BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Ki kote monn sa a prale?
    Reveye n! — 2017 | No. 6
    • Òlòj lafendimonn nan

      SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | KI KOTE MONN SA A PRALE?

      Ki kote monn sa a prale?

      ANE 2017 la te kòmanse ak yon deklarasyon yon gwoup syantifik te fè ki te bay gwo kè sote. Nan mwa janvye 2017 la, yo te fè konnen monn nan vin pi pre toujou pou l sibi pi gwo katastwòf ki te ka genyen an. Pou syantifik yo montre jis nan ki pwen katastwòf la toupre rive, yo itilize yon òlòj senbolik ki prèske rive sou minui, yon òlòj yo rele òlòj lafendimonn. Yo retire 30 segonn sou lè a, donk jodi a, òlòj lafendimonn nan manke de minit edmi pou l fè minui, sa ki montre, nan plis pase 60 ane ki pase yo, nou pa t janm pre konsa pou n sibi yon katastwòf.

      Syantifik yo planifye pou yo fè yon lòt gade ankò nan ane 2018 pou yo wè konbyen tan k ap rete pou lafendimonn rive. Lè sa a, èske òlòj la ap toujou montre nou toupre pou n sibi yon katastwòf moun potko janm wè anvan? E ou menm, sa w panse? Ki kote monn sa a prale? Li gendwa difisil pou w reponn kesyon sa a. Dayè, menm espesyalis yo pa fin dakò sou sijè sa a. Se pa tout moun ki kwè pral gen yon lafendimonn.

      Anfèt, gen plizyè milyon moun ki kwè pral gen yon bèl avni. Selon sa yo fè konnen, yo gen prèv ki montre lèzòm ak planèt nou an pap janm detwi e lèzòm pral viv pi byen. Èske nou kapab fè pawòl sa yo konfyans? Ki kote monn sa a prale toutbon?

      “Òlòj lafendimonn nan se yon senbòl oswa imaj moun toupatou nan monn nan konnen ki montre jis nan ki pwen lèzòm toupre pou yo detwi sosyete nou an akoz yon seri pwogrè pwòp yo menm ankò fè nan domèn teknoloji. Pi gwo danje a se zam nikleyè yo, men gen lòt ankò tankou teknoloji ki gen efè sou anviwònman an, byoteknoloji ak teknoloji ki gen rapò ak Entènèt, ki ka lakòz gwo dega sou lavi moun ak planèt nou an, kit se espre yo te fè kit se te yon move kalkil oswa yon bagay ki rive san yo pa t prevwa.” — Bulletin of the Atomic Scientists.

  • Y ap chèche repons
    Reveye n! — 2017 | No. 6
    • SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | KI KOTE MONN SA A PRALE?

      Y ap chèche repons

      SI W santi w strese oswa menm ou pè afòs ou tande move nouvèl, konnen se pa ou menm sèl ki santi sa. Nan ane 2014, Barack Obama, ansyen prezidan Etazini an, te fè konprann akòz tout move bagay y ap bay nan nouvèl, anpil moun panse “monn nan ap vin pi mal e pèsonn pa ka anpeche sa”.

      Epoutan, yon ti tan apre l te fin fè deklarasyon sa a, li te pale avèk asirans sou divès estrateji ki deja tabli pou rezoud anpil nan pwoblèm ki gen nan monn nan. Li te pale konsènan kèk inisyativ gouvènman an te pran li te kalifye kòm “bon nouvèl” e l di tou jan li gen “bonjan espwa” ak jan li “vrèman pozitif”. Nan yon sans, li te montre bonjan efò lèzòm ap fè yo se nan objektif pou yo gen kontwòl monn nan epi evite yon katastwòf mondyal.

      Anpil moun dakò avè l nan sans sa a. Pa egzanp, gen kèk nan moun sa yo ki kwè lasyans pral ranje sitiyasyon monn nan paske gen yon pakèt gwo pwogrè k ap fèt nan domèn teknoloji. Gen yon espesyalis nan domèn teknoloji, e ki fò nan vini ak nouvo ide, ki panse toutbon, rive nan ane 2030 “teknoloji a ap vin mil fwa pi bon e rive nan ane 2045, l ap vin yon milyon fwa pi bon toujou”. Men sa l di ankò: “Jiska prezan nou sou bon wout la. Se vre se premye fwa n ap fè fas ak tout pwoblèm sa yo, men, kapasite nou genyen pou n fè fas ak pwoblèm yo pi fò lontan pase pwoblèm sa yo.”

      Men, jis nan ki pwen monn nan ap vin pi mal menm? Èske se toutbon nou toupre pou monn nan rive nan bout li? Se vre, gen kèk politisyen ak syantifik ki di gen espwa, men, anpil moun ap enkyete yo pou lavni. Poukisa?

      Yon eksplozyon nikleyè

      ZAM KI KA TOUYE MOUN PA PAKÈT. Nasyonzini ak anpil lòt òganizasyon pa rive elimine zam nikleyè nan monn nan malgre tout efò yo fè. Anfèt, gen yon seri dirijan gwo ponyèt ki pase lwa moun fè pou sispann pwodui zam yo nan rizib. Peyi ki te deja gen zam nikleyè ap fè zam pa yo vin pi efikas e y ap fè lòt ki ka touye plis moun toujou. E peyi ki pa t gen zam nikleyè gen kapasite kounye a pou yo detwi yon pakèt moun yon sèl kou.

      Jodi a, lefètke nasyon yo prepare pou yo fè gè nikleyè sa fè monn nan vin yon kote ki pa an sekirite pou moun viv menm nan moman kote swadizan gen lapè. Men ki avètisman yon jounal (Bulletin of the Atomic Scientists) bay: “Aparèy yo fè tankou yon wobo yon fason pou l touye moun san pa gen moun k ap kontwole l la vrèman enkyetan.”

      Yon mesye ki sou kabann lopital.

      SANTE NOU MENASE. Lasyans pa ka ede nou gen bon sante. Gen yon seri bagay ki pa sispann ogmante e ki lakòz maladi, pa egzanp lè yon moun gwo depase limit, pwoblèm tansyon, lè a ki kontamine ak zafè pran dwòg la. Anpil moun ap mouri ak yon pakèt maladi ki pa atrapan, tankou kansè, pwoblèm kè ak dyabèt. Gen anpil moun ki domaje akoz kèk lòt maladi, tankou maladi mantal. Pandan dènye ane sa yo, gen yon seri viris ki vini sanzatann e ki reprezante yon gwo danje pou lavi moun, tankou viris Ebola a ak viris Zika a. Donk, lèzòm pa gen kontwòl sou maladi, e sanble yo pa ka elimine pwoblèm sa a.

      Polisyon ki kontamine lè ak dlo.

      LÈZÒM AP ATAKE ANVIWÒNMAN AN. Gen yon seri endistri ki kontinye ap sal anviwònman an. Gen plizyè milyon moun ki mouri chak ane akoz yo respire lè a ki kontamine.

      Kit se yon sèl moun, kit se yon gwoup moun, kit se ajans gouvènman an, yo tout kontinye ap jete fatra, ki konn gen ladan l bagay yo fin sèvi lopital ak fatra ki gen rapò ak manje. Mete sou sa, yo jete plastik ak lòt bagay ki sal lanmè a. Men sa yon ansiklopedi (Encyclopedia of Marine Science) fè konnen: “Tout fatra toksik sa yo anpwazonnen ni bèt ni plant k ap viv nan lanmè, e moun ki manje bèt sa yo anpwazonnen tou.”

      Mete sou sa, nou kòmanse pa gen bon dlo ankò. Gen yon syantifik anglè ki rele Robin McKie ki gen rezon di: “Gen yon gwo pwoblèm dlo nan monn nan ki afekte tout kote sou tè a.” Politisyen yo admèt pwoblèm dlo ki genyen an se sitou lèzòm ki lakòz li, e sa reprezante yon gwo danje.

      Yon tònad

      ANVIWÒNMAN AN AP ATAKE LÈZÒM. Gen tanpèt, siklòn, tònad, tifon, tranblemanntè ki lakòz gwo inondasyon, glisman teren ak lòt fòm destriksyon ankò. Pa t janm gen tout moun sa yo ki mouri oswa ki afekte akoz katastwòf natirèl sa yo. Gen yon etid yo fè Ozetazini kote La Naza (National Aeronautics and Space Administration) montre gen gwo posiblite pou “tanpèt yo vini ak plis fòs, pou tanperati a vin tèlman cho opwen l ka touye moun, e pou tanperati a ap chanje, pa egzanp yon lè gen gwo inondasyon epi yon lòt lè gen gwo sechrès”. Èske anviwònman an pap fin touye nou?

      Petèt ou konn reflechi ak lòt bagay ki ka yon menas pou nou. Epoutan, ou pap jwenn bonjan repons konsènan lavni si se sou move bagay k ap pase jodi a ou ret konsantre. Gen kèk moun ki ka di menm bagay la si yo ret ap koute sa politisyen ak syantifik yo ap di. Jan nou te wè nan atik anvan an, gen anpil moun ki jwenn bonjan repons pou kesyon yo konn poze sou kondisyon monn nan ak avni l. Ki kote nou ka jwenn repons sa yo?

  • Ki sa Bib la di?
    Reveye n! — 2017 | No. 6
    • Yon mesye ki nan monn nouvo Bondye pwomèt la.

      Sa yo predi konsènan òlòj lafendimonn nan pap reyalize paske Bondye pwomèt yon bèl avni pou lèzòm ak pou tè a.

      SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | KI KOTE MONN SA A PRALE?

      Ki sa Bib la di?

      SA GEN plizyè syèk depi Bib la te gentan fè konnen nan ki sitiyasyon difisil monn lan t ap ye jodi a. Men, Bib la te sitou fè konnen gen yon bèl avni k ap tann lèzòm. Nou pa dwe kouri panse sa pap fèt vre. Rezon an se paske nou wè anpil nan sa Bib la te anonse yo ap reyalize menm nan ti detay.

      Pa egzanp, annou egzamine pwofesi biblik ki vin apre yo:

      • “Nasyon pral leve kont nasyon, e wayòm pral leve kont wayòm. Pral gen rate manje ak tranblemanntè nan yon zòn apre yon lòt.” — Matye 24:7.

      • “Nan dènye jou yo, tan yo pral di, yo pral difisil pou moun sipòte. Paske, moun yo ap renmen pwòp tèt yo, y ap renmen lajan, y ap grandizè, y ap ògeye, y ap blasfeme, y ap dezobeyi paran yo, y ap engra, yo pap fidèl, yo pap gen afeksyon pou moun parèy yo, yo pap dispoze antann yo, y ap pale moun mal, y ap san metriz, y ap sovaj, yo pap renmen sa ki byen, y ap trèt, y ap gen tèt di, y ap gonfle ak ògèy, y ap renmen plezi olye yo renmen Bondye.” — 2 Timote 3:1-4.

      Pwofesi sa yo pale de yon monn kèk moun ta gendwa di k ap vin pi mal e ki vrèman san kontwòl. Nan yon sans, lèzòm vrèman pèdi kontwòl monn nan. Jan Bib la fè konn sa, lèzòm jis pa gen sajès ak kapasite pou yo vin ak yon vrè solisyon pou pwoblèm yo. Vèsè ki vin apre yo montre sa aklè:

      • “Gen yon wout ki parèt dwat devan yon moun, men, alafen, se nan lanmò li mennen.” — Pwovèb 14:12.

      • “Moun ap domine sou moun pou fè yo soufri.” — Eklezyas 8:9.

      • “Se pa lòm ki pou deside ki kote l ap met pye l.” — Jeremi 10:23.

      Si lèzòm kontinye fè sa yo vle, li pwobab pou gen yon gwo katastwòf nan monn nan. Men, se pa sa k pral rive! Sa k fè sa? Men sa Bib la di:

      • Bondye “mete tè a chita sou fondasyon l, tè a pap janm deplase kite kote l ye a pou tout tan gen tan”. — Sòm 104:5.

      • “Yon jenerasyon ale, yon jenerasyon vini, men, tè a ret la pou toutan.” — Eklezyas 1:4.

      • “Moun ki jis yo gen pou yo posede tè a e yo gen pou yo viv sou li pou toutan.” — Sòm 37:29.

      • “Tè a gen pou l chaje ak manje angren, tout tèt mòn yo pral chaje ak manje.” — Sòm 72:16.

      Vèsè sa yo bay repons ki klè. Lèzòm pap disparèt akoz polisyon, rate manje ak dlo oswa gwo epidemi. Nitou monn nan pap disparèt akoz yon gè nikleyè. Sa k fè sa? Avni planèt nou an nan men Bondye. Se vre Bondye bay lèzòm libète pou yo deside, men, y ap sibi konsekans desizyon yo pran (Galat 6:7). Monn nan pa tankou yon machin ki pèdi fren, ki san kontwòl e ki pral fè gwo aksidan. Bondye mete limit nan dega lèzòm ka fè pou detwi moun parèy yo. — Sòm 83:18; Ebre 4:13.

      Men, Bondye pral fè plis pase sa. Li pral fè gen “yon lapè total”. (Sòm 37:11.) Avni nou pale de li nan atik sa a se jis yon ti apèsi sou bèl avni plizyè milyon Temwen Jewova aprann lè yo etidye Bib la.

      Temwen Jewova yo se yon gwoup moun toupatou sou tè a ki gen gason ak fi tout laj ki soti nan tout kilti. Yo adore sèl vrè Dye a, non li se Jewova jan Bib la fè konn sa. Yo pa pè lavni paske Bib la di: “Jewova, vrè Dye a, Sila a ki te kreye syèl la, Sila a ki te bay tè a fòm nan, Sila a ki te fè tè a e ki fè l rete byen djanm nan, Sila a ki pa t annik kreye l pou granmesi a, men ki te fè l pou moun rete sou li a, di: ‘Mwen se Jewova, pa gen lòt ankò.’” — Ezayi 45:18.

      Atik sa a te pale sou kèk nan sa Bib la anseye konsènan avni tè a ak avni lèzòm. Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade leson 5 nan bwochi Bon nouvèl Bondye bay la! Se Temwen Jewova ki pibliye bwochi sa a e li sou sit www.jw.org la.

      Epitou ou kapab gade videyo Poukisa Bondye te kreye tè a?, li sou sit www.jw.org. (Gade anba PIBLIKASYON > VIDEYO)

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje