BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • g23 no 1 p. 6-8
  • Lanmè

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Lanmè
  • Reveye n! — 2023
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Sa k fè lanmè a an danje
  • Tè a fèt pou l la pou toutan
  • Sa lèzòm deja fè
  • Rezon ki fè nou gen espwa — Sa Bib la di
  • Lis sijè yo
    Reveye n! — 2023
  • Nan nimewo Reveye n! sa a
    Reveye n! — 2023
  • Entwodiksyon
    Reveye n! — 2023
Reveye n! — 2023
g23 no 1 p. 6-8
Yon moun k ap naje nan fon lanmè nan mitan yon pakèt bèl pwason, koray ak plant ki anba lanmè.

Georgette Douwma/Stone via Getty Images

ÈSKE GEN ESPWA POU PLANÈT NOU AN?

LANMÈ

LANMÈ a pwodui majorite sa nou bezwen pou n manje e se nan lanmè a nou jwenn anpil bagay nou bezwen pou n fè medikaman. Lanmè a pwodui plis pase mwatye nan oksijèn ki gen nan monn nan, e li absòbe gaz kabonik lèzòm lage nan atmosfè a. Mete sou sa, lanmè a kontwole klima a.

Sa k fè lanmè a an danje

Chanjman ki fèt nan klima a se yon danje pou koray yo, bèt ki viv nan lanmè, ak lòt sa ki vivan nan lanmè a. Syantifik yo fè konnen resif yo, ki gen ladan yo pou pi piti yon ka nan tout sa ki vivan nan lanmè a, riske pa egziste ankò nan 30 ane k ap vini yo.

Moun ki fè rechèch yo panse li posib pou prèske 90 pousan nan zwazo ki manje nan lanmè yo deja manje plastik, e plastik sa yo touye plizyè milyon bèt k ap viv nan lanmè a chak ane.

Men sa António Guterres, sekretè jeneral Nasyonzini, te di nan ane 2022: “Nou te panse lanmè a t ap toujou anfòm, e jodi a, n ap fè fas ak sa m ta ka rele ‘yon lanmè ki an danje.’”

Tè a fèt pou l la pou toutan

Lanmè a ak sa ki vivan ladan l yo fèt yon fason pou yo kenbe tèt yo pwòp e an sante lè lèzòm pa twò kontamine yo. Gen yon liv ki fè konnen lè lèzòm pa kontamine lanmè a, “lanmè a kontinye netwaye tèt li poukò l” (Regeneration: Ending the Climate Crisis in One Generation). Ann pran kèk egzanp:

• Gen yon seri òganis ki piti anpil ki rele fitoplankton ki absòbe gaz kabonik epi stoke l, se prensipal gaz moun yo kwè ki lakòz tanperati tè a ogmante a. Fitoplankton yo poukont yo stoke prèske menm kantite gaz kabonik ak tout pyebwa yo, zèb yo, ansanm ak lòt plant ki sou tè a.

• Bakteri yo manje pwason ki mouri nan lanmè yo, se sa k fè lanmè a pa kontamine. Annapre, bakteri sa yo vin tounen manje pou lòt bèt k ap viv nan lanmè yo. Selon Smithsonian Institution Ocean Portal, aranjman sa a fè “dlo lanmè a rete pwòp e byen klè”.

• Fason anpil pwason dijere manje redui kantite asid ki gen nan dlo lanmè a, sa ki t ap yon danje pou koray yo, bèt ki nan lanmè yo, ak lòt sa ki vivan nan lanmè a.

ÈSKE W TE KONNEN?

Zèb ki nan lanmè a pèmèt li rete pwòp

Yon kare ki montre vag lanmè k ap rive sou yon plaj. Sab ki anba lanmè yo, zèb yo ak bèt ki viv anba lanmè yo parèt. Pandan vag yo ap rive sou plaj la, zèb ki anba lanmè yo redui wotè ak vitès vag yo e yo kenbe salte ki nan dlo a. Pwason ak lòt bèt nan lanmè yo alèz nan zèb yo. Dlo ki rive sou plaj la pwòp e lanm lanmè yo pi poze.

Zèb ki grandi anba lanmè yo pèmèt sab anba lanmè a rete nan plas yo. Yo fè koray yo ret an sante, yo pwoteje plaj yo lè yo redui fòs lanm lanmè yo, e yo anpeche plaj yo disparèt.

Sa lèzòm deja fè

Foto ki ansanm: 1. Yon mesye k ap retire pwovizyon nan yon sak yo ka itilize ankò sou yon kontwa kizin. 2. Yon dam k ap met dlo nan yon boutèy yo ka itilize ankò nan yon evye.

Lè nou sèvi ak valiz ansanm ak boutèy nou ka itilize ankò, sa ka ede nou redui kantite plastik ki nan lanmè a.

Si nou pa janm jete fatra nan lanmè a, yo pap janm bezwen netwaye l. Moun ki fè rechèch yo ankouraje moun yo sèvi ak valiz, veso ak resipyan yo ka itilize ankò, olye yo sèvi ak bagay plastik yo oblije jete chak fwa yo fin sèvi avèk yo.

Men, sa pa sifi. Sa pa gen twò lontan, nan yon sèl ane, yon òganizasyon k ap travay pou pwoteje anviwònman an te ranmase 9200 tòn fatra sou plaj bò lanmè nan 112 peyi. Epoutan, sa reprezante sèlman yon milyèm nan fatra ki antre nan lanmè a chak ane.

Yon jounal ki rele National Geographic fè konnen “ta sanble li enposib pou yo netwaye kantite asid [ki gen nan lanmè a]”. Lèzòm tèlman jete pwodui toksik nan lanmè a, bèt ki viv nan lanmè yo “pa kapab netwaye lanmè a jan yo ta dwe fè sa. Sa vrèman pa nòmal”.

Rezon ki fè nou gen espwa — Sa Bib la di

“Tè a chaje ak sa w fè. Gen lanmè a ki fon e ki gwo anpil. Li chaje ak yon pakèt kreyati vivan moun pa ka konte, gwo kou piti.” — Sòm 104:​24, 25.

Kreyatè nou an fè lanmè a ak kapasite pou l netwaye tèt li. Fè yon ti reflechi: Si l konn tout bagay sa yo sou lanmè a ak tout sa ki vivan nan lanmè a, èske l pa gen kapasite tou pou l repare dega lèzòm fè nan lanmè a? Gade atik ki gen tit “Bondye pwomèt gen espwa pou planèt nou an”, ki nan paj 15 lan.

APRANN PLIS

Balèn yo rele pilòt la k ap naje nan fon lanmè.

Blue Planet Archive/Doug Perrine

Syantifik yo te kopye sou yon bèt nan lanmè pou yo konn fason pou yo netwaye gwo bato san yo pa sèvi ak pwodui chimik ki toksik. Li atik ki gen tit “Po balèn pilòt la netwaye tèt li poukont li” sou jw.org.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje