BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w14 1/1 p. 6-7
  • Lanmò pa mete fen nan tout bagay!

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Lanmò pa mete fen nan tout bagay!
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • “SI YON MOUN MOURI, ÈSKE L KA REVIV?”
  • KI LÈ MÒ YO PRAL LEVE?
  • Espwa ki gen pou mò se rezirèksyon
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Yon espwa reyèl pou moun pa nou yo ki mouri
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
  • Ki sa k rive lè yon moun mouri?
    Koute gran Anseyan an
  • Yon sèl remèd la !
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
w14 1/1 p. 6-7
Jezi te resisite Laza e li te rele l pou l soti nan tonm yo te antere l la.

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | ÈSKE LANMÒ METE FEN NAN TOUT BAGAY?

Lanmò pa mete fen nan tout bagay!

Betani se te yon ti vil ki nan yon distans twa kilomèt parapò ak Jerizalèm (Jan 11:18). Kèk semèn anvan Jezi mouri, te gen yon trajedi ki rive nan yon fanmi nan ti vil sa a. Laza, youn nan bon zanmi Jezi yo, te tonbe malad grav sanzatann epi l te mouri.

Lè Jezi te fèk tande nouvèl la, li te di disip li yo Laza ap dòmi e li pral reveye l (Jan 11:11). Men disip Jezi yo pa t konprann sa l te vle di. Se sa k fè, Jezi te di yo aklè: “Laza mouri.” — Jan 11:14.

Jezi te rive Betani kat jou apre antèman an, e li t ap chèche rekonfòte Mat, yon sè defen an. Mat te di l: “Si w te la, frè m nan pa t ap mouri non.” ​(Jan 11:17, 21). Jezi te reponn li: “Mwen se rezirèksyon an e mwen se lavi a. Yon moun ki demontre lafwa nan mwen, menmsi l mouri, l ap vin gen lavi ankò.” — Jan 11:25.

“Laza, soti deyò!”

Pou Jezi te montre pawòl li te di yo se laverite, li ale bò tonm nan epi li rele byen fò: “Laza, soti deyò!” ​(Jan 11:43). Se pa ti sezi moun ki t ap gade yo te sezi lè yo wè Laza soti deyò!

Anvan sa, Jezi te gentan fè omwen de rezirèksyon. Nan yon okazyon, li te leve yon tifi ki te mouri, se te pitit fi Jayiris. Yon ti tan anvan Jezi te resisite l, li te pale de tifi a kòmsi l t ap dòmi tou. — Lik 8:52.

N ap remake ni nan ka Laza ni nan ka pitit fi Jayiris la, Jezi te konpare lanmò ak somèy. Se yon konparezon ki byen tonbe. Poukisa? Lè yon moun ap dòmi li pa konn anyen e imaj sa a byen apwopriye pou n pale de soulajman yon moun jwenn anba doulè ak soufrans li te ye (Eklezyas 9:5; gade kare ki gen tit: “Lanmò tankou yon pwofon somèy”.) Premye disip Jezi yo te byen konprann nan ki kondisyon moun ki mouri yo ye. Men sa yon ansiklopedi fè konnen: “Pou disip Jezi yo, lanmò te tankou yon somèy e tonm nan te tankou yon kote moun ki mouri ki te gen lafwa yo al repozea.” — Encyclopedia of Religion and Ethics.

Sa rekonfòtan pou n konnen se dòmi mò yo ap dòmi nan tonm e yo pap soufri. Nan sans sa a, lanmò pa yon mistè pou nou e nou pa bezwen pè lanmò ankò.

“SI YON MOUN MOURI, ÈSKE L KA REVIV?”

Byenke nou apresye yon bon nuit repo, ki moun ki ta renmen dòmi nètale? Ki espwa nou genyen ki fè n kwè mò k ap dòmi nan tonm yo pral retounen viv ankò jan sa te rive nan ka Laza ak pitit fi Jayiris la?

Lè Jòb, yon patriyach, te santi l prèt pou l mouri, li te poze kesyon enpòtan sa a: “Si yon moun mouri, èske l ka reviv?” — Jòb 14:14, NW.

Lè sa a, Jòb t ap pale ak Bondye Toupisan an. Jòb te reponn pwòp kesyon li te poze a lè l te di: “Ou ta rele m, mwen ta reponn ou. Ou ta kontan wè sa ou te fè ak men ou lan.” ​(Jòb 14:15). Jòb te sèten Jewova anvi wè jou a rive kote li pral resisite sèvitè fidèl li a. Èske sa Jòb te swete a se te yon bagay ki enposib? Pa ditou.

Rezirèksyon Jezi te fè yo se prèv klè ki montre Bondye bay Jezi pouvwa sou lanmò. Anfèt, Bib la di Jezi gen “kle lanmò a” kounye a (Revelasyon 1:18). Kidonk, Jezi pral ouvri pòt tonm yo menm jan li te bay lòd pou yo woule wòch ki te devan tonm Laza a.

Byen souvan, Bib la pale de pwomès rezirèksyon an. Men asirans yon zanj te bay pwofèt Dànyèl: “W ap repoze w, men w ap leve pou w jwenn lo pa w nan fen jou yo.” ​(Dànyèl 12:13, NW). Konsènan Sadiseyen yo, yon seri chèf relijye juif ki pa t kwè nan pwomès rezirèksyon an, men sa Jezi te di: “Nou nan erè, paske nou pa konnen ni Ekriti yo, ni pisans Bondye.” ​(Matye 22:23, 29). Apot Pòl te di: “Men espwa mwen gen nan Bondye [...] pral gen yon rezirèksyon ni pou moun ki jis, ni pou moun ki enjis.” — Travay 24:15.

KI LÈ MÒ YO PRAL LEVE?

Ki lè rezirèksyon moun ki jis ak moun ki enjis yo ap fèt? Zanj lan te di Dànyèl, yon moun ki jis, l ap leve “nan fen jou yo”. Menm jan an tou, Mat te kwè Laza, frè l la, t ap “leve nan rezirèksyon k ap fèt nan dènye jou a”. — Jan 11:24.

Bib la montre gen yon rapò ant “dènye jou” sa a ak dominasyon Wayòm Kris la. Men sa Pòl te ekri: “Li [Kris] dwe gouvène antanke wa jiskaske Bondye mete tout ènmi yo anba pye l. Dènye ènmi li gen pou l elimine a se lanmò.” ​(1 Korentyen 15:25, 26). Se yon rezon enpòtan ki fè nou dwe priye pou Wayòm Bondye a vini e pou volonte Bondye fèt sou tè ab.

Volonte Bondye se pou l resisite mò yo e Jòb te byen konn sa. Lè jou sa a rive, Bondye pral elimine lanmò. Lè sa a, pap janm gen okenn moun ki pral mande: ‘Èske lanmò mete fen nan tout bagay?’

a Mo anglè lè yo tradui l ki bay “simityè” a soti nan yon mo grèk ki vle di “kote moun ap dòmi”.

b Pou w ka jwenn plis enfòmasyon sou Wayòm Bondye a, gade chapit 8 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Se Temwen Jewova ki pibliye l.

Lanmò tankou yon pwofon somèy

  • “Fè limyè klere nan je m, pou m ka pa dòmi nan lanmò.” — Sòm 13:3, NW.

  • “‘Laza, zanmi nou an, ap dòmi, men, mwen pral lòtbò a pou m reveye l.’ Lè sa a, disip yo di l: ‘Seyè, si se dòmi l ap dòmi, l ap refè.’ Poutan, Jezi t ap pale de lanmò Laza.” — Jan 11:11-13.

  • “David te fè volonte Bondye nan jenerasyon pa l la, [apre sa] li te dòmi nan lanmò.” — Travay 13:36.

  • “Kris leve sot nan lanmò, li menm ki resisite an premye pami moun k ap dòmi nan lanmò yo.” — 1 Korentyen 15:20.

  • “Nou pa vle pou nou rete san n pa konn anyen konsènan moun k ap dòmi nan lanmò yo, dekwa pou nou pa nan lapenn menm jan ak lòt moun yo ki pa gen esperans.” — 1 Tesalonisyen 4:13.

Mò yo pral leve

  • “Moun pa ou yo ki te mouri pral leve vivan ankò. Kadav yo pral leve mache! [Y ap] chante ak kè kontan.” — Ezayi 26:19.

  • “Anpil nan moun ki te mouri deja yo pral leve vivan ankò.” — Danyèl 12:2.

  • “Lè a ap rive kote tout moun ki nan tonm yo pral tande vwa l, e y ap soti.” — Jan 5:28, 29.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje