ATIK ETID 42
Èske w “dispoze obeyi”?
“Sajès ki sot anwo a [...] dispoze obeyi.” — JAK 3:17.
KANTIK 101 Ann travay ansanm nan inite
SA NOU PRAL WÈa
1. Poukisa nou ka twouve l difisil pou n obeyi?
ÈSKE W konn santi l difisil pou w obeyi? Sa te rive wa David. Se sa k fè, men sa l te mande Bondye nan yon priyè: “Fè m anvi obeyi w.” (Sòm 51:12). David te renmen Jewova. Men, pafwa li te oblije fè efò pou l obeyi, e sa konn rive nou tou. Sa k fè sa? Premyèman, nou fèt ak tandans pou n dezobeyi. Dezyèmman, se tout tan Satan ap chèche fè n fè rebèl menm jan avè l (2 Kor. 11:3). Twazyèmman, n ap viv nan yon monn kote moun yo gen yon mantalite rebèl, anpalan de “lespri k ap aji kounye a nan moun ki dezobeyisan yo”. (Efe. 2:2.) Nonsèlman nou dwe fè anpil efò pou n konbat tandans nou genyen pou n peche a, men nou dwe fè efò tou pou n reziste kont presyon Dyab la ak monn li an ap fè sou nou pou n dezobeyi. Nou dwe fè efò pou n obeyi Jewova e pou n obeyi moun li bay otorite.
2. Ki sa “dispoze obeyi” vle di? (Jak 3:17).
2 Li Jak 3:17. Jak fè konnen moun ki gen sajès yo “dispoze obeyi”, e se Bondye ki te pouse l ekri pawòl sa yo. Reflechi sou sa sa vle di. Nou dwe dispoze obeyi moun Jewova bay kèk otorite e nou dwe fè sa ak tout kè n. Nòmalman, Jewova pa atann pou n obeyi yon moun ki mande n dezobeyi kòmandman L yo. — Tra. 4:18-20.
3. Poukisa Jewova vle nou obeyi moun ki gen otorite sou nou?
3 Nou ka santi l pi fasil pou n obeyi Jewova pase pou n obeyi yon moun. Dayè, fason Jewova dirije nou toujou bon nèt (Sòm 19:7). Se pa menm bagay ditou pou moun ki gen otorite yo. Aktout sa, Papa nou ki nan syèl la bay paran yo, otorite nan gouvènman yo ak ansyen yo kèk otorite (Pwo. 6:20; 1 Tes. 5:12; 1 Pyè 2:13, 14). Lè n obeyi yo, an reyalite se Jewova nou obeyi. Ann wè fason nou kapab obeyi moun Jewova bay otorite, menm lè pafwa nou ka twouve l difisil pou n aksepte fè sa yo mande nou epi suiv direksyon yo bay.
OBEYI PARAN W
4. Poukisa anpil timoun dezobeyi paran yo?
4 Jèn yo ap viv nan mitan lòt jèn parèy yo ki gen tandans “dezobeyi paran yo”. (2 Tim. 3:1, 2.) Sa k fè anpil nan yo dezobeyi paran yo? Gen nan yo ki santi paran yo ipokrit. Paran yo konn mande pitit yo fè yon bagay, alòske yo menm yo pa fè l. Gen lòt jèn yo menm ki panse konsèy paran yo ba yo pase mòd, yo pa vrèman itil oswa yo twò di. Si w se yon jèn, èske w konn santi w konsa? Anpil timoun twouve l difisil pou yo suiv kòmandman Jewova bay ki di: “Se pou nou obeyi paran nou ann inyon ak Seyè a, paske se yon bagay ki jis.” (Efe. 6:1). Ki sa k ka ede w fè sa?
5. Poukisa se yon bagay ki estrawòdinè lefètke Jezi te obeyi paran l, jan sa parèt nan Lik 2:46-52?
5 Ou ka aprann obeyisans nan men moun ki bay pi bèl egzanp lan, anpalan de Jezi (1 Pyè 2:21-24). Jezi te pafè, men, paran l yo pa t pafè. Sepandan, Jezi te konn onore paran l menm lè yo te konn fè erè e yo pa t konprann li pafwa (Egz. 20:12). Ann wè sa k te pase lè Jezi te gen 12 an. (Li Lik 2:46-52.) Paran Jezi yo te mennen l Jerizalèm. Men, lè yo t ap retounen lakay yo, yo pa t wè si Jezi pa t avè yo. Se te responsablite Jozèf ak Mari pou yo te veye pou tout pitit yo te ansanm ak tout lòt moun ki t ap vwayaje ansanm avè yo apre fèt la. Lè Jozèf ak Mari te resi jwenn Jezi, Mari te blame l pou pwoblèm li te ba yo. Jezi te kapab fè l konnen li pa t gen rezon blame l. Okontrè, li te bay paran l yo yon repons tou senp ki te montre l gen respè pou yo. Men, Jozèf ak Mari “pa t byen konprann pawòl li te di yo a”. Aktout sa, Jezi te “kontinye soumèt devan yo”.
6-7. Ki sa k ka ede jèn yo obeyi paran yo?
6 Nou menm jèn, èske n konn twouve l difisil pou n obeyi paran nou lè yo fè erè oswa lè yo pa konprann nou? Ki sa k kapab ede nou? Premyèman, reflechi sou jan Jewova santi l. Bib la di, lè n obeyi paran nou, “sa fè Seyè a plezi anpil”. (Kol. 3:20.) Jewova konnen lè paran nou pa fin byen konprann nou, oswa lè yo bay yon seri règ ki pa fasil pou n obeyi. Men, lè n obeyi yo kanmenm, nou fè kè Jewova kontan.
7 Dezyèmman, panse ak jan paran nou santi yo. Lè n obeyi paran nou, nou fè kè yo kontan e sa fè yo fè nou konfyans (Pwo. 23:22-25). Se sèten sa ap fè n vin pi pwòch avè yo. Men sa yon frè ki rele Alexandre k ap viv nan peyi Bèljik di: “Lè m te kòmanse obeyi paran m pi souvan, mwen te santi m vin pi pwòch avè yo e nou te gen plis kè kontan.b” Twazyèmman, fè yon ti reflechi: lè w aprann obeyi paran w depi kounye a, sa ap ede w pi devan. Men sa Paulo k ap viv nan peyi Brezil di: “Lefètke m te aprann obeyi paran m, sa ede m pou m obeyi Jewova ak lòt moun ki gen otorite.” Pawòl Bondye a bay yon rezon enpòtan pou n obeyi paran nou. Men sa l di: “Pou tout bagay ka mache byen pou ou, e pou w ka rete lontan sou tè a.” — Efe. 6:2, 3.
8. Poukisa anpil jèn chwazi obeyi paran yo?
8 Anpil jèn rann yo kont jan sa bon pou yo lè yo obeyi. Luiza k ap viv nan peyi Brezil tou pa t ka konprann poukisa paran l pa t vle l gen yon telefòn pandan yon tan. Li te di tèt li pifò moun nan laj li gen yon telefòn. Men, apre sa, li te vin rann li kont se pwoteje paran l te vle pwoteje l. Kounye a, men sa l di: “Mwen wè lè m obeyi paran m, sa pa retire sou libète m, paske konsèy yo ban m yo se egzakteman sa m bezwen.” Elizabeth, yon jèn sè k ap viv Ozetazini, konn oblije fè efò pou l obeyi paran l. Men sa l di: “Lè m pa fin konprann poukisa paran m bay yon règ, mwen reflechi sou moman kote yo te ban m yon seri règ ki te pwoteje m.” Monica k ap viv nan peyi Ameni di sa te toujou pi byen mache pou li lè l te obeyi paran l.
OBEYI “OTORITE YO”
9. Ki jan anpil moun santi yo anrapò ak obeyi lalwa?
9 Anpil moun rekonèt nou bezwen gouvènman yo e nou dwe obeyi omwen kèk nan lwa “otorite” sa yo tabli (Wom. 13:1). Sepandan, menm moun sa yo ka renka pou yo obeyi lwa yo pa renmen yo oswa yo twouve ki pa jis. Pa egzanp, ann fè yon ti pale sou kesyon peye taks la. Selon yon ankèt ki te fèt nan yon peyi ann Ewòp, sou chak kat moun, gen yon moun ki kwè “li nòmal pou yo pa peye yon seri taks si yo panse se enjistis y ap fè yo”. Se sa k fè sitwayen nan peyi sa a pa peye tout taks gouvènman an mande yo peye.
Ki sa nou aprann nan egzanp Jozèf ak Mari anrapò ak obeyisans? (Gade paragraf 10-12.)c
10. Poukisa nou obeyi menm lwa nou pa renmen?
10 Bib la rekonèt gouvènman lèzòm yo lakòz moun soufri, yo anba pouvwa Satan e yo pral detwi talè konsa (Sòm 110:5, 6; Ekl. 8:9; Lik 4:5, 6). Epitou, Bib la fè nou konnen “moun ki opoze ak otorite opoze ak dispozisyon Bondye pran”. Nou soumèt anba otorite yo, depi sa yo mande nou an pa depaman ak sa Jewova vle, paske sa ann amoni ak dispozisyon Jewova pran pou kounye a pou gen lòd. Kidonk, nou dwe “bay tout moun sa nou dwe ba yo”, san wete taks, respè ak obeyisans (Wom. 13:1-7). Nou ka twouve yon lwa pa fasil pou n obeyi, li pa jis oswa nou ka oblije fè gwo depans pou sa. Men, nou obeyi Jewova, piske se li ki mande n pou n obeyi otorite sa yo, depi yo pa mande n dezobeyi lòd li bay. — Tra. 5:29.
11-12. Selon Lik 2:1-6, ki sa Jozèf ak Mari te fè pou yo te kapab obeyi yon lwa, menm lè sa pa t fasil pou yo, e ki rezilta sa te bay? (Gade foto yo tou.)
11 Nou ka aprann nan egzanp Jozèf ak Mari ki te dispoze obeyi otorite yo, menm lè sa pa t fasil pou yo. (Li Lik 2:1-6.) Lè Mari te gen anviwon nèf mwa ansent, otorite yo te mande yon bagay ki te difisil anpil pou li menm ak Jozèf te obeyi. Anperè Ogis te bay lòd pou fè yon resansman. Sa te mande pou Jozèf ak Mari t al Betleyèm, yon vwayaj anviwon 150 kilomèt nan yon zòn ki gen anpil mòn. Vwayaj la pa t ap fasil, sitou pou Mari. Petèt mesyedam yo t ap mande tèt yo si Mari ak tibebe ki nan vant li an pa t ap gen pwoblèm. E si Mari ta vin gen tranche pandan vwayaj la? Tibebe ki te nan vant li an se te Mesi ki te gen pou vini an. Èske se te yon rezon pou yo pa t obeyi lòd gouvènman an te bay la?
12 Jozèf ak Mari pa t kite enkyetid yo te genyen yo fè yo pa t obeyi lalwa. Jewova te beni yo poutèt yo te obeyi. Mari te byen rive Betleyèm, li te fè yon tibebe ki te an sante, e sa te menm reyalize yon pwofesi ki nan Bib la! — Miche 5:2.
13. Lè n obeyi, ki jan sa ka ede frè n ak sè n yo?
13 Lè n obeyi otorite yo, sa bon ni pou nou ni pou lòt moun. Nan ki sans? Yon bagay ki sèten, nou pa jwenn pinisyon moun ki dezobeyi lalwa yo jwenn (Wom. 13:4). Lè n obeyi otorite yo, sa kapab fè yo byen wè Temwen Jewova yo an jeneral. Pa egzanp, sa gen kèk dizèn ane nan peyi Nijerya, gen sòlda ki te antre nan yon Sal Wayòm pandan yon reyinyon. Yo t ap chèche moun ki t ap simen latwoublay poutèt yo pa t vle peye taks. Men, ofisye ki te alatèt sòlda yo te mande yo pou yo ale, e l te di: “Temwen Jewova yo pa konn nan fè dezòd poutèt yo pa vle peye taks.” Chak fwa w obeyi lalwa, sa pèmèt Temwen Jewova yo kontinye gen bon repitasyon, e yon lè, repitasyon sa a ka ede frè n ak sè n yo jwenn pwoteksyon. — Mat. 5:16.
14. Ki sa k te ede yon sè pou l “dispoze obeyi” otorite yo?
14 Sepandan, li ka pa toujou fasil pou n obeyi otorite yo. Se sa Joanna, yon sè k ap viv Ozetazini, te rekonèt. Men sa l te di: “Li te difisil anpil pou mwen pou m obeyi, paske gen moun nan fanmi m ki te sibi enjistis anba men otorite yo.” Men, Joanna te deside fè efò pou l chanje fason l panse. Premyèman, li te sispann li sa moun poste sou rezo sosyal ki te fè l mal wè otorite yo (Pwo. 20:3). Dezyèmman, li te mande Jewova pou l ede l fè l konfyans olye l te mande l chanje gouvènman an (Sòm 9:9, 10). Twazyèmman, li te li yon seri atik nan piblikasyon nou yo ki te ede l pou l pa t mele nan zafè monn nan (Jan 17:16). Kounye a, Joanna di lefètke li respekte otorite yo e li obeyi yo, li santi l “anpè yon fason li pa ka esplike”.
OBEYI ENSTRIKSYON ÒGANIZASYON JEWOVA A BAY
15. Poukisa nou ka twouve l difisil pafwa pou n obeyi enstriksyon òganizasyon Jewova a bay?
15 Jewova mande nou pou n “obeyi moun k ap dirije” nan kongregasyon an (Ebre 13:17). Byenke Jezi, Chèf nou an, pafè, moun li itilize pou dirije nou sou tè a pa pafè. Nou ka twouve l difisil pou n obeyi yo, sitou si yo mande n fè yon bagay nou pa vle fè. Yon lè, apot Pyè te renka pou l obeyi yon enstriksyon li te resevwa. Lè yon zanj te mande l pou l manje yon seri bèt ki pa t pwòp selon Lwa Moyiz la, Pyè te refize fè sa, pa sèlman yon fwa, men, twa fwa (Tra. 10:9-16)! Sa k fè sa? Nouvo enstriksyon li te resevwa a pa t gen sans pou li. Se pa t sa l te abitye fè. Si Pyè te twouve l difisil pou l te obeyi enstriksyon yon zanj pafè te ba li, nou ka twouve l pi difisil toujou pou n obeyi enstriksyon moun enpafè ban nou!
16. Byenke apot Pòl te ka twouve li pa t rezonab pou l te suiv yon enstriksyon yo te ba li, ki sa l te fè? (Travay 21:23, 24, 26).
16 Apot Pòl te “dispoze obeyi”, menm lè l te resevwa enstriksyon li te ka santi ki pa t rezonab. Juif ki te vin kretyen yo te tande moun ap di Pòl t ap ankouraje moun li t ap preche yo “pou yo abandone Lwa Moyiz la” e pou yo pa respekte Lwa sa a (Tra. 21:21). Ansyen yo nan Jerizalèm te mande Pòl pou l pran kat mesye ansanm avè l pou y al nan tanp lan e pou l pirifye tèt li pou l montre l ap obeyi Lalwa. Men, Pòl te konnen kretyen yo pa t anba Lalwa ankò. E se pa anyen ki mal li te fè. Aktout sa, Pòl te obeyi lapoula. “Nan demen, Pòl mennen mesye yo avè l, li pirifye tèt li ansanm avèk yo.” (Li Travay 21:23, 24, 26.) Lefètke Pòl te obeyi, sa te pèmèt gen tèt ansanm. — Wom. 14:19, 21.
17. Ki sa n aprann nan eksperyans Stephanie te fè a?
17 Li te difisil pou yon sè ki rele Stephanie te aksepte yon desizyon frè ki nan biwo filyal nan peyi l te pran. Li menm ak mari l te kontan al nan yon gwoup ki pale yon lòt lang. Annapre, biwo filyal la te elimine gwoup la, e yo te voye yo nan yon kongregasyon kote yo pale lang manman yo. Men sa Stephanie admèt: “Mwen pa t kontan menm, mwen pa t kwè te gen plis bezwen nan lang manman m.” Aktout sa, li te aksepte soutni nouvo enstriksyon li te resevwa a. Men sa l di: “Rive yon lè, mwen te vin wè jan desizyon sa a te gen sajès ladan l. Nan kongregasyon nou an, gen anpil frè ak sè fanmi yo pa nan laverite. Donk, nou te vin yon fanmi pou yo e n te ankouraje yo. M ap etidye ak yon sè ki pa gen twò lontan depi l vin aktif ankò. E kounye a, mwen gen plis tan pou m fè etid pèsonèl.” Apre sa, li di: “Konsyans mwen klè paske m konnen mwen fè tout sa m kapab pou m obeyi.”
18. Ki byenfè nou jwenn lè n obeyi?
18 Nou kapab aprann obeyi. Jezi pa t “aprann obeyisans” nan kondisyon ki te fasil, men, li te aprann obeyisans “nan bagay li te sibi yo”. (Ebre 5:8.) Menm jan ak Jezi, byen souvan nou aprann obeyisans nan sitiyasyon ki difisil. Pa egzanp, lè pandemi COVID-19 la te fèk kòmanse, lè yo te mande n pou n sispann asiste reyinyon nan Sal Wayòm nou yo e pou n sispann preche kay an kay, èske l te difisil pou ou pou w obeyi? Sepandan, lefètke w te obeyi, sa te pwoteje w, sa te fè gen tèt ansanm nan kongregasyon an e sa te fè Jewova plezi. Kounye a, nou tout nou pi byen prepare pou n obeyi kèlkeswa enstriksyon nou resevwa pandan gwo tribilasyon an. Lè n obeyi enstriksyon sa yo, sa ka sove lavi nou! — Jòb 36:11.
19. Poukisa w vle obeyi?
19 Nou aprann lè n obeyi sa fè n jwenn yon pil ak yon pakèt benediksyon. Sepandan, pi gwo rezon ki fè nou chwazi obeyi Jewova, se paske nou renmen l e nou vle fè l plezi (1 Jan 5:3). Nou pap janm ka remèt Jewova tout sa l fè pou nou (Sòm 116:12). Men, nou kapab obeyi l e nou kapab obeyi moun ki gen otorite sou nou. Lè n obeyi, nou montre nou gen sajès. E moun ki gen sajès fè kè Jewova kontan. — Pwo. 27:11.
KANTIK 89 Koute, obeyi, w ap jwenn benediksyon
a Lefètke nou enpafè, li konn difisil pafwa pou n obeyi, menm lè moun ki ban nou enstriksyon an gen dwa pou l fè sa. Nan atik sa a, nou pral wè byenfè moun ki obeyi paran yo, “otorite yo” ak frè ki alatèt nan kongregasyon yo jwenn.
b Pou w jwenn plis konsèy sou fason pou w pale ak paran w konsènan règ yo ba w ou twouve ki difisil pou w obeyi, gade atik ki gen tit: “Ki jan m ka pale ak paran m lè yo fikse kèk règ pou m suiv?” ki sou jw.org.
c ESPLIKASYON SOU FOTO: Jozèf ak Mari te obeyi yon dekrè Seza te bay ki te mande pou y al anrejistre nan vil Betleyèm. Jodi a, kretyen yo obeyi lwa sou sikilasyon, yo peye taks e yo suiv enstriksyon “otorite yo” bay sou kesyon lasante.