Makawo
PREDIKASYON AK ANSÈYMAN SOU TOUT TÈ A
Azi ak Mwayenn Oryan
PEYI 49
POPILASYON 4 464 374 770
KANTITE PWOKLAMATÈ 728 989
KANTITE ETID BIBLIK 771 272
Grasa yon sèl ti pale, anpil moun vin konn laverite
Nan peyi Filipin, Jonathan te gen randevou ak yon doktè nan yon lopital, e li t ap tann. Laila, dam ki t ap resevwa moun nan, te mande Jonathan si l se reprezantan yon konpayi asirans paske li wè li byen abiye. Jonathan fè l konnen li se Temwen Jewova e li vini pou l ka ede yon pasyan ki Temwen Jewova tou e ki gen pwoblèm sante. Sa te gen yon gwo efè sou dam nan, e li te di Jonathan, papa l pa gen lontan depi l mouri men li te konn li Toudegad regilyèman. Jonathan te li Jan 5:28, 29 avè l, e li te ba l feyè ki rele Ki espwa ki genyen pou moun nou yo ki mouri?
Filipin: Jonathan te bay resepsyonis la temwayaj.
Jonathan te ale nan lopital la plizyè lòt fwa, e nan chak vizit, li te pote piblikasyon pou li. Li te mande yon sè pou etidye Labib ak Laila. Apre yon ti tan, ni mari Laila, ni sè l, ni manman l, ki t ap viv nan menm kay avè l, te vin etidye.
Rose, yon vwazin Laila, te vin kote l e li mande l sa k fè te gen tout moun sa yo lakay li. Laila te fè l konnen l ap etidye Labib ak Temwen Jewova yo. Rose te vin kòmanse etidye Labib tou, e lè l t al nan vil kote l moun nan pou l vizite sè l, li te kontan fè sè a konnen tout sa l aprann nan Bib la. Abigail, sè Rose la, te mande pou yo etidye Labib avè l tou. Manman Rose te aksepte yon etid Labib tou.
Laila batize nan yon kongrè rejyonal sa pa gen lontan. Kounye a, manman l batize tou. Rose, vwazin li an ansanm ak sè Rose la, batize ane pase. E kounye a, manman Rose asiste reyinyon yo regilyèman. Gen kèk moun nan fanmi Laila ki kontinye ap etidye Labib. Tout moun sa yo vin konn laverite grasa yon sèl ti pale ki te fèt nan yon lopital.
Yo sèvi ak teknoloji pou yo jwenn moun ki soud
Gen akwasman kounye a nan tèritwa lang siy nan peyi Srilanka. An 2015, Temwen yo pa t menm gen 80 adrès moun soud e se sou moso papye yo te ekri adrès yo. Men depi lè a, premye kongregasyon lang siy srilankè a te vin fòme, e yo gen non plis pase 420 moun san konte adrès ak tout kowòdone GPS nan yon dosye yo fè pou sa ki sou òdinatè. Frè yo rive kontakte anviwon 80 pousan nan moun sa yo swa fasafas swa pa mwayen apèl videyo oswa mesaj tèks. Men sa yon koup misyonè fè konnen: “Kounye a, nou ka bay pwoklamatè ki soud nou yo yon tèritwa pou yo travay. Anvan sa, se sèlman moun soud yo te konnen pèsonèlman yo te konn vizite.”
Yon manm nan gouvènman an di mèsi
Frè yo nan Mongoli patisipe nan temwayaj an piblik nan gwo vil yo menm lè tanperati a desann mwens 30 degre Sèlsiyis. Gen yon manm nan gouvènman an ki te pran piblikasyon nan charyo frè yo epi li te ekri yon kat pou l di mèsi. Men sa l te ekri: “Mwen se boudis. Men, mwen chèche nan anpil lòt relijyon, paske mwen kwè nou pa ta dwe rete nan yon sèl wout, nou ta dwe chèche konn lòt wout. Lè m te fin li kèk nan piblikasyon nou fè pou moun yo, mwen te deside ekri yon lèt pou m fè nou konnen sa m panse. Li klè nou te depanse anpil lajan e nou te bay fòs nou pou n fè moun jwenn enfòmasyon ki itil. Yon bagay mwen aprann nan piblikasyon nou yo sèke Bib la se yon liv moun dwe li. Liv sa a gen laverite. Labib fè nou konnen ki jan pou n dirije vi nou. M ta renmen remèsye tout moun ki te fè gwo efò pou yo tradui piblikasyon an mongolyen yo. Epi, mwen ta renmen remèsye tout moun ki patisipe nan bay piblikasyon k ap ede moun yo, kit li fè cho anpil kit li fè frèt anpil.”
Mongoli: Temwayaj piblik nan fredi.
Bondye te tande priyè l
Nan Ong Kong, gen yon frè pyonye ki rele Brett ki te pwoche kot yon jèn gason ki nan fen ventèn li e li ofri l feyè Ki sa k ka bay kè kontan nan yon fanmi? an. Lè jèn gason an wè feyè a, li kòmanse kriye. Li di frè a li te grandi nan laverite, men lè l te gen 16 an li te kite kay paran l. Li te viv nan lari pandan senkan e li te tonbe nan dwòg jiskaske yon òganizasyon ki konn fè moun charite te jwenn li e yo te ede l.
Li te di, jou maten sa a anvan l te rankontre frè a, li te priye e l te mande Bondye pou Bondye ba l yon siy nan jounen an pou fè l konnen si relijyon li te ladan l lè l te piti a se bon relijyon an. Li te santi Bondye reponn priyè l. Yo toude te ale nan yon ti restoran toupre a e yo te gade kèk pati nan bwochi Retounen vin jwenn Jewova a. Kòm jèn gason an te gen pou l tounen an Frans nan aswè, youn te bay lòt enfòmasyon sou yo pou yo te ka rete an kontak. Jèn gason an te ekri Brett apre sa, men sa l te di: “Frè m, Jewova te reponn priyè m. Mwen prale nan Sal ki pi pre m nan dimanch.” Li te pran kontak ak Temwen ki an Frans yo, li te kòmanse etidye Labib e li asiste reyinyon yo.