Kantik 97
Annavan, nou menm k ap preche Wayòm nan!
1. Ann kontinye preche Wayòm nan
Pou tout moun kapab tande.
Si nou gen lanmou pou pwochen nou,
Moun enb yo n’ap ka ede.
Sèvi Jewova se yon onè,
Nou kontan preche Wayòm nan.
Ann kontinye preche toupatou
Pou’n fè konn non Bondye nou an.
(REFREN)
Annou ale preche
mesaj Wayòm nan toujou pi lwen.
Ann ret fidèl ak Bondye chak jou
san nou pa janm brannen.
2. Se pou’n kontinye sèvi Bondye!
Fikse je’n sou pwomès la.
Ann suiv tras Jezi Kris, ki Mèt nou,
Ak tout kè nou, pazapa.
Tout moun dwe tande bon nouvèl la:
Wayòm nan pral pote chanjman!
N’ap preche grasa fòs Bondye bay,
Jewova avè’n, nou konfyan!
(REFREN)
Annou ale preche
mesaj Wayòm nan toujou pi lwen.
Ann ret fidèl ak Bondye chak jou
san nou pa janm brannen.
3. Ansanm, ann kontinye avanse,
Kretyen wen ak lòt mouton.
Granmoun, jèn gason avèk jèn fi,
Nou la nan predikasyon.
Nou renmen sèvis sakre nou an,
Nou pap kite’l vin yon woutin.
N’ap pwouve Bondye nou vrèman diy
Lè’n koute’l chak jou nan lavi’n.
(REFREN)
Annou ale preche
mesaj Wayòm nan toujou pi lwen.
Ann ret fidèl ak Bondye chak jou
san nou pa janm brannen.
(Gade tou Sòm 23:4; Tra. 4:29, 31; 1 Pyè 2:21.)