan byen rapid pou yo bay moun yo piblikasyon. Antretan, gen lòt pasaje ki vin monte nan bato a, e konsa, lè pwoklamatè yo tounen nan bato a, yo jwenn “yon tèritwa tounèf” pou yo preche.

7. Ki jan sèvitè Jewova yo bay temwayaj sou Wayòm li an, e ki objektif yo genyen?

7 Jan egzanp frè ak sè sa yo montre sa, toupatou sou tè a, sèvitè Jewova yo ki zele ‘bay yon temwayaj konplè sou Wayòm li an’. (Tra. 28:23.) Yo preche moun yo kay an kay, yo preche yo nan lari, yo ekri yo lèt e yo pale avèk yo nan telefòn. Kit yo nan transpò piblik, kit y ap mache sou yon plas piblik oswa y ap pran yon ti poz nan travay yo, yo pa sispann chèche okazyon pou yo bay temwayaj sou Wayòm Bondye a. Metòd yo itilize yo ka chanje, men se toujou menm objektif la yo genyen: preche bon nouvèl la kèlkeswa kote yo jwenn moun. — Mat. 10:11.

8, 9. a) Poukisa nou ka di se yon mirak sa ye lefètke travay predikasyon Wayòm nan gaye sou tout tè a? b) Ki kesyon enpòtan li bon pou nou egzamine, e ki sa nou dwe fè pou n jwenn repons kesyon sa a?

8 Ou menm k ap li liv sa a kounye a, èske w fè pati gwo foul pwoklamatè Wayòm sa yo k ap preche avèk zèl nan plis pase 235 peyi? Si w se youn ladan yo, konnen w jwe wòl pa w nan fè travay predikasyon Wayòm nan gaye konsa sou tout tè a. Rezilta nou jwenn nan travay sa a nan lemonnantye jodi a se vrèman yon mirak! Malgre gwo pwoblèm nou rankontre antanke Temwen Jewova, malgre gwo defi nou jwenn, tankou entèdiksyon gouvènman ak pèsekisyon dirèk, nou bay moun nan tout nasyon yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a.

9 Men yon kesyon enpòtan li bon pou nou egzamine: Poukisa pa gen okenn pwoblèm, menm opozisyon Satan, ki ka rive kanpe travay predikasyon Wayòm nan? Pou nou reponn kesyon sa a, nou bezwen fè yon ti bak nan premye syèk epòk nou an. Paske, an reyalite, nou menm ki Temwen Jewova jodi a se kontinye n ap kontinye travay ki te kòmanse nan premye syèk la.

Yon misyon ki pa piti

10. Nan ki travay Jezi te bay tout li menm, e ki sa l te konnen konsènan travay sa a?

10 Jezi Kris, Moun ki te fonde kongregasyon kretyen an, te bay tout li menm nan travay preche bon nouvèl konsènan Wayòm Bondye a. Se travay sa a ki te pi enpòtan nan lavi l. Men sa l te di yon lè: “Mwen dwe al anonse bon nouvèl Wayòm Bondye a nan lòt vil yo tou, paske se pou sa Bondye te voye m.” (Lik 4:43). Jezi te konnen travay sa a li te kòmanse a se yon travay li pa t ap ka fin fè poukont li. Yon ti tan anvan lanmò l, li te fè konnen y ap gen pou yo preche mesaj Wayòm nan “nan tout nasyon”. (Mak 13:10.) Ki jan travay sa a t apral fèt e kiyès ki t apral fè l?

Jezi k ap pale ak yon foul moun k ap suiv li.

“Ale, epi fè disip pami moun tout nasyon.” — Matye 28:19.

11. Ki gwo misyon Jezi te bay disip li yo, e ki èd yo t ap jwenn pou yo akonpli misyon sa a?

11 Apre Jezi te mouri e l te resisite, li te parèt devan disip li yo, e li te ba yo yon gwo misyon. Li te di yo: “Kidonk, ale, epi fè disip pami moun tout nasyon. Batize yo nan non Papa a, nan non Pitit la ak nan non lespri sen an. Anseye yo pou yo obeyi tout bagay mwen te ban nou lòd pou nou fè yo. Epi gade! mwen avèk nou toule jou rive jis nan fen sistèm nan.” (Mat. 28:19, 20). Lè l te di “mwen avèk nou” an, li te montre li t ap ede disip li yo nan travay predikasyon an ak nan travay fè disip la. Yo t ap bezwen èd sa a paske Jezi te di yo “tout nasyon ap rayi” yo (Mat. 24:9). Disip yo te ka konte sou yon lòt èd ankò. Anvan Jezi te monte nan syèl la, li te di yo y ap resevwa pisans pa mwayen lespri sen pou yo ka sèvi l temwen “nan zòn ki pi lwen sou tè a”. — Tra. 1:8.

12. Ki kesyon enpòtan li bon pou nou poze, e poukisa li vrèman enpòtan pou nou konnen repons kesyon sa yo?

12 Kounye a, gen kèk kesyon enpòtan li bon pou nou poze: Èske apot Jezi yo ak lòt disip ki t ap viv nan premye syèk la te pran misyon yo a oserye? Èske ti gwoup kretyen sa yo, fi kou gason, te bay yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a menm lè yo te devan gwo pèsekisyon? Èske Jewova, Jezi ak zanj yo te ede yo nan travay fè disip la? Èske yo te jwenn èd lespri sen Jewova? N ap jwenn repons kesyon sa yo ak lòt ankò nan liv Travay la ki nan Bib la. Li vrèman enpòtan pou nou konnen repons kesyon sa yo. Poukisa? Jezi te fè konnen travay sa a li konfye disip li yo t ap kontinye “jis nan fen sistèm nan”. Donk, tout vrè kretyen, nou menm k ap viv nan tan lafen an ladan l tou, gen menm misyon sa a. Se sa k fè, istwa yo rakonte nan liv Travay la enterese nou anpil.

Yon ti koudèy sou liv Travay la

13, 14. a) Kiyès ki te ekri liv Travay la, e ki jan moun sa a te fè jwenn enfòmasyon yo? b) Ki enfòmasyon liv Travay la gen ladan l?

13 Kiyès ki te ekri liv Travay la? Anfèt, nou pa jwenn non moun ki te ekri liv sa a okenn kote nan liv la, men, premye pawòl nou jwenn ladan l yo ede n wè aklè se menm moun ki te ekri Evanjil Lik la ki ekri liv Travay la (Lik 1:1-4; Tra. 1:1, 2). Se sa k fè, depi byen lontan, yo te konsidere Lik, “doktè byenneme a”, ki te yon bon istoryen, kòm moun ki ekri liv Travay la (Kol. 4:14). Istwa Lik rakonte nan liv sa a se bagay ki te pase sou 28 an, soti lè Jezi te monte nan syèl la nan ane 33 epòk nou an pou rive lè Pòl te nan prizon nan vil Wòm nan ane 61 epòk nou an. Nan istwa Lik ap rakonte yo, gende lè li pa di “yo”, li di “nou”, sa montre li te la nan plizyè nan evènman sa yo (Tra. 16:8-10; 20:5; 27:1). Pa gen dout nan sa, Lik, ki te fè rechèch li yo avèk swen, te jwenn anpil enfòmasyon dirèkteman nan men Pòl, Banabas, Filip ak lòt moun li pale de yo nan liv la.

14 Ki enfòmasyon liv Travay la gen ladan l? Nan Evanjil Lik te ekri yon ti tan anvan sa a, li te pale sou sa Jezi te di ak sa l te fè. Men, nan liv Travay la, Lik pale sou sa disip Jezi yo te di ak sa yo te fè. Sa vle di liv Travay la pale sou yon seri moun ki te akonpli yon travay estrawòdinè, byenke lòt moun te konsidere anpil ladan yo kòm “moun ki pa t fè gwo etid e ki pa nan gwo pozisyon”. (Tra. 4:13.) An rezime, istwa nou jwenn nan liv Travay la, ki te ekri anba direksyon Bondye, fè nou konnen ki jan kongregasyon kretyen an te fonde e ki jan l te grandi. Liv Travay la montre nou ki jan kretyen premye syèk yo te preche mesaj Wayòm nan, sètadi ki metòd yo te itilize e ki etadespri yo te genyen (Tra. 4:31; 5:42). Li mete aksan sou wòl lespri sen te jwe nan pèmèt bon nouvèl la gaye toupatou (Tra. 8:29, 39, 40; 13:1-3; 16:6; 18:24, 25). Liv Travay la mete aksan tou sou tèm Bib la, ki gen rapò ak sangtifikasyon non Bondye pa mwayen Wayòm li an Kris ap dirije a, e li montre jan mesaj Wayòm nan rive gaye toupatou malgre gwo opozisyon. — Tra. 8:12; 19:8; 28:30, 31.

15. Ki byenfè n ap jwenn lè nou egzamine liv Travay la?

15 Anfèt, lè nou egzamine liv Travay la, sa ap ban nou kè kontan e sa ap fòtifye lafwa nou. Si nou reflechi sou egzanp premye disip Kris yo ki te zele e ki te gen kran, sa ap touche kè nou. Sa ap pouse nou imite lafwa frè ak sè nou yo ki t ap viv nan premye syèk la. Konsa, n ap pi byen ekipe pou nou akonpli misyon nou genyen pou nou “ale, epi fè disip” la. Yo fè liv sa a w ap li kounye a pou ede w byen etidye liv Travay la.

Yon liv k ap ede nou etidye Bib la

16. Ki twa objektif liv sa a genyen?

16 Ki objektif liv sa a? Liv sa a gen twa objektif: 1) ede n gen plis konviksyon Jewova sèvi ak lespri sen l pou l ede nou nan travay predikasyon Wayòm nan ak nan travay fè disip la, 2) ede nou vin pi zele nan travay predikasyon an lè nou egzamine egzanp disip Kris yo ki t ap viv nan premye syèk la e 3) fè nou gen plis apresyasyon pou òganizasyon Jewova a e pou moun ki pran latèt nan travay predikasyon an ak nan tout kongregasyon yo.

17, 18. Ki jan yo ranje enfòmasyon yo nan liv sa a, e ki bagay li gen ladan l k ap itil nou anpil nan etid pèsonèl n ap fè nan Bib la?

17 Ki jan yo ranje enfòmasyon yo nan liv sa a? N ap wè li gen uit pati, chak pati pale sou yon pòsyon nan liv Travay la. Nan chapit ki apre yo, yo pap egzamine liv Travay la vèsè pa vèsè, men pito, y ap ede nou tire leson nan istwa yo rakonte yo e y ap ede nou wè fason nou chak ka aplike pwen nou aprann yo. Nan kòmansman chak chapit, n ap wè yon ti fraz ki bay sijè nou pral devlope nan chapit la, e n ap wè ki pòsyon nan liv Travay la nou pral egzamine.

18 Gen lòt bagay nan liv sa a k ap itil nou anpil nan etid pèsonèl n ap fè nan Bib la. Gen bèl foto ki montre yon seri evènman enteresan ki gen nan liv Travay la. Konsa, lè n ap reflechi sou istwa yo, foto sa yo ap ede nou viv sa k te pase a. Nan anpil chapit, n ap jwenn yon seri kare ki bay lòt enfòmasyon k ap itil nou anpil. Gen kèk kare ki bay enfòmasyon sou pèsonaj nan Bib la ki merite pou nou imite yo poutèt lafwa yo te genyen. Gen lòt ki bay enfòmasyon sou kèk zòn, sou kèk evènman ki te pase, sou kilti kèk pèp oswa ki bay enfòmasyon sou lòt pèsonaj nan liv Travay la.

Yon frè k ap montre yon koup kote y ap preche nan yon tèritwa yo asiyen yo.

Preche tèritwa w la, fè sa san pèdi tan!

19. Ki sa w ta dwe fè detanzantan?

19 Liv sa a ka ede w byen egzamine tèt ou. Kèlkeswa kantite tan w genyen depi w se pwoklamatè Wayòm nan, detanzantan, li bon pou w egzamine priyorite w nan lavi a e pou w egzamine etadespri w parapò ak travay predikasyon an (2 Kor. 13:5). Mande tèt ou: ‘Èske m patisipe nan travay predikasyon an yon fason ki montre mwen konsyan travay sa a dwe fèt san pèdi tan (1 Kor. 7:29-31)? Èske m montre m zele nan preche bon nouvèl la, e èske m fè sa avèk konviksyon (1 Tes. 1:5, 6)? Èske m fè tout sa m kapab nan travay predikasyon an ak nan travay fè disip la?’ — Kol. 3:23.

20, 21. Poukisa nou dwe akonpli misyon nou an san pèdi tan, e ki detèminasyon nou ta dwe genyen?

20 Annou toujou sonje nou gen yon misyon pou nou akonpli, yon travay enpòtan pou nou fè, se preche epi fè disip. Chak jou ki pase, misyon sa a vin pi ijan. Fen sistèm sa a ap pwoche rapid rapid. Nan tout listwa, pa t janm gen lavi tout moun sa yo ki an danje! Nou pa konnen konbyen moun toujou ki nan bon dispozisyon pou yo aksepte mesaj n ap preche a (Tra. 13:48). Men, nou gen responsablite pou nou ede moun sa yo anvan l twò ta. — 1 Tim. 4:16.

21 Kidonk, li vrèman enpòtan pou nou imite egzanp moun nan premye syèk la ki te preche mesaj Wayòm nan avèk zèl. Nou swete pou nou byen etidye liv sa a, pou sa pouse nou vin pi zele nan travay predikasyon an e pou sa fè nou gen plis kran. Mete sou sa, nou swete n ap vin gen plis detèminasyon toujou pou nou kontinye ‘bay yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a’. — Tra. 28:23.

KÈK DAT ENPÒTAN NAN DEVLOPMAN KRISYANIS LA NAN PREMYE SYÈK EPÒK NOU AN

  1. 33

    Jezi resisite

    Jezi bay disip li yo misyon pou yo fè disip

    Lespri sen desann sou disip yo nan jou Pannkòt la

    Kongregasyon kretyen an fonde

  2. Ozanviwon 33-34

    Yo touye Etyèn pou lafwa l

    Etyopyen an batize

  3. Ozanviwon 34

    Sòl, moun Tas, konvèti

  4. Ozanviwon 34-36

    Sòl preche nan Damas

  5. Ozanviwon 36

    Pòl vizite Jerizalèm pou premye fwa antanke disip Kris

    Pòl vizite Pyè nan Jerizalèm (Gal. 1:18)

  6. 36

    Kònèy konvèti

    Premye moun lòt nasyon yo vin kretyen

  7. Ozanviwon 41

    Matye ekri Evanjil li a

    Pòl fè vizyon konsènan “twazyèm syèl” la (2 Kor. 12:2)

  8. Ozanviwon 44

    Agabis fè konnen pral gen yon gwo grangou

    Yo touye Jak (pitit Zebede)

    Yo met Pyè nan prizon; yon zanj Bondye delivre l

  9. 44

    Ewòd Agripa Iye mouri

  10. Ozanviwon 46

    Gwo grangou yo te anonse a rive

    Pòl pote sekou pou kretyen nan Jerizalèm yo

  11. Ozanviwon 47-48

    Pòl fè premye vwayaj li kòm misyonè

  12. Ozanviwon 49

    Pwoblèm sikonsizyon an nan Antyòch

    Reyinyon nan Jerizalèm

    Pòl korije Pyè (Gal. 2:11-14)

  13. Ozanviwon 49-52

    Pòl fè dezyèm vwayaj li kòm misyonè

    Banabas ak Mak preche nan Chip

  14. Ozanviwon 49-50

    Klod met Juif yo deyò nan Wòm

  15. Ozanviwon 50

    Lik al jwenn Pòl Twowas

    Pòl fè vizyon konsènan mesye Masedwàn nan

    Pòl al Filip

    Kongregasyon Filip la pran nesans

    Kongregasyon Tesalonik la pran nesans

    Pòl vizite Atèn

  16. Ozanviwon 50-52

    Pòl vizite Korent

    Pòl ekri liv 1 Tesalonisyen an

    Pòl ekri liv Galat la

  17. Ozanviwon 51

    Pòl ekri liv 2 Tesalonisyen an

  18. Ozanviwon 52-56

    Pòl fè twazyèm vwayaj li kòm misyonè

  19. Ozanviwon 52-55

    Pòl vizite Efèz

  20. Ozanviwon 55

    Pòl ekri liv 1 Korentyen an

    Pòl voye Tit Korent

    Pòl ekri liv 2 Korentyen an

  21. Ozanviwon 56

    Pòl ekri liv Women an

    Pòl resisite Etich nan Twowas

    Pòl ak Lik ret ak Filip nan Sezare

    Yo arete Pòl Jerizalèm

  22. Ozanviwon 56-58

    Pòl nan prizon nan Sezare

    Lik ekri Evanjil li a

  23. Ozanviwon 58

    Festis ranplase Feliks

  24. 58

    Pòl parèt devan Ewòd Agripa II

  25. Ozanviwon 59-61

    Pòl pran prizon pou premye fwa nan Wòm

  26. Ozanviwon 60-61

    Pòl ekri liv Kolosyen an

    Pòl ekri liv Efezyen an

    Pòl ekri liv Filemon an

    Pòl ekri liv Filipyen an

  27. Ozanviwon 60-65

    Mak ekri Evanjil li a

  28. Ozanviwon 61

    Lik ekri liv Travay la

    Pòl ekri liv Ebre a

  29. Ozanviwon 61-64

    Pòl ekri liv 1 Timote a

    Pòl kite Tit nan Krèt (Tit 1:5)

    Pòl ekri liv Tit la

  30. Anvan 62

    Jak ekri liv Jak la

  31. Ozanviwon 62-64

    Pyè ekri liv 1 Pyè a

  32. Ozanviwon 64

    Pyè ekri liv 2 Pyè a

  33. Ozanviwon 65

    Pòl pran prizon pou dezyèm fwa nan Wòm

    Pòl ekri liv 2 Timote a

    Tit al Dalmasi (2 Tim. 4:10)

    Yo touye Pòl

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje