BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • be leson 44 p. 236-p. 239 par. 4
  • Byen sèvi ak kesyon

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Byen sèvi ak kesyon
  • Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Sou menm sijè a
  • Sèvi ak kesyon
    Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
  • Chèche vin pi maton nan travay predikasyon an: Byen sèvi ak kesyon
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2018
  • Ann imite Gran Anseyan an
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2002
  • Èske w kite Jewova poze w kesyon?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
Gade plis
Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
be leson 44 p. 236-p. 239 par. 4

LESON 44

Byen sèvi ak kesyon

Ki sa pou w fè?

Sèvi ak kesyon yon fason k ap pèmèt ou jwenn rezilta w ta renmen jwenn nan. Ou ka gen objektif pou moun yo reponn awotvwa oswa pou yo reponn nan kè yo. Pou w jwenn bon rezilta lè w ap itilize kesyon, ou dwe veye ki kesyon w ap poze e ki fason w ap poze yo.

Poukisa sa enpòtan?

Lè w poze bon kesyon, sa ede moun k ap koute w yo santi sa w ap di yo konsène yo. Yon lòt bò, repons moun yo bay pou bonjan kesyon yon anseyan poze ka aprann anseyan an anpil bagay.

PISKE kesyon yo mande pou moun k ap koute yo bay yon repons, swa awotvwa, swa nan kè yo, yo ede moun k ap koute yo konsantre sou sa w ap di yo. Kesyon yo ka ede w kòmanse konvèsasyon ak lòt moun e yo ka ede w fè yon konvèsasyon ki ankourajan. Antanke oratè e antanke anseyan, ou ka sèvi ak kesyon pou w fè moun yo plis enterese nan sa w ap di yo, pou w ede yon moun rezone sou yon sijè oswa pou w mete aksan sou sa w ap di yo. Lè w byen sèvi ak kesyon, ou ankouraje lòt moun pou yo reflechi sou sa w ap di yo olye pou yo annik rete ap koute. Se pou w gen yon objektif lè w ap poze kesyon yo, e poze yo yon fason k ap ede w atenn objektif sa a.

Pou w ankouraje moun pale. Lè w ap preche, veye okazyon w genyen pou w fè moun yo di sa yo panse, si yo vle pale.

Anpil Temwen Jewova kòmanse konvèsasyon ki enteresan ak moun yo lè yo annik mande yo: “Èske w konn mande tèt ou...?” Lè kesyon yo chwazi a se yon kesyon ki deja nan lespri anpil moun, yo prèske sèten y ap pase yon bon moman nan predikasyon. Menm lè se yon kesyon yon moun pa t konn reflechi sou li, li ka anvi konn repons lan. Si w poze moun yo kesyon tankou: “Ki sa w panse de...?”, “Ki jan w santi w lè...?” e “Èske w kwè...?”, sa ka ede w abòde yon pil ak yon pakèt sijè avèk yo.

Lè Filip, evanjelizatè a, te pwoche bò kote yon fonksyonè nan lakou wa Etyopi a ki t ap li pwofesi Izayi a awotvwa, li te annik mande l: “Èske w vrèman konprann sa w ap li a?” ​(Tra. 8:30). Kesyon sa a te bay Filip posiblite pou l esplike fonksyonè a kèk verite ki te konsène Jezi Kris. Gen kèk Temwen jodi a ki poze kesyon ki sanble ak kesyon sa a, e sa pèmèt yo jwenn moun ki swaf pou yo byen konprann verite ki nan Bib la.

Lè w bay moun yo posiblite pou yo di sa yo panse, anpil ladan yo ap plis anvi koute w. Lè w fin poze yon moun yon kesyon, byen koute repons l ap bay. Montre w gen jantiyès lè w ap koute repons li an. Pa kritike sa l di a. Felisite l, depi w ka fè sa ak tout kè w. Yon lè, Jezi te felisite yon espè nan Lalwa ki te “reponn [yon kesyon] avèk sajès”. Li te di l: “Ou pa lwen wayòm Bondye a.” ​(Mak 12:34). Menmsi w pa dakò ak pwennvi moun nan, ou ka di l mèsi paske l di w sa l panse. Sa l di a ka fè w wè yon etadespri li genyen, e l ap bon pou w pran sa an konsiderasyon pandan w ap pataje verite ki nan Bib la avè l.

Pou w vin ak ide ki enpòtan. Lè w ap pale ak yon gwoup moun oswa ak yon sèl moun, eseye sèvi ak kesyon lè w ap vin ak ide ki enpòtan. Asire w kesyon w poze yo gen rapò ak bagay ki enterese moun k ap koute w yo toutbonvre. Ou ka poze kesyon tou k ap fè yo anvi konnen, kesyon kote repons lan pa parèt klè tousuit. Si w pran yon ti poz apre w fin poze yon kesyon, li posib pou moun k ap koute w yo koute sa w pral di apre yo avèk plis atansyon toujou.

Yon lè, pwofèt Mika te poze yon bann kesyon. Apre l te fin mande ki sa Bondye atann de moun k ap adore l yo, li te poze kat lòt kesyon, e yo chak te mande repons. Tout kesyon sa yo te prepare moun k ap li pasaj sa yo pou kokenn repons li t apral bay la (Mika 6:6-8). Èske w ka fè menm jan an lè w ap anseye lòt moun? Eseye fè sa.

Pou w rezone sou yon sijè. Ou ka sèvi ak kesyon pou w ede lòt moun konprann yon rezònman. Jewova te fè sa lè l t ap fè yon gwo deklarasyon konsènan Izrayèl, jan Malaki 1:2-10 montre sa. Toudabò, li te di yo: “Mwen renmen nou.” Men, yo pa t montre yo bay lanmou sa a anpil valè. Li te mande: “Èske Ezayi se pa t frè Jakòb?” Apre sa, Jewova te atire atansyon yo sou Edòm ki te kraze nan moman sa a paske moun ki t ap viv nan peyi sa a te mechan, e sa se te prèv ki montre li pa t renmen nasyon sa a. Li te bay kèk lòt egzanp ankò e li te poze kèk kesyon pou l montre Izrayèl pa t byen reyaji devan lanmou li te demontre li gen pou yo. Gen kèk nan kesyon yo, li te poze yo tankou se prèt enfidèl yo ki t ap pale. Gen lòt, se li menm ki te poze prèt yo kesyon sa yo. Konvèsasyon sa a touche kè nou e li kapte atansyon nou, rezònman an byen chita e moun pa ka bliye mesaj la.

Gen kèk oratè ki byen sèvi ak kesyon menm jan an tou. Byenke yo ka pa atann pou moun k ap koute yo reponn kesyon sa yo awotvwa, moun yo vin konsantre sou sa y ap di yo, tankou se yon konvèsasyon yo t ap fè avèk yo.

Lè n ap kondui etid biblik, nou itilize yon metòd ki ankouraje etidyan yo patisipe nan konvèsasyon an. Natirèlman, l ap pi bon lontan si etidyan an pa annik li repons yo bay nan liv la lè l ap reponn kesyon yo. Avèk yon ton vwa ki janti, sèvi ak lòt kesyon pou w rezone avè l. Lè w rive sou ide ki enpòtan yo, ankouraje l itilize Bib la kòm baz repons l ap bay yo. Ou ka mande l tou: “Ki relasyon pwen sa a nou egzamine la a genyen ak tèl lòt pwen nou te deja etidye? Poukisa pwen sa a enpòtan? Ki enfliyans li ta dwe gen sou lavi nou?” Li pi bon pou w itilize metòd sa a olye pou w di moun nan sa w kwè oswa pou w ba l yon pakèt esplikasyon. Lè w fè sa, w ap ede etidyan an sèvi ak ‘kapasite l genyen pou l rezone’ pou l adore Bondye. — Wom. 12:1.

Si yon etidyan pa konprann yon pwen, pran pasyans avè l. Li ka ap eseye konpare sa w ap di a ak sa li kwè depi anpil ane. Si w abòde sijè a yon lòt jan, sa ka ede l. Pafwa tou, li nesesè pou w fè rezònman ki senp avè l. Sèvi ak Bib la anpil. Ba l kèk egzanp. Men anmenmtan, sèvi ak kesyon ki senp k ap ankouraje l reflechi sou prèv ou ba l yo.

Pou w fè moun yo di sa yo santi toutbonvre. Lè moun yo ap reponn kesyon, yo pa toujou di sa yo santi vre. Yo ka annik bay repons yo panse ou vle tande a. Li nesesè pou w gen disènman (Pwo. 20:5). Menm jan ak Jezi, ou ka mande yo: “Èske w kwè sa?” — Jan 11:26.

Yon lè, te gen anpil nan disip Jezi yo ki te fache pou yon bagay li te di e ki te sispann suiv li, Jezi te ankouraje apot li yo di sa yo santi. Li te mande yo: “Nou menm, nou pa vle ale tou?” Pyè te fè konnen sa yo santi lè l te di l: “Seyè, kiyès pou n al jwenn? Se ou menm ki gen pawòl k ap mennen nan lavi ki pap janm fini an. E nonsèlman nou kwè, men nou vin konnen tou se ou menm ki Sen an, e se ou menm Bondye voye a.” ​(Jan 6:67-69). Nan yon lòt okazyon, Jezi te mande disip li yo: “Kiyès moun yo di Pitit lòm nan ye?” Apre sa, li te poze yon lòt kesyon ki te ankouraje yo di sa k nan kè yo: “E nou menm, kiyès nou di mwen ye?” Pyè te reponn, li di: “Ou se Kris la, Pitit Bondye vivan an.” — Mat. 16:13-16.

Lè w ap kondui yon etid biblik, ou ka wè li bon pou w itilize menm metòd sa a pou w egzamine kèk sijè. Ou ka mande etidyan an: “Ki jan kondisip ou yo (oswa kòlèg travay ou yo) konsidere pwen sa a?” Apre sa, ou ka mande l: “Ki jan ou menm, ou konsidere l?” Lè moun nan di w sa l santi toutbonvre, antanke anseyan, w ap ka ede l pi plis toujou.

Pou w mete aksan sou yon seri ide. Ou ka sèvi ak kesyon tou pou w mete aksan sou yon seri ide. Apot Pòl te fè sa, jan nou jwenn sa nan Women 8:31, 32. Men sa li te di: “Si Bondye pou nou, kiyès ki ka kanpe anfas nou? Li menm ki pa t menm epaye pwòp Pitit li a, men ki te bay li pou nou tout, poukisa, avèk bonte, pou l pa ta ban nou tout lòt bagay yo tou ansanm avè l?” Gade sa byen, chak kesyon makònen ak pawòl li di anvan l poze kesyon an.

Apre pwofèt Izayi te fin anonse jijman Jewova kont wa Babilòn nan, li te fè konnen gwo konviksyon li te genyen lè l te di: “Se Jewova chèf lame yo menm ki deside sa, kiyès ki kapab anile sa l di? Li lonje men l, kiyès ki kapab fè l rale l tounen?” ​(Iza. 14:27). Mesaj ki anndan kesyon sa yo montre sa ki di yo pa t ka pa fèt. Kesyon sa yo pa t bezwen moun yo reponn yo.

Pou w devwale move etadespri yon moun genyen. Kesyon yo ka sèvi tou kòm yon zouti ki pisan pou devwale move etadespri lòt moun genyen, men nou dwe byen reflechi pou nou poze yo. Anvan Jezi te geri yon mesye, li te mande Farizyen yo ak kèk nan espè nan Lalwa yo: “Èske yon moun gen dwa geri yon moun jou saba oubyen èske li pa gen dwa fè sa?” Apre li fin geri mesye a, li poze yo yon lòt kesyon: “Kiyès nan nou la a, si pitit li oubyen yon towo bèf li tonbe nan yon pi yon jou saba, ki pa pral retire l tousuit?” ​(Lik 14:1-6). Li pa t atann pou yo te ba l yon repons, e vrèman yo youn pa t ba l okenn repons. Kesyon sa yo te devwale move etadespri mesye sa yo te genyen.

Pafwa, menm vrè kretyen yo ka vin gen yon move etadespri. Gen kèk kretyen nan Korent nan premye syèk la ki te mennen lòt kretyen parèy yo devan tribinal pou yo te ka rezoud pwoblèm yo te genyen, pwoblèm yo te dwe anmezi pou yo rezoud antre yo. Ki jan apot Pòl te trete sitiyasyon sa a? Li te poze yon seri kesyon enpòtan pou l te korije etadespri yo. — 1 Kor. 6:1-8.

Ou ka aprann byen sèvi ak kesyon lè w pran abitid itilize kesyon lè w ap pale. Men, sonje li enpòtan pou w montre w gen respè pou moun yo, sitou lè w ap pale ak moun ki pi gran pase w, moun ou pa konnen ak moun ki gen otorite. Sèvi ak kesyon pou w prezante verite ki nan Bib la yon fason ki atire moun yo.

FASON POU W FÈ SA

  • Pou w ankouraje yon moun fè konvèsasyon avè w, poze l kesyon konsènan bagay ki vrèman enpòtan pou li.

  • Anvan w di yon ide ki enpòtan, eseye poze moun yo yon kesyon k ap fè yo anvi tande ide sa a.

  • Sèvi ak kesyon pou w ede moun yo wè rezon ki fè w di sa w di yo, pou w montre yo tout enpòtans verite w ap prezante yo genyen ak bon efè yo ka gen sou lavi yo.

  • Sèvi ak kesyon pou w ankouraje yon etidyan pou l pa annik repete enfòmasyon li te li yo, men pou l di sa l santi anrapò ak sa l aprann nan.

EGZÈSIS: 1) Toutpandan w gen nan tèt ou zòn ou pral preche a, prepare kèk kesyon ou ka poze pou w kòmanse bèl konvèsasyon ak moun yo. 2) Li Women chapit 3, byen reflechi sou fason Pòl te itilize kesyon pou l rezone ak moun yo sou fason Bondye konsidere ni Juif ni moun ki pa Juif.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje