KANTIK 30
Papa m, Bondye m, Zanmi m
1. Lavi nan monn sa’ ka rèd,
Li ka fè moun viv ak dlo nan je.
Men, lavi pa’m gen yon sans,
Paske’m zanmi Bondye.
(REFREN)
Jewova Dye pa enjis,
Li sonje lanmou mwen demontre.
Se pou sa’l toujou byen pre’m,
Konsa’m pa janm poukont mwen vre.
Bondye ban’m sa mwen bezwen,
Li pwoteje mwen pandan tout vi’m.
Wi, Jewova se Papa mwen,
Bondye’m, Zanmi’m.
2. Fòs jenès mwen fin ale.
Vyeyès lakòz mwen vin gen pwoblèm.
Men, piske lafwa’m solid,
Esperans mwen ret fèm.
(REFREN)
Jewova Dye pa enjis,
Li sonje lanmou mwen demontre.
Se pou sa’l toujou byen pre’m,
Konsa’m pa janm poukont mwen vre.
Bondye ban’m sa mwen bezwen,
Li pwoteje mwen pandan tout vi’m.
Wi, Jewova se Papa mwen,
Bondye’m, Zanmi’m.
(Gade tou Sòm 71:17, 18.)