BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • g23 no 1 p. 15
  • Bondye pwomèt gen espwa pou planèt nou an

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Bondye pwomèt gen espwa pou planèt nou an
  • Reveye n! — 2023
  • Sou menm sijè a
  • Yon kado etènèl Kreyatè a ban nou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2007
  • Nan nimewo Reveye n! sa a
    Reveye n! — 2023
  • Èske lèzòm ap depafini tè a yon fason ki pa ka repare?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Èske y ap detwi tè a?
    Repons Bib la bay
Gade plis
Reveye n! — 2023
g23 no 1 p. 15
Yon lak ki antoure ak mòn ansanm ak yon forè.

Oleh_Slobodeniuk/​E+ via Getty Images

Bondye pwomèt gen espwa pou planèt nou an

“Tè a pi solid pase sa nou panse.”

Se sa yon ekip entènasyonal ki t ap fè rechèch sou klima a te rive konprann. Si w kwè gen yon Kreyatè ki gen sousi pou lèzòm, sa syantifik yo rive konprann nan ka fè w sonje Bondye te kreye tè a yon fason pou l ka repare tèt li.

Aktout sa, lè nou wè tout dega lèzòm lakòz sou tè a, mwayen tè a genyen pou l repare tèt li a pa sifi pou l sove planèt nou an. Poukisa nou ka gen konfyans Bondye ap fè yon bagay pou sa?

Gade ki jan vèsè yo site nan kare a ban nou asirans tè a ap la pou toutan e l ap vin bèl anpil.

  • Se Bondye ki te kreye planèt nou an. “Okòmansman, Bondye te kreye syèl la ak tè a.” — Jenèz 1:1

  • Se pou Bondye planèt nou an ye. “Tè a ak tout sa k ladan l se pou Jewovaa, wi, tè a ak tout sa k ap viv sou li yo.” — Sòm 24:1

  • Bondye te fè planèt nou an pou l la pou toutan. “Li mete tè a chita sou fondasyon l, tè a pap janm deplase kite kote l ye a pou tout tan gen tan.” — Sòm 104:5

  • Bondye pwomèt lavi sou tè a pral bèl pou toutan. “Vrè Dye a […] Sila a ki te bay tè a fòm nan [...] Sila a ki pa t annik kreye l pou granmesi a, men ki te fè l pou moun rete sou li a.” — Ezayi 45:18.

  • Bondye pwomèt lèzòm pral viv sou tè a pou toutan. “Moun ki jis yo gen pou yo posede tè a e yo gen pou yo viv sou li pou toutan.” — Sòm 37:29

Bondye te fè tè a yon fason pou lèzòm ka pwofite lavi sou li san yo pa andomaje tè a. Bib la fè konnen, nan moman Jewova Dye chwazi a, li pral detwi moun ki lakòz planèt nou an an danje yo, anpalan de moun k ap maltrete tè a ak moun ki egoyis yo. — Revelasyon 11:18

Bib la pwomèt Bondye pral fè planèt nou an tounen yon bèl paradi ki an sante e Bondye ap ouvri men l e l ap “bay tout sa k vivan sa yo bezwen”. — Sòm 145:16

a Jewova se non Bondye. — Sòm 83:18.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje