BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb18 fevriye p. 7
  • Chèche vin pi maton nan travay predikasyon an: Byen sèvi ak kesyon

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Chèche vin pi maton nan travay predikasyon an: Byen sèvi ak kesyon
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2018
  • Sou menm sijè a
  • Byen sèvi ak kesyon
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Byen fè travay ou antanke moun k ap evanjelize
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Sèvi ak kesyon
    Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
  • Annou imite Sila ki te pi konn fè disip la
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2007
Gade plis
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2018
mwb18 fevriye p. 7

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Chèche vin pi maton nan travay predikasyon an: Byen sèvi ak kesyon

REZON KI FÈ SA ENPÒTAN: Si “lide yon moun gen nan kè l tankou dlo ki fon”, nou ka di kesyon yo tankou yon so ki ka rale yo met deyò (Pw 20:5). Kesyon nou yo fè moun k ap koute yo patisipe nan konvèsasyon an. Lè n byen chwazi kesyon nou yo, repons moun yo bay yo ap ede n konnen yon seri enfòmasyon ki vrèman enpòtan. Jezi te konn byen itilize kesyon. Ki jan nou ka imite l?

Jezi k ap poze youn nan disip li yo kesyon

FASON POU NOU FÈ L:

  • Poze kesyon k ap fè moun di sa yo panse. Jezi te poze yon seri kesyon pou l ka konnen ki sa disip li yo panse (Mt 16:13-16; be 238 § 3-5). Ki kesyon ki ka fè moun di sa yo panse ou ta ka poze?

  • Poze kesyon k ap fè moun rezone. Pou Jezi te korije fason Pyè panse, li te poze l kesyon e li te di Pyè kèk bagay ki te ka ede l jwenn bon repons lan (Mt 17:24-26). Ki kesyon ki ka fè moun rezone ou ka poze pou ede yon moun jwenn bon repons lan?

  • Felisite moun w ap pale avè l la. Jezi te felisite yon espè nan Lalwa paske li te “reponn avèk sajès”. (Mk 12:34.) Ki jan w ta ka felisite yon moun ki bay yon repons?

Demontre respè. Nou pa gen menm otorite ak Jezi. Donk, nou ta dwe demontre respè sitou pou moun ki granmoun yo, pou moun nou pa konnen ak pou moun ki nan gwo pozisyon. — 1P 2:17.

GADE PREMYE PATI NAN VIDEYO FÈ TRAVAY JEZI TE KONN FÈ A — ANSEYE MOUN EPI REPONN KESYON KI VIN APRE YO:

  • Sa k fè se yon move egzanp sou fason pou moun anseye, menmsi enfòmasyon yo bay yo egzak?

  • Poukisa nou dwe fè plis pase esplike yon enfòmasyon?

GADE DEZYÈM PATI VIDEYO A EPI REPONN KESYON KI VIN APRE YO:

  • Ki jan frè a te byen sèvi ak kesyon?

  • Ki lòt bagay ou wè nan fason l anseye ou ka imite?

Yon mesye ki nan konfizyon paske moun k ap anseye l la ba l twòp enfòmasyon; yon mesye ki kontan konprann laverite paske yo byen anseye l

Ki efè ansèyman nou bay yo gen sou lòt moun? (Lk 24:32)

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje