BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • th leson 3 p. 6
  • Sèvi ak kesyon

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Sèvi ak kesyon
  • Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
  • Sou menm sijè a
  • Byen sèvi ak kesyon
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Montre moun yo aklè ki jan sa yo aprann nan ap itil yo
    Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
  • Byen entwodui vèsè yo
    Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
  • Fè efò pou w touche kè moun yo
    Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
Gade plis
Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
th leson 3 p. 6

LESON 3

Sèvi ak kesyon

Vèsè biblik.

Matye 16:13-16.

SA POU W FÈ: Poze bonjan kesyon pou w kapte atansyon moun k ap koute w yo, pou w rezone ak yo e pou w met aksan sou pwen enpòtan yo.

FASON POU W FÈ SA:

  • Kapte atansyon moun yo. Poze kèk kesyon pou w fè moun yo reflechi oswa pou w fè yo anvi konn repons lan.

  • Rezone sou yon sijè. Ede moun k ap koute w yo konprann lojik ki gen nan yon ide w ap trete lè w poze yon seri kesyon k ap mennen nan yon konklizyon ki gen sans.

  • Met aksan sou pwen enpòtan yo. Poze yon kesyon ki kapte atansyon moun yo pou w entwodui yon pwen enpòtan. Poze kèk kesyon revizyon apre w fin pale sou yon pwen enpòtan oswa lè w ap fini prezantasyon w lan.

    Konsèy pratik.

    Apre w fin li yon vèsè, poze kèk kesyon pou w met aksan sou pwen enpòtan ki gen nan vèsè w fèk sot li a.

NAN TRAVAY PREDIKASYON AN

Mande moun k ap koute w la pou l di sa l panse sou yon sijè. Pran san w pou w koute repons li bay la. Sèvi ak bon konprann pou w rive wè ki lè ak ki jan pou w poze kesyon avèk tak.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje