BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwbr18 no 4 p. 1-5
  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a
  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè — 2018
  • Soutit
  • 2-8 AVRIL
  • 9-15 AVRIL
  • 16-22 AVRIL
  • 23-29 AVRIL
  • 30 AVRIL – 6 ME
Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè — 2018
mwbr18 no 4 p. 1-5

Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a

2-8 AVRIL

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | MATYE 26

“Fèt Pak la ak Memoryal la: Resanblans ak diferans”

nwtsty foto/videyo

Manje ki te konn genyen nan fèt Pak la

Men ki manje ki te konn genyen nan fèt Pak la: mouton boukannen (yo pa t dwe kase okenn nan zo ti mouton an) (1); pen san ledven (2); ak fèy anmè (3) (Eg 12:5, 8; Nb 9:11). Fèy anmè yo te fè Izrayelit yo sonje jan yo te konn soufri lè yo te esklav nan peyi Ejip. Jezi te itilize pen san ledven an kòm yon senbòl ki reprezante kò l antanke yon moun pafè (Mt 26:26). Apot Pòl te pale de Jezi kòm “Ti Mouton fèt Pak nou an”. (1Ko 5:7.) Rive nan premye syèk la, yo te konn sèvi diven (4) lè y ap manje manje fèt Pak la. Jezi te itilize diven an kòm yon senbòl ki reprezante san l ki t apral koule kòm sakrifis. — Mt 26:27, 28.

nwtsty nòt etid pou Mt 26:26

reprezante: Mo grèk estin nan (ki vle di literalman “se”) nan kontèks sa a gen sans “siyifi; senbolize; vle di; gen rapò ak”. Apot yo te byen konprann sans mo Jezi te itilize a, paske nan moman an Jezi te toujou la devan yo ak kò l ki pafè. Kidonk, yo te ka wè kò Jezi menm jan yo te ka wè pen san ledven yo t apral manje a. Donk, li pa posib pou pen an te kò Jezi menm. Li bon pou n remake yo sèvi ak menm mo grèk sa a nan Mt 12:7, e gen anpil tradiksyon Labib ki mete “reprezante” pou li tou.

nwtsty nòt etid pou Mt 26:28

san alyans lan: Nouvo alyans lan ki te fèt ant Jewova ak kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo te vin posib grasa sakrifis Jezi a (Eb 8:10). Nan vèsè a, Jezi sèvi ak menm ekspresyon Moyiz te itilize lè Moyiz t ap jwe wòl medyatè lè Jewova t ap bay nasyon Izrayèl la alyans Lalwa a sou Mòn Sinayi (Eg 24:8; Eb 9:19-21). Menm jan san towo bèf ak san kabrit te fè alyans Lalwa ant Bondye ak nasyon Izrayèl la vin gen valè, se konsa tou, san Jezi te fè nouvo alyans ant Jewova ak Izrayèl espirityèl la vin gen valè. Alyans sa a te antre an fonksyon nan Pannkòt ane 33 epòk nou an. — Eb 9:14, 15.

Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl

nwtsty nòt etid pou Mt 26:17

premye jou fèt Pen san ledven an: Fèt Pen san ledven an te kòmanse nan dat 15 Nizan an, jou ki vin apre fèt Pak la (14 Nizan), e li te dire sèt jou. (Gade Apendis B15.) Sepandan, nan epòk Jezi a, fèt Pak la te tèlman gen yon rapò sere ak fèt Pen san ledven an, pafwa yo te konn rele uit jou toulede fèt sa yo te dire yo “fèt Pen san ledven an”. (Lk 22:1.) Nan kontèks sa a, pou yo tradui ekspresyon “premye jou” a, yo te ka mete “jou ki te vin anvan” an pou li. (Konpare ak Jan 1:15, 30, kote yo mete “anvan” pou yo tradui menm mo grèk yo mete “premye” [pwotòs] pou li a. Men sa yo mete nan vèsè sa yo: “Li te egziste anvan [pwotòs] m.”) Donk, ni grèk original la ni tradisyon Juif la ede n konprann disip yo te poze Jezi kesyon an nan dat 13 Nizan an. Pandan jounen 13 Nizan an, disip yo te fè preparasyon pou fèt Pak la, e yo te selebre l “lè l fin aswè”, sa vle di nan kòmansman 14 Nizan an. — Mk 14:16, 17.

nwtsty nòt etid pou Mt 26:39

fè koup sa a pase lwen m: Nan Bib la, anpil fwa yo konn sèvi ak mo “koup” la nan yon sans senbolik pou yo pale de volonte Bondye, oswa “pòsyon yo bay” yon moun. (Gade nòt etid pou Mt 20:22.) Pa gen dout nan sa, Jezi te enkyete l anpil pou fason l t apral mouri a pa sal non Bondye paske yo te akize l kòmkwa li se yon moun k ap blasfeme e k ap fè soulèvman. Se sa k fè, li te mande Papa l pou “koup” sa a pase lwen l.

9-15 AVRIL

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | MATYE 27-28

“Ale, fè disip: Poukisa, ki kote e kòman?”

nwtsty nòt etid pou Mt 28:19

fè disip: Yo ka mete “anseye” pou mo grèk matetewo a si l gen sans fè elèv oswa fè disip (Konpare ak Mt 13:52, kote yo mete “anseye” pou li.) Vèb “batize” ak “anseye” montre ki sa lòd “fè disip” la gen ladan l.

moun tout nasyon: Si yo ta tradui l literalman yo t ap mete “tout nasyon” pou li, men nan vèsè a li vle di moun ki soti nan tout nasyon, paske pwonon grèk yo mete “yo” pou li nan ekspresyon batize yo a maskilen e li gen rapò ak moun, li pa gen rapò ak “nasyon” ki se yon mo ki pa ni maskilen ni feminen nan lang grèk la. Lòd pou jwenn “moun tout nasyon” an te nouvo. Anvan Jezi te kòmanse fè travay predikasyon an, Ekriti yo te montre Izrayelit yo te kontan akeyi moun lòt nasyon ki vle vin sèvi Jewova (1Wa 8:41-43). Donk, Jezi te bay lòd sa a pou ede disip li yo konprann se pa moun ki fèt nan nasyon Juif la sèlman pou yo preche, men se pou yo preche moun lòt nasyon tou, sa ki t ap montre travay fè disip la se yon travay kretyen yo t ap gen pou fè sou tout tè a. — Mt 10:1, 5-7; Re 7:9; nòt etid pou Mt 24:14.

nwtsty nòt etid pou Mt 28:20

anseye yo: Mo grèk lè yo mete “anseye” pou li a gen ladan l enstriksyon, esplikasyon, bay egzanp pou montre yon bagay, epi bay prèv. (Gade nòt etid pou Mt 3:1; 4:23.) Lè Jezi te bay lòd pou anseye moun pou obsève tout bagay la, se pa yon bagay ki t ap fèt yon sèl kou, sa t ap gen ladan l aprann lòt moun sa Jezi te anseye yo, ede yo aplike yo epi suiv egzanp li. — Jan 13:17; Ef 4:21; 1P 2:21.

Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl

nwtsty nòt etid pou Mt 27:51

rido: Se yon bèl rido ki te separe Kote ki pi sen an ak Kote ki sen an nan tanp lan. Selon tradisyon Juif la, rido sa a te lou e li te mezire 18 mèt longè (60 pye), 9 mèt lajè (30 pye), ak 7,3 santimèt epesè (2,9 pous). Lè Jewova te fè rido a chire de bò a, se pou l te montre jan li fache kont moun ki te touye Pitit li a e sa te vle di tou wout pou al nan syèl la ouvri kounye a. — Eb 10:19, 20; gade Lis mo yo esplike yo.

tanp lan: Mo grèk nawòs la nan kontèks la fè referans ak espas ki gen Kote ki sen an ak Kote ki pi sen an.

nwtsty nòt etid pou Mt 28:7

di disip li yo Bondye leve l: Medam sa yo pa t sèlman premye disip yo te fè konnen Jezi resisite, men tou, yo te mande yo pou y al fè lòt disip yo konn sa (Mt 28:2, 5, 7). Juif yo te gen yon koutim ki pa t chita sou Ekriti yo ki te fè konnen yo pa t aksepte pou fi bay temwayaj nan tribinal. Se pa ti diferan sa te diferan ak zanj Jewova a ki te montre li bay medam yo anpil valè lè l te ba yo yon asiyasyon ki bay anpil kè kontan!

16-22 AVRIL

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | MAK 1-2

“Peche w yo padone”

nwtsty nòt etid pou Mk 2:9

Ki sa ki pi fasil: Li t ap pi fasil pou yon moun di li ka padone peche etandone pa gen okenn fason pou l pwouve sa l di a ap fèt vre. Men lè Jezi te di leve [...] epi mache, sa te mande pou l fè yon mirak ki t ap pèmèt tout moun wè aklè li gen pouvwa pou l padone peche. Istwa sa a ak Eza 33:24 montre gen yon rapò sere sere ant peche ak maladi.

Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl

nwtsty nòt etid pou Mk 1:11

gen yon vwa ki sot nan syèl la ki di: Se premye nan twa kote nan Evanjil yo yo montre Jewova te pale dirèkteman ak lèzòm. — Gade nòt etid pou Mk 9:7; Jan 12:28.

Ou se Pitit Gason m: Etandone Jezi te yon kreyati espirityèl, li te Pitit Gason Bondye (Jan 3:16). Lè l te fèt sou fòm moun, li te “pitit Bondye” menm jan Adan te pitit Bondye lè l te pafè (Lk 1:35; 3:38). Sepandan, sanble li rezonab pou n panse, nan ka sa a, pawòl Bondye te di a pa t ap fè referans ak idantite Jezi, li t ale pi lwen toujou. Lefètke apre Bondye te fin fè deklarasyon an li te vide lespri sen sou Jezi, sa te montre aklè Jezi te vin fèt antanke Pitit espirityèl, oswa “fèt yon lòt fwa ankò” avèk espwa pou l retounen viv nan syèl la, epi Bondye chwazi l ak lespri sen pou l vin Wa e Prèt anmenmtan. — Jan 3:3-6; 6:51; Konpare ak Lk 1:31-33; Eb 2:17; 5:1, 4-10; 7:1-3.

Mwen pran plezi nan ou: Oswa “ou fè kè m kontan; mwen apresye w anpil anpil”. Yo sèvi ak menm ekspresyon sa a nan Mt 12:18, ki se yon sitasyon ki soti nan Eza 42:1 ki pale de Mesi oswa Kris Bondye te pwomèt la. Deklarasyon Bondye te fè a ak vide li te vide lespri sen l sou Jezi a te montre aklè li se Mesi Bondye te pwomèt la. — Gade nòt etid pou Mt 3:17; 12:18.

nwtsty nòt etid pou Mk 2:28

Seyè [...] saba: Jezi te rele tèt li konsa (Mt 12:8; Lk 6:5), pou l montre jou saba a te la pou li e li te ka fè travay Papa l ki nan syèl la te ba l lòd fè yo. (Konpare ak Jan 5:19; 10:37, 38.) Se nan jou Saba a Jezi te fè kèk nan pi gwo mirak li yo, tankou geri malad (Lk 13:10-13; Jan 5:5-9; 9:1-14). Se yon apèsi ki montre aklè kalite soulajman Jezi pral pote lè l pral dirije nan Wayòm li an, ki pral tankou yon repo saba. — Eb 10:1.

23-29 AVRIL

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | MAK 3-4

“Jezi geri moun nan jou Saba a”

nwtsty nòt etid pou Mk 3:5

avèk endiyasyon, li vin tris anpil: Se sèlman Mak ki pale sou jan Jezi te reyaji lè l te wè jan chèf relijye yo te montre yo gen kè di nan okazyon sa a (Mt 12:13; Lk 6:10). Li pwobab pou se Pyè, yon moun ki te konn kite santiman l parèt byen vit, ki te bay detay sou jan Jezi te santi l lan. — Gade “it-2-F 216-217”.

Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl

nwtsty nòt etid pou Mk 3:29

di move pawòl sou lespri sen: Di move pawòl gen rapò ak bay manti pou sal repitasyon oswa di vye pawòl kont Bondye oswa kont bagay ki sakre. Piske se Jewova ki sous lespri sen, lè yon moun fè espre li opoze ak lespri sen oswa li pa vle aksepte travay li fè, nan yon sans, se move pawòl li di kont Bondye. Jan nou wè sa nan Mt 12:24, 28 ak Mk 3:22, chèf relijye Juif yo te ka wè se grasa lespri Bondye Jezi te konn fè mirak, aktout sa, yo te di se Satan Ledyab ki te bay Jezi pouvwa pou fè mirak.

peche li fè a ap la pou toutan: Li fè referans ak yon moun ki fè espre li peche e konsekans yo ap la pou toutan. Pa gen okenn sakrifis ki kapab kouvri peche sa a. — Gade nòt etid pou Mk 3:29 pou ekspresyon di move pawòl sou lespri sen ak nòt etid pou Mt 12:31 ki pale sou menm sijè a.

Lavi nou antanke kretyen

nwtsty nòt etid pou Mk 4:9

Moun ki gen zòrèy pou l tande, tande: Anvan Jezi te bay egzanp moun k ap simen an, li te di: “Koute!” (Mk 4:3). Lè l t ap fini ak egzanp lan, li te bay yon ankourajman pou l montre jan li enpòtan pou moun k ap suiv li yo byen suiv konsèy li yo. Nou ka jwenn ankourajman menm jan an nan Mt 11:15; 13:9, 43; Mk 4:23; Lk 8:8; 14:35; Re 2:7, 11, 17, 29; 3:6, 13, 22; 13:9.

30 AVRIL – 6 ME

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | MAK 5-6

“Jezi gen pouvwa pou l resisite moun nou renmen ki mouri yo”

nwtsty nòt etid pou Mk 5:39

pa mouri, se dòmi l ap dòmi: Nan Bib la, souvan yo konpare lanmò ak somèy (Sm 13:3; Jan 11:11-14; Tr 7:60; 1Ko 7:39; 15:51; 1Te 4:13). Jezi t apral fè tifi a retounen viv ankò, kidonk, li pwobab pou l te di pawòl sa yo pou l te ka montre menm jan yo ka reveye yon moun ki nan yon pwofon somèy se menm jan an tou yo ka leve yon moun pou l retounen viv ankò. Pouvwa Jezi te genyen pou l resisite tifi a te soti nan Papa l, Sila a “ki konn resisite mò e ki pale de bagay ki poko reyalize kòmsi yo deja reyalize”. — Wm 4:17.

Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl

nwtsty nòt etid pou Mk 5:19

rakonte yo: Sa diferan ak enstriksyon Jezi konn bay moun pou pa mache rakonte mirak li fè (Mk 1:44; 3:12; 7:36). Li te di mesye sa a pou l t al di fanmi l sa k te pase a. Petèt, rezon an se paske yo te mande Jezi kite zòn nan, e li pa t ap kapab la pou ba yo temwayaj. Mete sou sa, sa mesye a t apral rakonte yo t ap sèvi pou demanti rimè ki te gendwa ap gaye konsènan pakèt kochon ki mouri yo.

nwtsty nòt etid pou Mk 6:11

souke pye nou pou n retire pousyè ladan l: Jès sa a te vle di disip yo pa t ap responsab kèlkeswa sa Bondye ta fè moun ki pa koute yo sibi. Nou jwenn yon lòt ekspresyon ki sanble avè l nan Mt 10:14; Lk 9:5. Mak ak Lik te ajoute ekspresyon sa ap sèvi kòm yon temwayaj pou [oswa, “kont”] yo. Pòl ak Banabas te suiv enstriksyon sa a lè yo te Antyòch ki te nan Pizidi (Tr 13:51), epitou Pòl te fè menm bagay la nan Korent lè li te souke rad sou li, e li te di byen klè: “Se nou ki responsab pwòp san nou. Mwen menm mwen pa responsab.” (Tr 18:6). Petèt disip yo te deja abitye ak jès sa a. Lè Juif ki jis aleksè yo te retounen sot an vwayaj nan peyi moun ki pa t Juif, yo te konn souke pye yo pou yo retire pousyè nan sandal yo anvan yo rantre nan peyi yo paske yo panse pousyè sa yo t ap fè yo pa pwòp. Sepandan, pa gen dout nan sa, Jezi te gen yon lòt pwennvi nan tèt li lè li te bay disip li yo lòd sa yo.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje