KANTIK 41
Tanpri, koute priyè m nan
Édition imprimée
(Sòm 54)
1. O bon Papa, koute mwen souple.
Ou se Bondye’m, se pou ou mwen ye.
Non ou trè gran, li pa gen parèy.
(REFREN)
Tanpri Jewova, koute priyè’m.
2. Mèsi Bondye pou bèl jounen sa’.
Ou ban’m lavi, ou montre’m wout la.
Ou byen pran swen’m, e ou ban’m konsèy.
(REFREN)
Tanpri Jewova, koute priyè’m.
3. Seyè, ede’m, mwen vle fè sa’k byen.
Tanpri ban’m fòs, se ou mwen genyen.
Se pou limyè’w klere’m kou solèy.
(REFREN)
Tanpri Jewova, koute priyè’m.
(Gade tou Egz. 22:27; Sòm 106:4; Jak 5:11.)