BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • sjj kantik 134
  • Timoun yo se byen Bondye konfye nou

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Timoun yo se byen Bondye konfye nou
  • ‘Ann chante ak kè kontan’ pou Jewova
  • Sou menm sijè a
  • Timoun yo se byen Bondye konfye nou
    Ann chante pou Jewova
  • Ou kapab fè frè w ak sè w yo konfyans
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2022
  • Bèje yo se kado Bondye bay
    ‘Ann chante ak kè kontan’ pou Jewova
  • Ou bay Pitit Gason ou renmen anpil la pou nou
    ‘Ann chante ak kè kontan’ pou Jewova
Gade plis
‘Ann chante ak kè kontan’ pou Jewova
sjj kantik 134

KANTIK 134

Timoun yo se byen Bondye konfye nou

Édition imprimée

(Sòm 127:3-5)

  1. 1. Lè yon mari ak madanm li

    Vin gen yon pitit, se yon bon nouvèl.

    Yo gen yon byen, men yo dwe sonje

    Li pa pou yo, pa pou yo sèl.

    Se Bondye ki konfye yo byen sa’,

    Li menm ki se sèl vrè Sous lavi a.

    Li bay paran yo bon direksyon

    Pou yo suiv chemen ki pi saj la.

    (REFREN)

    Se yon trezò nou gen nan men nou,

    Bondye konfye’n yon byen sakre.

    Pi gwo bagay nou ka fè pou yo

    Se leve yo jan Bondye vle.

  2. 2. Se pou’n met pawòl Bondye yo

    Nan kè’n ak nan lespri’n tout lajounen.

    Pataje yo avèk pitit nou,

    Se travay nou, se pou’n fè’l byen.

    Lè nou ansanm, pale avèk yo,

    Lè n’ap mache e lè n’ap repoze.

    Lè yo vin gran, sa ap ede yo

    Rete fidèl pou letènite.

    (REFREN)

    Se yon trezò nou gen nan men nou,

    Bondye konfye’n yon byen sakre.

    Pi gwo bagay nou ka fè pou yo

    Se leve yo jan Bondye vle.

(Gade tou Det. 6:6, 7; Efe. 6:4; 1 Tim. 4:16.)

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje