BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • jy chap. 9 p. 26-p. 27 par. 1
  • Jezi grandi Nazarèt

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jezi grandi Nazarèt
  • Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Sou menm sijè a
  • Fanmi Jezi lè l te piti
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Li te pwoteje yo, li te ba yo sa yo bezwen, li te pèsevere
    Annou imite lafwa yo
  • Li te pwoteje fanmi l, li te ba yo sa yo gen bezwen, li te pèsevere
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
  • Jezi ki jèn tigason
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
Gade plis
Jezi se chemen an, verite a, lavi a
jy chap. 9 p. 26-p. 27 par. 1
Jozèf aprann Jezi metye bòs chapant lan.

CHAPIT 9

Jezi grandi Nazarèt

MATYE 13:55, 56 MAK 6:3

  • FANMI JOZÈF AK MARI VIN ANPIL

  • JEZI APRANN YON METYE

Jezi t ap grandi Nazarèt, yon vil ki toupiti e ki pa t gen anpil enpòtans. Vil sa a nan nò, nan yon zòn nan Galile ki gen mòn e li nan lwès lak ki rele Lanmè Galile a.

Lè Jozèf ak Mari sot ann Ejip, petèt Jezi te gen anviwon dezan, e sanble se li menm sèl yo te genyen kòm pitit. Men, annapre, Jezi te vin gen plizyè frè bò kot manman, anpalan de Jak, Jozèf, Simon ak Jida. Jozèf ak Mari te vin gen pitit fi tou. Yo se sè Jezi bò kot manman. Donk, Jezi vin gen, pou pi piti, sis ti frè ak ti sè.

Natirèlman, Jezi gen lòt fanmi ankò. Nou deja gen enfòmasyon sou Elizabèt ak pitit gason l lan ki rele Jan. Jan t ap viv plizyè kilomèt nan sid, nan Jide. E gen Salome, petèt ki se sè Mari kidonk matant Jezi, ki abite pi pre nan Galile. Mari Salome a rele Zebede e de pitit gason yo genyen yo, anpalan de Jak ak Jan, sanble se premye kouzen Jezi yo. Nou pa konnen si Jezi te pase anpil tan ak timesye sa yo toutpandan yo t ap grandi, men annapre, toule de te vin apot Jezi e yo te vin pwòch avè l anpil.

Jozèf dwe travay di pou l pran swen fanmi l ki vin gen plis moun. Li se yon bòs chapant. Jozèf leve Jezi kòm pwòp pitit gason l, se poutèt sa yo rele Jezi “pitit bòs chapant lan”. (Matye 13:55.) Jozèf fòme Jezi pou l vin yon bòs chapant tou, e Jezi aprann vrèman byen. Se poutèt sa, annapre, men sa moun yo konn di konsènan Jezi: “Èske se pa bòs chapant lan?” — Mak 6:3.

Jozèf ak Mari bay pitit yo fòmasyon nan domèn espirityèl.

Fanmi Jozèf bay adorasyon y ap bay Jewova a anpil enpòtans nan lavi yo. Ann amoni ak Lwa Bondye a, Jozèf ak Mari bay pitit yo fòmasyon nan domèn espirityèl ‘lè yo chita anndan lakay yo, lè y ap mache avèk yo sou wout yo, lè yo kouche ak lè yo leve’. (Detewonòm 6:6-9.) Gen yon sinagòg nan Nazarèt, e nou kapab sèten Jozèf konn al ladan l regilyèman ak fanmi l pou yo adore Jewova. Annapre, yo fè konnen Jezi te konn al nan sinagòg la, “jan li abitye fè sa jou saba yo”. (Lik 4:16.) Men, se sèten fanmi an jwenn anpil kè kontan nan vwayaj yo konn fè regilyèman pou y al nan tanp Jewova a ki nan vil Jerizalèm.

  • Konbyen ti frè ak ti sè Jezi genyen pou pi piti?

  • Ki metye Jezi aprann, e poukisa?

  • Ki enstriksyon ki vrèman enpòtan Jozèf bay fanmi l?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje