BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • g23 no 1 p. 3-5
  • Dlo dous

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Dlo dous
  • Reveye n! — 2023
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Sa k fè n pa gen ase dlo dous
  • Tè a fèt pou l la pou toutan
  • Sa lèzòm deja fè
  • Rezon ki fè nou gen espwa — Sa Bib la di
  • Ki sa Bib la di sou pwoblèm dlo ki genyen sou tè a?
    Kèk lòt sijè
Reveye n! — 2023
g23 no 1 p. 3-5
Yon dam k ap pran dlo ak men l nan yon rivyè.

ÈSKE GEN ESPWA POU PLANÈT NOU AN?

DLO DOUS

LAVI sou tè a t ap enposib san dlo, sitou dlo dous. An reyalite, dlo reprezante pi gwo pati nan tout sa ki vivan. Lak yo, rivyè yo, marekaj yo ak dlo ki anba tè yo fè lèzòm ak bèt yo jwenn dlo pou yo bwè, e yo pèmèt nou jwenn dlo pou nou wouze jaden nou.

Sa k fè n pa gen ase dlo dous

Pifò tè a kouvri ak dlo. Sepandan, men sa Òganizasyon mondyal meteyowolojik fè konnen: “Se sèlman 0.5 pousan dlo sou tè a ki disponib e moun ka sèvi avèk yo kòm dlo dous.” Byenke ti kantite dlo sa a ta dwe ase pou lavi posib sou tè a, pifò nan kantite dlo sa a vin kontamine, oswa moun pa gen aksè avèk li. Sa ki lakòz yo bezwen plis dlo e klima a vin chanje. Moun ki fè rechèch yo prevwa nan 30 an, ka gen senk milya moun ki pa gen ase dlo dous pou yo viv.

Tè a fèt pou l la pou toutan

Tè a fèt yon fason pou l toujou gen dlo sou li. Epitou, tè a, sa ki vivan nan dlo yo, e menm limyè solèy la travay pou netwaye dlo nou yo. Ann egzamine kèk prèv ki montre tè a se yon planèt ki fèt pou l la pou toutan.

  • Gen prèv ki montre tè a gen kapasite pou l retire anpil bagay k ap kontamine dlo yo. Nan marekaj yo, gen kèk plant moun yo byen konnen ki retire nitwojèn, fosfò ak pestisid nan dlo yo.

  • Selon etid syantifik yo fè, yo rive wè ki jan dlo yo rete pwòp tou natirèlman. Lè dlo a ap koule, bagay ki kontamine l yo fonn ladan l, epi bakteri manje yo.

  • Paloud ak moul ki viv nan dlo dous yo ka elimine kèk pwodui chimik ki danjere nan dlo yo nan kèk jou sèlman, e yo menm fè sa pi byen pase konpayi ki trete dlo yo.

  • Grasa sik dlo a, tè a rive konsève dlo ki sou li yo. Sik sa a ak lòt fenomèn natirèl ankò anpeche dlo yo kite atmosfè a, oswa disparèt sou tè a.

    ÈSKE W TE KONNEN?

    Tè a — Filtè natirèl pou dlo dous

    Lè dlo ap koule sou tè a, tè a bwè dlo a, sa ki fè moso metal, pwodui toksik, fatra ak lòt move bagay ki nan dlo a rete nan tè a. Distans pou dlo a al chita anba tè, li gentan bon pou moun bwè l.

    Yon kare ki montre ki jan tè a netwaye dlo ki kontamine. Dlo lapli a rantre nan tè a, nan mitan wòch ak ti grenn sab yo jiskaske l al chita anba tè a.

    Filtè fizik

    Ti grenn sab ak ti wòch sèvi kòm paswa ki fen pou kenbe salte ki nan dlo yo.

    Filtè byolojik

    Gen bakteri ki nan tè a ki ka fè bagay ki te toksik pou moun vin pa toksik ankò. Gen kèk bakteri ki ka fè luil ki te toksik vin tounen gaz kabonik ak dlo.

    Filtè chimik

    Tè ki gen yon ti chaj elektrik kapab kenbe pwodui chimik ki toksik ki gen yon chaj elektrik ki diferan. Pa egzanp, yo ka sèvi ak moso ajil ki gen chaj elektrik negatif pou yo netwaye dlo ki kontamine ak yon kalite amonyòm ki gen chaj elektrik pozitif ki ka wouye metal.

Sa lèzòm deja fè

Foto ki ansanm: 1. Yon mesye k ap repare machin li k ap bay luil. Li sèvi ak yon veso pou l pran luil k ap koule a. 2. Yon mesye k ap bay boutèy pwodui chimik ki vid yon kote y ap resikle yo.

Lè nou repare machin k ap bay luil e nou byen elimine dechè ki toksik, nou patisipe nan kenbe sous dlo nou yo pwòp.

Moun ki fè rechèch yo ankouraje n konsève dlo depi sa posib. Pou n evite kontamine dlo yo, yo konseye n repare machin nou lè l ap bay luil, epi pa flòch medikaman nou pa itilize nan twalèt, oswa jete pwodui ki toksik nan twou rego.

Enjenyè yo vin ak yon seri nouvo metòd ki estrawòdinè pou yo retire sèl nan dlo lanmè. Yo fè sa nan objektif pou yo ogmante kantite dlo dous ki gen sou tè a.

Men, sa pa sifi. Retire sèl nan dlo yo pa yon solisyon ki reyalis, paske sa koute anpil kòb e sa mande anpil enèji. An 2021, gen yon rapò Nasyonzini bay sou fason yo jere dlo ki fè konnen: “Sou tout tè a, yo ta dwe double kantite dlo y ap desale yo.”

Rezon ki fè nou gen espwa — Sa Bib la di

“Bondye [...] fè gout dlo yo monte anlè, yo vin tounen lapli ak bwouya. Epi, nyaj yo fè lapli tonbe. Dlo benyen tout moun.” — Jòb 36:​26-28.

Bondye te kreye sik natirèl sa yo pou pwoteje dlo sou tè a. — Eklezyas 1:7.

Fè yon ti reflechi. Piske Kreyatè a te fè tè a yon fason ki pèmèt dlo yo rete pwòp, èske li pa lojik pou n kwè li gen pouvwa ak volonte pou l repare dega lèzòm lakòz yo? Gade atik ki gen tit “Bondye pwomèt gen espwa pou planèt nou an” ki nan paj 15 lan.

APRANN PLIS

Molekil dlo yo agrandi.

Dlo gen yon pakèt bon bagay ladan l ki fè lavi posib sou tè a. Gade videyo ki gen tit Bèl bagay ki gen nan kreyasyon an fè n wè glwa Bondye — Dlo sou jw.org.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje