TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | LIK 4-5
Ann reziste devan tantasyon jan Jezi te fè sa
Satan ap eseye fè n vin gen yon seri vye anvi nan kè n pou l fè n sispann ret atache ak Bondye. Li eseye plizyè taktik e li adapte l selon sa yon moun santi, sa l anvi ak sitiyasyon l.
Ki zouti Jezi te itilize ki vrèman efikas pou l te rive fè fas ak twa tantasyon moun konn jwenn? (Eb 4:12; 1J 2:15, 16) Ki jan nou ka suiv egzanp Jezi?