KANTIK 98
Se Bondye ki enspire Ekriti yo
Édition imprimée
1. Pawòl Bondye a s’on limyè
K’ap klere sou tout latè.
Si’n rive suiv li fidèlman,
N’ap gen lajwa, n’ap lib vrèman.
2. Pawòl sa yo ki enspire
Fè’n konnen sa Bondye vle.
Yo ede’n, yo ankouraje’n,
Nan tout domèn yo anseye’n.
3. Pawòl Bondye a fè’n konnen
Gwo lanmou Bondye genyen.
Lè’n suiv tout sa’l di pazapa,
N’ap kapab jwenn vrè lavi a.
(Gade tou Sòm 119:105; Pwo. 4:13.)