BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwbq atik 23
  • Ki sa Wayòm Bondye a pral fè?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki sa Wayòm Bondye a pral fè?
  • Repons Bib la bay
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Repons Bib la bay
  • Ki sa Wayòm Bondye a pral fè?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2020
  • Viv ak lapè nan yon monn nouvo
    Viv ak lapè nan yon monn nouvo
  • Zanmi Bondye yo pral viv nan Paradi a
    Ou kapab vin zanmi Bondye!
  • Fason lagè ak vyolans pral fini
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2025
Gade plis
Repons Bib la bay
ijwbq atik 23
Paradi a.

Ki sa Wayòm Bondye a pral fè?

Repons Bib la bay

Wayòm Bondye a pral ranplase tout gouvènman lèzòm yo epi li pral dirije tout tè a (Dànyèl 2:44; Revelasyon 16:14). Lè sa a, Wayòm Bondye a pral...

  • Elimine mechan yo k ap maltrete nou paske yo egoyis. “Kanta pou mechan yo, y ap detwi yo sou tè a, e moun ki pa fidèl yo, y ap derasinen yo sou li.” — Pwovèb 2:22.

  • Fini ak lagè. “[Bondye] fè pa gen lagè ankò sou tout kò tè a.” — Sòm 46:9.

  • Bay tout moun sa yo bezwen ann abondans e fè gen sekirite sou tè a. “Tout moun va viv ak kè poze anba tonèl rezen yo, anba pye fig frans yo. Pèsonn p’ap chèche yo kont.” — Miche 4:4, Bib la.

  • Fè tè a tounen yon paradi. “Dezè ak tè sèk pral kontan yon sèl kontan. Savann yo pral kontan tou, yo pral fleri.” — Ezayi 35:1, Bib la.

  • Fè chak moun gen yon bon travay ki bay kè kontan. “E moun [Bondye] chwazi yo ap byen jwi travay yo fè ak men yo. Yo pap kraze kò yo travay pou granmesi.” — Ezayi 65:21-23.

  • Elimine maladi. “Pa gen yon moun nan peyi a k ap di: ‘Mwen malad.’” — Ezayi 33:24.

  • Fè moun pa vyeyi ankò. “Se pou kò l vin pi fre pase lè l te jèn! Se pou l retounen gen menm fòs li te genyen lè l te jèn nan.” — Jòb 33:25.

  • Leve moun ki mouri yo. “Tout moun ki nan tonm yo pral tande vwa [Jezi], e y ap soti.” — Jan 5:28, 29.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje