BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • fg leson 5 kesyon 1-5
  • Ki objektif Bondye gen pou tè a?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki objektif Bondye gen pou tè a?
  • Bon nouvèl Bondye bay la!
  • Sou menm sijè a
  • Ki objektif Bondye gen pou tè a?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
  • Ki objektif Bondye pou latè ?
    Ki sa Bondye vle nou fè?
  • “N a wè nan Paradi a!”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2018
  • Yon paradi sou tè a: Èske se yon rèv oswa yon reyalite?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2017
Gade plis
Bon nouvèl Bondye bay la!
fg leson 5 kesyon 1-5

LESON 5

Ki objektif Bondye gen pou tè a?

1. Poukisa Bondye te kreye tè a?

Adan ak Èv nan jaden Edenn nan, Adan ak Èv yo mete deyò nan jaden an.

Jewova bay lèzòm tè a. Se kay nou li ye. Kidonk, Bondye pa t kreye premye mesyedam yo, anpalan de Adan ak Èv, pou yo peple syèl la, anfèt, Bondye te deja kreye zanj pou viv nan syèl la (Jòb 38:4, 7). Okontrè, Bondye te pran premye gason an e li te mete l nan yon bèl paradi ki te rele jaden Edenn (Jenèz 2:15-17). Jewova te bay ni li menm ni pitit li t ap vin genyen yo posiblite pou yo gen lavi sou tè a pou toutan. — Li Sòm 37:29; 115:16.

Okòmansman, se sèl jaden Edenn nan ki te yon paradi. Premye mesyedam yo te gen pou yo fè pitit pou yo ranpli tè a. Rive yon lè, yo t ap fè tout tè a nèt soumèt e yo t ap fè l tounen yon paradi (Jenèz 1:28). Tè a pap janm detwi. L ap toujou la pou lèzòm abite. — Li Sòm 104:5.

Gade videyo Poukisa Bondye te kreye tè a?

2. Poukisa tè a pa yon paradi jodi a?

Adan ak Èv te dezobeyi Bondye, se poutèt sa Jewova te mete yo deyò nan jaden an. Yo te pèdi Paradi a, e pa gen pèsonn ki rive mete l sou pye ankò. Labib di: “Li lage tè a anba kontwòl moun ki mechan yo.” — Jòb 9:24. — Li Jenèz 3:23, 24.

Moun k ap konstwi kay sou tè a ki tounen yon paradi.

Èske Jewova echwe nan objektif li te gen depi okòmansman pou lèzòm nan? Non. Bondye toupisan. Li pa ka echwe (Ezayi 45:18). Li pral fè lèzòm vin jan l te vle yo ye depi okòmansman an. — Li Sòm 37:11, 34.

3. Kòman Paradi a ap fè vin egziste ankò?

Paradi a ap vin egziste sou tè a ankò lè Jezi pral dirije tè a antanke Wa Bondye chwazi. Nan yon gè ki rele Amagedon, Jezi pral alatèt zanj Bondye yo pou yo detwi tout moun ki opoze ak Bondye. Apre sa, Jezi pral mete Satan nan prizon pou 1 000 an. Pèp Bondye a ap chape nan destriksyon sa a paske Jezi pral gide yo e li pral pwoteje yo. Yo pral gen lavi ki pap janm fini an nan Paradi sou tè a. — Li Revelasyon 20:1-3; 21:3, 4.

4. Ki lè soufrans ap fini?

Ki lè Bondye pral mete fen nan mechanste sou tè a? Jezi te bay yon “siy” pou l montre ki lè lafen an t ap toupre rive. Sitiyasyon ki egziste nan monn nan jodi a mete lavi lèzòm an danje e yo montre n ap viv nan “fen sistèm nan”. — Li Matye 24:3, 7-14, 21, 22.

Pandan 1 000 an Jezi pral dirije tè a detan l nan syèl la, li pral mete fen nan tout soufrans (Ezayi 9:6, 7; 11:9). Nonsèlman Jezi pral Wa, men tou li pral sèvi antanke Gran Prèt e li pral efase peche tout moun ki renmen Bondye yo. Konsa, pa mwayen Jezi, Bondye pral elimine maladi, vyeyès ak lanmò. — Li Ezayi 25:8; 33:24.

5. Ki moun ki pral viv nan Paradi ki pral genyen an?

Moun k ap aprann konn Bib la nan yon Sal Wayòm.

Nan Sal Wayòm nan, w ap rankontre moun ki renmen Bondye e ki vle aprann ki jan pou yo fè l plezi.

Moun ki obeyi Bondye yo pral viv nan Paradi a (1 Jan 2:17). Jezi te voye disip li yo chèche moun ki gen imilite pou yo anseye yo fason pou yo fè Bondye plezi. Jodi a, Jewova ap prepare plizyè milyon moun pou yo viv nan Paradi a sou tè a (Sofoni 2:3). Nan Sal Wayòm Temwen Jewova yo, moun yo aprann ki jan pou yo vin pi bon mari oswa pi bon papa e ki jan pou yo vin pi bon madanm oswa pi bon manman. Pitit ak paran adore Bondye ansanm e yo aprann ki jan pou yo viv pi byen grasa bon nouvèl la. — Li Miche 4:1-4.

Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade chapit 3 nan liv Ki sa Labib kapab anseye nou? an.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje