Kantik 147
Yon byen espesyal
Bondye tabli yon nasyon:
Yon gwoup moun ki gen favè’l.
Li achte yo sou tè a,
E yo pral viv nan syèl.
(REFREN)
Se yon byen espesyal,
E se yon pèp ki renmen’w.
Yo pot non’w, y’ap ba’w glwa,
Yo fè yon sèl pou fè moun konnen’w.
Yo se yon nasyon ki sen,
Ki byen manyen pawòl la.
Bondye fè yo jwenn limyè’l,
Donk, yo pa nan fènwa.
(REFREN)
Se yon byen espesyal,
E se yon pèp ki renmen’w.
Yo pot non’w, y’ap ba’w glwa,
Yo fè yon sèl pou fè moun konnen’w.
Yo fidèl nan misyon yo:
Mouton yo, y’ap rasanble.
Yo byen suiv Timouton an,
Yo fè sa li mande.
(REFREN)
Se yon byen espesyal,
E se yon pèp ki renmen’w.
Yo pot non’w, y’ap ba’w glwa,
Yo fè yon sèl pou fè moun konnen’w.
(Gade tou Eza. 43:20b, 21; Mal. 3:17; Kol. 1:13.)