BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • th leson 13 p. 16
  • Montre moun yo aklè ki jan sa yo aprann nan ap itil yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Montre moun yo aklè ki jan sa yo aprann nan ap itil yo
  • Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
  • Sou menm sijè a
  • Fè yon bon entwodiksyon
    Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
  • Fè efò pou w touche kè moun yo
    Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
  • Mete vi nan sa w ap di
    Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
  • Enstwi moun k ap koute w yo
    Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
Gade plis
Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
th leson 13 p. 16

LESON 13

Montre moun yo aklè ki jan sa yo aprann nan ap itil yo

Vèsè biblik.

Pwovèb 3:21.

SA POU W FÈ: Ede moun k ap koute w yo konprann ki efè sijè w ap prezante a gen sou lavi yo, epi montre yo ki sa pou yo fè ak sa yo aprann nan.

FASON POU W FÈ SA:

  • Panse ak moun k ap koute w yo. Reflechi sou rezon ki fè moun k ap koute w yo bezwen tande enfòmasyon w ap prezante a, epi chèche wè ki pati nan sijè a k ap sitou ede yo.

  • Toutpandan w ap fè prezantasyon w lan, montre moun yo sa pou yo fè. Depi lè w fèk kòmanse, chak moun k ap koute w dwe di tèt yo: ‘Sa konsène m.’ Toutpandan w ap devlope chak pwen prensipal, montre moun yo ki jan pou yo aplike pwen an. Evite pale yon fason ki vag.

    Konsèy pratik.

    Lè w ap pale sou fason pou yo aplike prensip biblik yo, fè sa avèk lanmou e yon fason ki montre w konprann santiman moun yo. Olye w met yon chay lou sou do moun yo pou w fè yo santi yo koupab, ede yo vin gen plis lanmou ak plis lafwa, montre yo ou gen konfyans kè yo ap pouse yo fè sa ki dwat.

NAN TRAVAY PREDIKASYON AN

Lè w ap prepare w pou w al preche, panse ak kèk bagay yo te di nan nouvèl oswa ak kèk sijè ki ka enterese moun nan tèritwa w la. Adapte kòmantè w yo selon sa k enterese moun yo nan moman an. Avèk tak, poze kèk kesyon k ap ankouraje moun yo pale de pwoblèm yo ak sa k enterese yo. Apre sa, koute repons yo bay la, epi adapte ansèyman w lan selon sa yo di a.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje