CHAPIT 28
Kòman m ka evite tonbe nan omoseksyalite?
“Pandan adolesans mwen, m te santi m renmen gason parèy mwen. Men, nan fon kè m, m te konnen panse sa yo pa nòmal.” — Olef.
“Mwen gen yon tifi mwen te byen avè l, e nou te bo youn ou de fwa. Men, kòm mwen te santi m toujou renmen gason, m t ap mande tèt mwen si ni fi ni gason pa atire m.” — Sarah.
PIFÒ moun ap dakò sa gen 30 a 40 an, moun pa t konn pale sou kesyon omoseksyèl la jan yo fè sa jodi a. E lè moun yo pa dakò ak sa, yo pè fè konn sa. Si w ta fè sa, siman yo t ap kritike w anpil. Men sa Amy ki gen 16 an di: “Gen yon tifi ki te di m se prejije mwen genyen ki fè m konsidere kesyon omoseksyèl la jan m konsidere l la, e siman m gen prejije kont moun lòt ras tou.”
Jodi a, lefètke moun yo sitire yon seri bagay, sa vin fè gen yon pakèt jèn k al fè eksperyans fè sèks ak moun menm sèks avè yo. Becky ki gen 15 an di: “Gen anpil tifi nan lekòl mwen ki fè konnen, swa yo lesbyèn, swa yo kouche ni ak fi ni ak gason, swa yo vle eseye kouche ni ak fi ni ak gason.” Christa, ki gen 18 an, te nan yon sitiyasyon menm jan an nan lekòl li. Li di: “Gen de tifi nan lekòl la ki te mande m fè sèks avè yo. Gen youn ki te ekri m yon ti nòt pou mande m si m pa ta renmen konn ki jan sa ye pou m fè sèks ak yon fi.”
Kòm kounye a, y ap fè reklam pou kesyon omoseksyèl la, ou ka ap mande tèt ou: ‘Èske kesyon omoseksyèl la vrèman mal? E si yon moun menm sèks avè m ki atire m, èske sa vle di mwen omoseksyèl?’
Ki jan Bondye wè kesyon omoseksyèl la?
Jodi a, anpil moun, menm chèf legliz yo, pale de kesyon omoseksyèl la kòm yon bagay ki pa twò grav. Men, Pawòl Bondye a esplike aklè Jewova kreye gason ak fi, e li vle pou yo gen relasyon seksyèl antre yo lè yo marye ansanm (Jenèz 1:27, 28; 2:24). Sa pa fè n sezi dèske Bib la kondane kesyon omoseksyèl la. — Women 1:26, 27.
Gen kèk moun ki di Pawòl Bondye a pase mòd. Men, dapre ou menm, poukisa yo kouri di sa? Èske se pa paske Pawòl Bondye a pa ale nan menm sans avè yo? Gen anpil moun ki rejte Pawòl Bondye a senpleman paske sa l anseye yo se pa sa yo vle kwè. Men, fason yo wè bagay yo pa bon, e nou pa dwe kite mòd panse konsa detenn sou nou.
Men, e si moun menm sèks avè w atire w? Èske sa vle otomatikman ou se yon omoseksyèl? Non. Sonje, peryòd ou “twò jèn” nan se yon peryòd kote w ka vin gen yon seri dezi seksyèl san w pa chèche sa (1 Korentyen 7:36). Si pafwa, ou santi moun menm sèks avè w atire w, ou mèt gen asirans sa pa vle di ou omoseksyèl. Tank tan ap pase, santiman sa a ka pase. Annatandan, ou bezwen veye pou w pa tonbe nan omoseksyalite. Ki jan w ka fè sa?
Priye sou sa. Sipliye Jewova jan David te fè: “Egzamine m, o Bondye, pou w ka konnen sa k nan kè m. Egzamine m pou w ka konnen bagay k ap trakase m yo. Gade pou w wè si gen kèk bagay ki pa bon lakay mwen, epi gide m nan chemen letènite a.” (Sòm 139:23, 24). Jewova ka ba w fòs lè l ba w lapè k ap “depase tout sa moun ka konprann” nan, ki ka ‘pwoteje kè w ak lespri w’, e ki ka ba w “yon pisans ki depase yon pisans nòmal”. — Filipyen 4:6, 7; 2 Korentyen 4:7.
Ranpli lespri w ak bon bagay. (Filipyen 4:8). Li Bib la chak jou. Pa janm souzestime pouvwa Bib la genyen pou l enfliyanse panse w ak kè w (Ebre 4:12). Men sa yon jèn gason ki rele Jason di: “Gen kèk vèsè nan Bib la, tankou 1 Korentyen 6:9, 10 ak Efezyen 5:3 ki te gen yon gwo efè sou mwen. Mwen li vèsè sa yo chak fwa m gen move dezi.”
Evite pònografi ak pwopagann yo fè pou omoseksyalite. (Kolosyen 3:5). Evite kèlkeswa bagay ki ka leve dezi seksyèl lakay ou. Sa gen ladan l pònografi, kèk emisyon televizyon ak fim, e petèt magazin oubyen liv ki pale sou kesyon mòd ki montre yon seri moun ki mal abiye. Ranplase panse ki pa pwòp ak panse ki pwòp. Men sa yon jèn gason te di: “Chak fwa m santi yon gason atire m, mwen medite sou vèsè m pi renmen an.”
Bon, gen moun k ap di pa gen rezon pou w fè tout sa, ou dwe jis suiv tandans ou genyen nan domèn seksyèl e aksepte jan w ye a. Men Bib la di ou ka rive venk tandans sa a. Pa egzanp, li di nou gen kèk kretyen nan tan lontan ki te gen menm pwoblèm nan men ki chanje (1 Korentyen 6:9-11). Ou menm tou, ou ka rive genyen batay la, menmsi pou kounye a se nan panse w sa ye.
E si malgre sa, ou toujou santi moun menm sèks avè w atire w? Pa sede devan dezi sa yo! Se aksyon yo Jewova kondane. Donk, yon moun k ap goumen ak dezi li genyen pou l gen relasyon seksyèl ak moun menm sèks avè l se yon batay li ka rive genyen, paske li ka chwazi pa sede devan dezi sa a.
Ann pran yon egzanp: Yon moun ka “renmen fè gwo kòlè”. (Pwovèb 29:22.) Petèt lontan lè yon bagay deranje l li annik fè kòlè. Men apre li fin etidye Labib, li vin rann li kont li dwe metrize l. Èske sa vle di li pap janm santi l anvi fè kòlè ankò? Non. Men, piske li konnen sa Bib la di sou kesyon fè kòlè a, l ap fè efò pou l pa kite santiman l domine l.
Se menm bagay la pou yon moun moun menm sèks avè l atire l, men ki vin aprann sa Bib la di sou kesyon omoseksyèl la. Yon lè konsa, li ka vin gen yon move dezi. Men, si l wè kesyon omoseksyèl la menm jan ak Jewova, l ap jwenn fòs pou l reziste.
Pa bay vag!
Si w ap goumen ak dezi sa yo, ou ka santi w menm jan ak yon jèn gason ki te di: “Mwen te eseye chanje santiman m. Mwen te priye Jewova pou l ede m. Mwen te li Labib. Mwen te tande diskou sou sijè a. Men, mwen pa t konn sa pou m fè ankò.”
Si w nan yon sitiyasyon menm jan an, ou vrèman ap lite pou w metrize tèt ou. Pa gen yon solisyon fasil pou pwoblèm sa a. Men, tout moun ki vle fè Bondye plezi dwe suiv prensip wo nivo li bay yo e yo dwe evite imoralite seksyèl, menmsi se yon bagay ki difisil anpil pou yo. Pa janm bliye Bondye konprann lit w ap mennen pa anndan w lan e li gen kè sansib pou moun k ap sèvi l yoa (1 Jan 3:19, 20). Lè w obeyi kòmandman Bondye bay yo, ou met tèt ou nan pozisyon pou w jwenn benediksyon l. Anfèt, w ap “jwenn anpil avantaj” lè w suiv kòmandman Bondye yo (Sòm 19:11). Depi kounye a, w ap gen pi bèl lavi yon moun te ka genyen nan monn sa a.
Kidonk, konte sou Bondye epi reziste devan move dezi yo (Galat 6:9). Fè efò pou w “gen degoutans pou sa ki mal” e pou w “rete atache ak sa ki byen”. (Women 12:9.) Si w fè efò, avèk letan, siman w ap wè move dezi yo ap vin mwens. Sa k pi enpòtan an, lè w pa sede devan dezi pou w gen relasyon seksyèl ak moun menm sèks avè w w ap gen posiblite viv pou toutan nan monn tounèf Bondye pral mete sou pye a kote se sa ki dwat ki pral fèt ladan l.
Ki jan w ka kontwole atirans ou genyen pou moun lòt sèks?
[Nòt anba paj]
a Si yon kretyen tonbe nan konduit seksyèl ki pa pwòp, li dwe chèche èd nan men ansyen yo nan kongregasyon an. — Jak 5:14, 15.
VÈSÈ KLE
“Egzamine m pou w ka konnen bagay k ap trakase m yo. Gade pou w wè si gen kèk bagay ki pa bon lakay mwen.” — Sòm 139:23, 24.
MEN YON IDE
Pou w konn sa sa vle di yon gason toutbon, etidye egzanp Jezi (1 Pyè 2:21). Li te bay pi bon egzanp sou sa sa vle di pou yon gason gen fòs men pou l janti.
ÈSKE W TE KONNEN?
Menmsi ou pa gen yon kontwòl total sou dezi w yo, ou gen kontwòl sou aksyon w. Ou ka chwazi pa sede devan move dezi.
SA M KONTE FÈ
Men sa m ap di si yon moun mande m poukisa Labib kondane kesyon omoseksyèl la ․․․․․
Men sa m ap di pou m rezone ak yon moun ki ta di pwennvi Bib la genyen sou kesyon omoseksyèl la twò fèmen ․․․․․
Men sa mwen ta renmen mande paran m sou sijè sa a ․․․․․
KI SA W PANSE?
● Poukisa Bondye kondane kesyon omoseksyèl la?
● Ki sa w ka fè pou w evite pran nan pyèj pou w vin omoseksyèl?
● Èske lefètke ou dakò ak sa Bondye di sou kesyon omoseksyèl la sa vle di ou rayi moun ki omoseksyèl?
[Antrefilè nan paj 236]
“Move fason monn nan wè bagay yo te detenn sou mwen e sa te lage m nan plis konfizyon pou m konnen si m se omoseksyèl. Kounye a, mwen evite tout bagay ni tout moun ki vle fè kwè omoseksyalite se yon bon bagay.” — Anna.
[Foto nan paj 233]
Tout jèn gen yon chwa pou yo fè, swa yo wè kesyon sèks la menm jan ak monn nan swa yo suiv prensip wo nivo Pawòl Bondye a bay yo.