BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwbq atik 26
  • Èske Bondye ap ede m si m priye l?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske Bondye ap ede m si m priye l?
  • Repons Bib la bay
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Repons Bib la bay
  • Èske Jewova koute priyè nou?
    Koute Bondye pou w viv pou toutan
  • Èske Bondye koute priyè nou yo?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2021
  • Pwoche kote Bondye grasa lapriyè
    Ki sa Bondye vle nou fè?
  • Lapriyè se yon privilèj
    Ki sa Labib kapab anseye nou?
Gade plis
Repons Bib la bay
ijwbq atik 26

Èske Bondye ap ede m si m priye l?

Repons Bib la bay

Wi. Bondye ede moun ki mande l bagay ki ann amoni ak volonte l ak tout kè yo. Menmsi w pa konn abitye priye, Bib la gen egzanp yon pakèt moun ki te konn priye ki ka ankouraje w, yo te konn di: “Ede m, o Jewova.” Pa egzanp:

  • “Ede m, o Jewova, Bondye m nan. Sove m akoz lanmou fidèl ou genyen an.” — Sòm 109:26.

  • “Koute m’ non, Seyè! Gen pitye pou mwen! Seyè, pote m’ sekou!” — Sòm 30:10, Bib la.

Se vre, moun ki te ekri pawòl sa yo te gen yon lafwa solid nan Bondye. Men, Bondye tande tout moun ki priye l ak yon kè ki byen dispoze, tankou moun “kè yo ap fann yo”, oswa “moun ki gen lespri yo kraze”. — Sòm 34:18.

Ou pa bezwen pè kòmkwa Bondye twò lwen e pwoblèm ou yo pa enterese l. Men sa Bib la di: “Byenke Jewova abite anwo nan syèl la, li konnen moun ki gen imilite yo, Men li rete byen lwen moun ki ògeye yo.” (Sòm 138:6). An reyalite, men sa Jezi te di disip li yo yon lè: “Ata branch cheve nan tèt nou li konte.” (Matye 10:30). Bondye ap obsève tout ti detay lakay nou, yon seri detay nou pa ka konnen. Nou pa bezwen menm mande si Bondye ap ede nou si nou priye l pou n mande l èd ak tètchaje nou yo! — 1 Pyè 5:7.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje