ÈSKE GEN ESPWA POU PLANÈT NOU AN?
LÈ A
NOU bezwen lè, pa sèlman pou nou respire. Lè a pwoteje planèt nou an kont pifò reyon solèy ki ta ka yon danje pou lavi moun. San lè a, tanperati toupatou sou tè a t ap pi ba pase tanperati nòmal dlo konn fè glas la.
Sa ki yon danje pou lè a
Polisyon ki gen nan lè a se yon danje ki ka detwi lavi sou tè a. Selon Òganizasyon mondyal lasante, se sèlman yon pousan moun sou tè a ki respire bon lè.
Polisyon ki gen nan lè a ka lakòz maladi respiratwa, kansè poumon, ak maladi nan kè. Polisyon ki gen nan lè a lakòz anviwon 7000000 moun mouri anvan lè chak ane.
Tè a fèt pou l la pou toutan
Planèt nou an gen kapasite pou l bay ase lè ki pwòp pou tout sa ki vivan sou tè a. Men, sa t ap posib sèlman si lèzòm veye pou yo pa twò kontamine anviwònman an. Ann pran kèk egzanp:
Moun byen konnen kapasite forè yo genyen pou yo absòbe gaz kabonik nan lè a. Men, an reyalite, yo pa byen konnen marekaj ki bò lanmè ki gen pyebwa yo rele mangwòv la ka fè sa pi byen toujou. Mangwòv yo jwe yon gwo wòl paske yo absòbe senk fwa plis kantite gaz kabonik pase sa forè twopikal yo ka absòbe.
Selon rechèch yo fè sa pa gen twò lontan, yo wè gen kèk gwo plant anba lanmè, tankou sa yo rele varèch la, ki pran gaz kabonik ki nan atmosfè a e ki elimine yo tou. Fèy plant ki tankou fèy yo rele varèch la gen yon seri ti pòch ki plen ak gaz ki pèmèt yo flote sou yon distans ki long. Lè yo rive byen lwen plaj la, pòch gaz yo eklate, epi fèy yo ki te plen gaz kabonik plonje nan fon lanmè. Apre sa, gaz kabonik la rete poze anba lanmè a pandan anpil syèk.
Kapasite atmosfè nou an genyen pou l repare tèt li kont gwo polisyon an te parèt aklè pandan peryòd konfinman COVID-19 la. Nan ane 2020, lè faktori nan monn nan ak motè machin yo te prèske sispann kontamine lè a, byen vit, kalite lè a te amelyore. Selon yon rapò yo te fè nan ane 2020 (“2020 World Air Quality Report”), plis pase 80 pousan nan peyi yo t ap suiv yo te fè konnen lè a te vin pi pwòp yon tikras tan apre konfinman an te kòmanse.
Sa lèzòm deja fè
Lè n itilize bisiklèt, sa ka bese nivo polisyon ki gen nan lè a
Gouvènman yo kontinye ap fè presyon sou konpayi yo pou yo redui polisyon ki gen nan lè a. Epitou, syantifik yo kontinye dekouvri nouvo fason pou yo redui polisyon ki nan lè a. Pa egzanp, youn nan fason yo fè sa, se lè yo sèvi ak bakteri pou fè bagay ki kontamine vin tounen pwodui ki pa danjere. Epitou, moun ki fè rechèch yo konseye moun yo pou yo mache oswa pou yo monte bisiklèt olye pou yo kondui, epi chèche fason pou yo itilize mwens enèji lakay yo.
Gen gouvènman ki bay sitwayen yo fou ki modèn pou redui polisyon ki nan lè a, men anpil moun poko genyen yo.
Men, sa pa sifi, e sa parèt klè nan rapò plizyè ajans entènasyonal te bay nan ane 2022 a, sa gen ladan l Òganizasyon mondyal lasante ak Bank mondyal.
Rapò 2020 an fè konnen anviwon yon tyè nan popilasyon mondyal la sèvi ak fou oswa teknoloji ki ka polye lè a lè y ap fè manje. Nan anpil zòn, se kèk moun sèlman ki ka achte yon nouvo fou, oswa itilize lòt mwayen pou yo fè manje.
Rezon ki fè nou gen espwa — Sa Bib la di
“Men sa Jewova, vrè Dye a, di, Kreyatè syèl la, [...] Sila a ki mete tè a kote l ye a e ki fè tout sa ki sou li, Sila a ki bay moun k ap viv sou tè a souf.” — Ezayi 42:5.
Bondye kreye lè n ap respire a e li fè lanati yon fason pou l netwaye lè a. Bondye gen yon pouvwa ki san limit e li gen lanmou pou lèzòm. Bon, èske sa rezonab pou n panse li pap fè anyen pou polisyon ki gen nan lè a? Gade atik ki gen tit “Bondye pwomèt gen espwa pou planèt nou an”.