‘Mache selon lafwa, pa mache selon sa nou wè’
Yon ti tan anvan lame te antoure Jerizalèm e anvan yo te detwi vil la, apot Pòl te ekri kretyen yo yon lèt kote li te di yo antanke bon sòlda Kris yo dwe atann y ap jwenn gwo difikilte e yo pa dwe bay konfò ak plezi priyorite nan lavi yo (2 Tim. 2:3, 4). Pou malè ki gen pou frape monn sa a ki pa gen respè pou Bondye, nou bezwen gen yon lafwa solid pou nou ka rete konsantre sou bagay espirityèl yo (2 Kor. 4:18; 5:7). Gade videyo ki gen tit ‘Mache selon lafwa, pa mache selon sa nou wè’ (fransè). (Ale sou jw.org/ht, epi gade nan antre PIBLIKASYON > VIDEYO.) Remake jan Naham ak Abital te pran nan yon pyèj ki te koute yo lavi paske yo te twò atache ak bagay materyèl. Apre sa, reponn kesyon ki vin apre yo.
1) Ki sa “bagay ki bay repiyans ki [...] kanpe yon kote ki sen” an te ye nan premye syèk la? E ki gwo desizyon kretyen ki t ap viv Jerizalèm yo te bezwen pran san pèdi tan (Mat. 24:15, 16)? 2) Poukisa sa te mande lafwa pou kretyen yo te kouri al nan mòn? 3) Ki sakrifis sa te mande pou yo fè lefètke yo te dwe kouri? 4) Poukisa Naham ak Abital t ap pèdi tan? (Mat. 24:17, 18) 5) Ki lòt pwoblèm Rachèl te rankontre ki te mete lafwa l anba eprèv lè l t ap kite Jerizalèm (Mat. 10:34-37; Mak 10:29, 30)? 6) Nan ki sans Etàn kite yon bèl egzanp pou nou nan domèn lafwa ak konfyans nan Jewova? 7) Ki difikilte kretyen yo te jwenn nan vil Pela? 8) Sa k fè lafwa Naham ak Abital te vin febli tikras pa tikras? 9) Ki jan Jewova te pran swen kretyen ki te nan vil Pela yo (Mat. 6:33; 1 Tim. 6:6-8)? 10) Kòman nou ka imite Abraram ak Sara pandan n ap avanse nan fen sistèm sa a (Ebre 11:8-10)? 11) Kòman Naham ak Abital te rive konvenk tèt yo pou yo retounen Jerizalèm, e poukisa fason yo te panse a pa t bon (Lik 21:21)? 12) Ki jan lavi a te ye nan vil Jerizalèm lè Naham ak Abital te retounen? 13) Poukisa nou dwe fòtifye lafwa nou kounye a anvan lafen sistèm nan rive? — Lik 17:31, 32; 21:34-36.
Mache selon lafwa vle di 1) mete konfyans nou nan direksyon Jewova ban nou, 2) kite enstriksyon Jewova ban nou dirije pa nou, epi 3) montre nou bay bagay espirityèl yo plis valè pase bagay materyèl yo. Se pou nou pran detèminasyon pou nou toujou mache selon lafwa, pou nou kwè “se pase monn nan ap pase, e dezi li genyen ap pase tou, men moun ki fè volonte Bondye ap rete pou toutan”. — 1 Jan 2:17.