Vandredi 8 out
Yon moun k ap mache dwat gen lakrentif pou Jewova. — Pwo. 14:2.
Lè nou wè nan ki eta monn nan ye jodi a nan domèn moral, nou santi n menm jan ak Lòt, yon moun ki te jis. Li “te boulvèse anpil poutèt moun ki pa t respekte lalwa te lage kò yo nan konduit derespektan”, paske l te konnen Papa nou ki nan syèl la rayi move konduit moun yo genyen (2 Pyè 2:7, 8). Lefètke Lòt te gen lakrentif pou Bondye e l te renmen l, sa te ede l pou l pa t aji menm jan ak moun ki t ap viv nan zòn kote l te ye a ki te lage kò yo nan imoralite. Nou menm tou n ap viv nan mitan moun ki pa vrèman respekte prensip moral Jewova yo oswa ki pa gen okenn respè pou yo. Aktout sa, nou kapab rete pwòp nan domèn moral si nou kontinye renmen Bondye e si nou chèche gen bonjan lakrentif pou li. Pou n rive fè sa, Jewova ban nou ankourajman ak konsèy nan liv Pwovèb la pou ede nou. Bonjan konsèy nou jwenn nan liv sa a kapab ede tout kretyen, gason kou fi, timoun kou granmoun. Lè nou gen lakrentif pou Jewova, nou veye pou n pa fè zanmi ak moun ki gen move konpòtman. w23.06 20 § 1-2; 21 § 5.
Samdi 9 out
Si yon moun vle suiv mwen, se pou l nye tèt li, se pou l pran poto soufrans li jou apre jou e se pou l kontinye suiv mwen. — Lik 9:23.
Petèt, ou jwenn opozisyon nan fanmi w oswa petèt ou te fè sakrifis pou w kite yon seri avantaj materyèl pou w met Wayòm nan an premye (Mat. 6:33). Si w te fè sa, ou mèt gen asirans Jewova wè tout sa w fè pou li (Ebre 6:10). Pa gen dout, ou wè pawòl Jezi te di yo se laverite. Men sa l te di: “Pa gen pèsonn ki kite kay, oswa frè, oswa sè, oswa manman, oswa papa, oswa pitit, oswa jaden poutèt mwen e poutèt bon nouvèl la, ki pap jwenn depi kounye a 100 fwa plis kay, frè, sè, manman, pitit, jaden, ansanm ak pèsekisyon, e ki pap jwenn lavi ki pap janm fini an nan sistèm k ap vini an.” (Mak 10:29, 30). Benediksyon w jwenn yo pi plis lontan pase nenpòt sakrifis ou te fè. — Sòm 37:4. w24.03 9 § 5.
Dimanch 10 out
Yon bon zanmi demontre lanmou toutan e li se yon frè yo ka konte sou li lè gen malè. — Pwo. 17:17.
Lè kretyen nan Jide yo te fè fas ak yon gwo grangou, kongregasyon nan Antyòch “te deside, selon mwayen yo chak, pou yo voye sekou bay frè ki t ap viv nan Jide yo”. (Tra. 11:27-30.) Malgre frè sa yo ki t ap soufri akoz grangou ki te genyen an t ap viv yon ti jan lwen, kretyen nan Antyòch yo te fè tout sa yo kapab pou yo te ede yo (1 Jan 3:17, 18). Jodi a, nou kapab montre nou gen konpasyon tou lè n aprann kwayan parèy nou ap soufri akoz yon katastwòf oswa lòt sitiyasyon difisil. Nou aji san pèdi tan, petèt lè n mande ansyen yo si n kapab patisipe nan yon pwojè, lè n fè ofrann pou travay mondyal la oswa lè n priye pou moun ki viktim anba katastwòf la. Frè n ak sè n yo ka bezwen èd pou yo jwenn sa yo bezwen pou yo viv. Lè Kris Jezi, Wa nou an, vin egzekite jijman l, nou ta renmen li jwenn nou ap demontre konpasyon e n ta renmen l envite n vin “resevwa Wayòm” nan. — Mat. 25:34-40. w23.07 4 § 9-10; 6 § 12.