BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • jy chap. 51 p. 126-p. 127 par. 9
  • Yo touye yon moun pandan y ap fete yon anivèsè nesans

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yo touye yon moun pandan y ap fete yon anivèsè nesans
  • Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Sou menm sijè a
  • Yon krim fèt pandan y ap fete yon anivèsè nesans
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Èske Jan ki te konn batize moun nan te egziste toutbonvre?
    Kèk lòt sijè
  • Èske se tout fèt ki fè Bondye plezi?
    Koute gran Anseyan an
Jezi se chemen an, verite a, lavi a
jy chap. 51 p. 126-p. 127 par. 9
1. Salome k ap danse nan anivèsè nesans Ewòd; 2. Salome k ap pote tèt Jan ki konn batize moun nan bay Ewodyad.

CHAPIT 51

Yo touye yon moun pandan y ap fete yon anivèsè nesans

MATYE 14:1-12 MAK 6:14-29 LIK 9:7-9

  • EWÒD FÈ KOUPE TÈT JAN KI KONN BATIZE MOUN NAN

Pandan apot Jezi yo ap preche nan Galile, moun ki te premye pale de Jezi an pa lib tankou yo. Sa gen prèske dezan depi Jan ki konn batize moun nan toujou nan prizon.

Jan te di devan tout moun wa Ewòd Antipas pa gen dwa pran Ewodyad, madanm Filip, frè l la, pou madanm li. Ewòd te divòse ak madanm li pou l marye ak Ewodyad. Selon Lwa Moyiz la, Lwa wa Ewòd pretann l ap suiv la, maryaj li te fè a se yon maryaj ki ilegal e se yon maryaj adiltè. Se sa k fè Ewòd te fè met Jan nan prizon, e petèt se Ewodyad ki te pouse l fè sa.

Ewòd pa t konn sa pou l fè ak Jan, paske moun yo “te pran Jan pou yon pwofèt”. (Matye 14:5.) Ewodyad, bò kote pa l, pa t wè Jan konsa. Li te “kenbe Jan nan kè” e li pa t sispann ap chèche okazyon pou fè touye l (Mak 6:19). Finalman, okazyon li t ap tann nan rive.

Yon ti tan anvan fèt Pak ane 32 epòk nou an, Ewòd òganize yon gwo fèt pou anivèsè nesans li. Tout mesye ki nan gwo pozisyon nan gouvènman l lan ak ofisye yo ansanm ak gwo zotobre nan Galile yo te nan fèt la. Pandan fèt la, yo rele Salome, jèn pitit fi Ewodyad te fè ak Filip, ansyen mari l la, pou l vin danse pou envite yo. Fason l danse a chame mesye yo.

Ewòd kontan pou fason Salome danse nan anivèsè nesans li an.

Ewòd tèlman kontan pou jan pitit fi Ewodyad la danse a, li di: “Mande m sa w vle, m ap ba ou l.” Li te menm sèmante: “Kèlkeswa sa w mande m nan, m ap ba ou l, menmsi se ta mwatye nan wayòm mwen an.” Anvan Salome reponn, li kouri al kot manman l, li mande l: “Ki sa pou m mande?” — Mak 6:22-24.

Se yon okazyon konsa Ewodyad t ap tann! Menm kote a li reponn: “Mande tèt Jan ki konn batize moun nan.” Salome tounen al kot Ewòd byen vit e li mande l: “Mwen vle pou w ban m tèt Jan ki konn batize moun nan kounye a nan yon plato.” — Mak 6:24, 25.

Ewòd boulvèse anpil! Men, akoz envite yo te tande sèman l te fè a, li santi l jennen pou l pa ta kenbe pawòl li, menm lè se yon inosan yo mande l pou l fè touye a. Tousuit, Ewòd voye yon gad al nan prizon an pou egzekite vye misyon sa a. Yon ti tan apre, li retounen ak tèt Jan nan yon plato, e li bay Salome l. Apre sa, Salome bay manman l li.

Lè disip Jan yo tande sa k pase a, yo vini, yo pran kadav la y al antere l, ansuit yo fè Jezi konn sa k rive a.

Pi devan, lè Ewòd Antipas tande Jezi ap geri moun e l ap chase demon, li vin pè. L ap mande tèt li si moun k ap fè tout bagay sa yo se pa Jan “Bondye leve [...] sot nan lanmò”. (Lik 9:7.) Se sa k fè li chofe pou l wè Jezi. Se pa pou l tande Jezi k ap preche, men se pou l asire l si sa l krenn nan se vre oswa se pa vre.

  • Poukisa Jan ki te konn batize moun nan nan prizon?

  • Ki jan Ewodyad rive fè touye Jan?

  • Poukisa Ewòd Antipas vle wè Jezi apre Jan fin mouri?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje