BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwbr19 no 1 p. 1-4
  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a
  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè — 2019
  • Soutit
  • 7-13 JANVYE
  • 14-20 JANVYE
  • 21-27 JANVYE
  • 28 JANVYE–3 FEVRIYE
Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè — 2019
mwbr19 no 1 p. 1-4

Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a

7-13 JANVYE

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | TRAVAY 21-22

Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl

nwtsty, nòt etid pou Tr 22:16

met konfyans ou nan non Jezi pou peche w yo ka efase: Oswa: “lave peche w yo e mete konfyans ou nan non l.” Se pa dlo batèm nan k ap lave peche yon moun, men, se lè moun nan mete konfyans li nan non Jezi. Pou l fè sa, li bezwen mete lafwa nan Jezi e li bezwen demontre lafwa sa a pa mwayen aksyon l ap fè antanke kretyen. — Tr 10:43; Jk 2:14, 18.

14-20 JANVYE

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | TRAVAY 23-24

Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl

nwtsty, nòt etid pou Tr 23:6

Mwen se yon Farizyen: Gen kèk nan moun ki t ap koute yo ki te konnen Pòl (Tr 22:5). Yo te ka konprann lè Pòl te di li se pitit Farizyen, li te rekonèt li gen yon bagay ki sanble avèk yo. Yo te konprann sa l te di sou tèt li a pa manti, piske Farizyen ki te nan Sanedren yo te konnen li te vin yon kretyen ki zele. Men, nan kontèks la, lè Pòl di li se yon Farizyen, sa ka gen yon lòt sans; Pòl te prezante tèt li kòm Farizyen olye l te prezante l kòm Sadiseyen paske li dakò ak Farizyen yo ki kwè nan rezirèksyon. Lè l te fè sa, li te montre gen yon bagay ni li menm ni Farizyen ki te la yo dakò sou li. Sanble li te panse sa t ap mete yon divizyon ki t ap fè kèk manm Sanedren an dakò ak sa l t ap di yo. Sa Pòl te fè a te bay bon rezilta (Tr 23:7-9). Sa Pòl di nan Tr 23:6 la ann amoni ak fason li te pale de tèt li lè l t ap defann tèt li annapre devan wa Agripa (Tr 26:5). Epi pandan Pòl te Wòm, lè l t ap ekri kretyen Filip yo, yon lòt fwa ankò, li te pale sou rezon ki fè l ka di li se yon Farizyen (Fp 3:5). Li bon pou n remake tou ki jan yo pale de kèk lòt kretyen ki te Farizyen anvan nan Tr 15:5. — Gade nòt etid pou Tr 15:5.

nwtsty, nòt etid pou Tr 24:24

Drizil: Se twazyèm pitit fi Ewòd yo mansyone nan Tr 12:1 an, anpalan de Ewòd Agripa 1ye, e se li ki te pi piti. Li te fèt ozanviwon ane 38 epòk nou an e se te sè Agripa II ak Berenis. (Gade nòt pou Tr 25:13 ak Lis mo yo esplike yo, “Ewòd”.) Gouvènè Feliks se te dezyèm mari l. Anvan sa, li te marye ak yon wa Siri ki te rele Aziz, ki te nan vil Emèz, men li te vin divòse avè l e li te marye ak Feliks ozanviwon ane 54 epòk nou an, sa vle di lè sa a li te gen anviwon 16 an. Petèt li te la lè Pòl t ap pale devan Feliks “sou sa ki dwat, sou metriz ak sou jijman ki gen pou vini an”. (Tr 24:25.) Lè Feliks te pase mayèt la bay Festis kòm gouvènè, li te kite Pòl nan prizon “paske li te vle jwenn favè Juif yo”. Gen kèk moun ki panse li te fè sa pou l te ka fè jèn madanm li an, ki te juif, plezi. — Tr 24:27.

21-27 JANVYE

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | TRAVAY 25-26

Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl

nwtsty, nòt etid pou Tr 26:14

voye pye sou digèt: Yon digèt se yon bwa ki long ki gen yon metal pwenti nan tèt li yo te konn itilize pou dige yon bèt (Jj 3:31). Ekspresyon “voye pye sou digèt” la soti nan literati grèk. Yo itilize l pou yo pale de yon towo bèf ki pa vle mache k ap voye pye lè y ap dige l, sa ki konn lakòz li blese. Anvan Sòl te vin kretyen, li te aji menm jan an. Lè Pòl t ap pèsikite disip Kris yo, ki se moun Jewova t ap soutni, se yon gwo mechanste li t ap fè tèt li. (Konpare ak Tr 5:38, 39; 1Ti 1:13, 14.) Nan Ekl 12:11, yo konpare “digèt” ak pawòl yon moun ki saj di ki ankouraje moun k ap koute l yo pou yo suiv konsèy li yo.

28 JANVYE–3 FEVRIYE

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | TRAVAY 27-28

Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl

nwtsty, nòt etid pou Tr 28:11

Pitit Zes yo: Selon lejann Grèk yo ak Women yo genyen, “Pitit Zes yo” (an grèk, Dyoskouwoy) se te Kastò ak Polouks, de pitit gason marasa Zes (Jipitè), yon dye, te genyen ak Leda, ki te rèn vil Spat. Yo te konsidere pitit Zes yo kòm dye k ap pwoteje maren yo, ki kapab sove yo lè lavi yo an danje sou lanmè. Enfòmasyon sa a ki gen rapò ak senbòl ki te sou bato a se yon lòt prèv ki montre moun ki ekri istwa a te wè sa l ap rakonte yo ak de je l.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje