BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • fg leson 13 kesyon 1-4
  • Ki bon nouvèl ki genyen konsènan relijyon?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki bon nouvèl ki genyen konsènan relijyon?
  • Bon nouvèl Bondye bay la!
  • Sou menm sijè a
  • Ki jan fo relijyon fè moun mal wè Bondye?
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Rete lwen fo adorasyon !
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
  • Lafen fo relijyon an toupre !
    Lafen fo relijyon an toupre!
  • Adorasyon Bondye apwouve
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
Gade plis
Bon nouvèl Bondye bay la!
fg leson 13 kesyon 1-4

LESON 13

Ki bon nouvèl ki genyen konsènan relijyon?

1. Èske tout relijyon bon?

Yon mesye k ap li Bib la.

Nan tout relijyon gen moun ki sensè. Se yon bon nouvèl pou nou konnen Bondye wè moun ki sensè yo e li gen sousi pou yo. Malerezman, gen moun ki sèvi ak relijyon pou yo fè mechanste (2 Korentyen 4:3, 4; 11:13-15). Selon sa ki rapòte nan nouvèl, gen kèk relijyon ki menm rive enplike nan zak teworis, nan masak, nan lagè ak nan abi seksyèl sou timoun. Ala sa dwe fè moun sensè ki kwè nan Bondye yo lapenn! — Li Matye 24:3-5, 11, 12.

Vrè relijyon an bay Bondye glwa, alòske fo relijyon an pa fè l plezi. Fo relijyon an anseye yon seri ide ki pa nan Bib la, sa gen ladan l fo ansèyman sou Bondye ak sou mò yo. Men, Jewova vle pou moun yo konnen laverite sou li. — Li Ezekyèl 18:4; 1 Timote 2:3-5.

2. Ki bon nouvèl ki genyen konsènan relijyon?

Erezman, Bondye pa pran nan blòf relijyon ki fè konprann yo renmen l yo, alòske an reyalite se monn Satan an yo renmen (Jak 4:4). Pawòl Bondye a rele tout fo relijyon yo “Gran Babilòn nan”. Babilòn se te ansyen vil kote fo relijyon te kòmanse apre delij la ki te fèt nan epòk Noye a. Talè konsa, sanzatann, Bondye pral elimine relijyon k ap twonpe lèzòm e k ap toupizi yo. — Li Revelasyon 17:1, 2, 5, 16, 17; 18:8.

Gen yon lòt bon nouvèl. Jewova pa bliye moun ki sensè ki gaye nan fo relijyon toupatou sou tè a. Li ini moun sa yo grasa laverite li anseye yo. — Li Miche 4:2, 5.

3. Ki sa moun ki sensè yo ta dwe fè?

Moun k ap pale youn ak lòt apre yon reyinyon.

Vrè relijyon an ini moun.

Jewova gen sousi pou moun ki renmen sa ki verite ak sa ki bon. Li mande yo pou yo kite fo relijyon. Moun ki renmen Bondye yo dispoze fè chanjman pou yo fè l plezi. — Li Revelasyon 18:4.

Nan premye syèk la, lè moun ki sensè yo te tande bon nouvèl apot yo t ap preche a, yo te reyaji ak kè kontan. Jewova te anseye yo yon nouvo fason pou yo viv ki te ba yo kè kontan, e yo te vin gen yon objektif ak yon esperans. Yo se bon egzanp pou nou jodi a paske lè yo te tande bon nouvèl la, yo te byen reyaji, yo te mete Jewova an premye nan lavi yo. — Li 1 Tesalonisyen 1:8, 9; 2:13.

Moun ki vire do bay fo relijyon an, Jewova akeyi yo pami adoratè l yo ki fòme yon fanmi. Si w aksepte bèl envitasyon Jewova fè w la, w ap vin zanmi l, moun k ap adore Jewova ansanm avè w yo ap vin tounen yon nouvo fanmi pou ou ki renmen w, e w ap jwenn lavi ki pap janm fini an. — Li Mak 10:29, 30; 2 Korentyen 6:17, 18.

4. Ki jan Bondye pral fè moun tout peyi gen kè kontan?

Jijman fo relijyon an ki pral fèt la se yon bon nouvèl. Li pral pote soulajman toupatou sou tè a pou moun y ap toupizi yo. Fo relijyon pap janm twonpe lèzòm ankò e li pap janm divize yo ankò. Tout moun pral ini nan adorasyon sèl vrè Dye a. — Li Revelasyon 18:20, 21; 21:3, 4.

Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade chapit 15 ak 16 nan liv Ki sa Labib kapab anseye nou? an.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje