BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • g17 no 2 p. 3
  • Bagay mistik atire moun!

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Bagay mistik atire moun!
  • Reveye n! — 2017
  • Sou menm sijè a
  • Entwodiksyon
    Reveye n! — 2017
  • Modèl prezantasyon
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2017
  • Lis sijè yo
    Reveye n! — 2017
  • Ki sa Labib anseye sou bagay ki gen rapò ak movèzespri?
    Reveye n! — 2017
Gade plis
Reveye n! — 2017
g17 no 2 p. 3
Yon tigason k ap gade yon bagay sou tablèt li ki fè l sezi anpil

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | KI SA K KACHE DÈYÈ BAGAY MISTIK?

Bagay mistik atire moun!

“Anvan sa, se te vanpi, lougawou ak zonbi, kounye a, se zafè demon k ap antre nan moun ak retire demon sou moun.” — The Wall Street Journal.

KÈK nan bagay mistik nou jwenn anpil nan liv, nan fim ak nan jwèt videyo, se timoun ak granmoun k ap fè maji, bèl fi ki sòsyè ak bèl gason ki vanpi. Ki sa k fè bagay sa yo atire moun konsaa?

Gen yon pwofesè sosyoloji ki rele Claude Fischer ki di: “Nan plizyè dizèn ane ki sot pase yo, vin gen plis Ameriken ki kwè nan mò. Anvan sa, sou chak dis Ameriken te gen youn nan yo sèlman ki te kwè nan mò, kounye a, se sou chak twa Ameriken gen youn ki kwè nan sa. Li pi fasil pou yon moun jwenn de fwa plis jèn pase granmoun ki di yo te al wè moun ki konn pale ak movèzespri, ki kwè nan mò e ki kwè nan kay ki ante.”

Sa pa etone nou pou n wè jan istwa ki gen rapò ak movèzespri ki antre nan moun ap retounen ak fòs. Men sa yon jounalis ki rele Michael Calia fè konnen: “Rezon ki fè anpil moun jodi a vin fanatik istwa kote demon ap antre nan moun, se paske sa gen dizan, se zafè zonbi, lougawou ak vanpi ki te alamòd.”

Selon sa yon rapò fè konnen, “nan kèlkeswa peyi sou tè a, 25 pousan rive 50 pousan nan moun yo kwè nan mò, e sa parèt anpil nan literati pifò peyi sa yo”. Gen yon etid Christopher Bader ak Carson Mencken, de pwofesè sosyoloji, te fè Ozetazini ki montre “sa vrèman etonan dèske gen 70 pousan rive 80 pousan Ameriken ki kwè toutbon nan omwen yon bagay mistik”.

Èske nou ta dwe pran zafè pran kontak ak movèzespri ansanm ak pratike bagay mistik pou jwèt?

a Yo defini bagay mistik kòm bagay “ni lasyans ni lwa ki anplas nan lanati yo pa ka esplike”. — Merriam-Webster’s Learner’s Dictionary.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje