TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | EZEKYÈL 46-48
Benediksyon pèp Izrayèl la t ap jwenn lè l retounen nan peyi l
Vizyon Ezekyèl te fè sou tanp lan te ankouraje Izrayelit ki te ann egzil yo e li te kore yon seri pwofesi yo te bay anvan ki gen rapò ak vrè adorasyon an ki t ap vin jan l te ye anvan an. Vrè adorasyon an t ap okipe yon plas enpòtan nan lavi moun Jewova beni yo.
Vizyon an te montre t ap gen: lòd, kolaborasyon ak sekirite
Peyi a t ap pwodui manje agogo
Yon moso tè pou chak fanmi
Anvan yo te fè separasyon tè yo, yo te dwe “met” yon moso tè “apa” pou Jewova
Ki jan m ka montre mwen mete adorasyon Jewova a nan premye plas nan lavi m? (w06 1/5 15-16 § 13-14)