BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • g24 no 1 p. 7-9
  • Ki sa k rive ak kesyon respè pou lavi?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki sa k rive ak kesyon respè pou lavi?
  • Reveye n! — 2024
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • REZON KI FÈ RESPÈ POU LAVI ENPÒTAN
  • FASON OU KA MONTRE RESPÈ POU LAVI
  • FASON TEMWEN JEWOVA YO ANKOURAJE MOUN GEN RESPÈ
  • Fason yo te mete Sal Wayòm yo nan bon kondisyon pou moun pa pran kowonaviris
    Fason n itilize ofrann nou yo
  • Ki sa m dwe konnen sou fimen ak sou sigarèt elektwonik?
    Kesyon jèn yo konn poze
  • Ki sa k rive ak kesyon respè a?
    Reveye n! — 2024
  • Ki sa Bondye panse sou fimen?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
Gade plis
Reveye n! — 2024
g24 no 1 p. 7-9
Yon jèn gason k ap kondui yon machin pandan li menm ak zanmi l yo ap bwè bwason ki gen alkòl.

Ki sa k rive ak kesyon respè pou lavi?

REZON KI FÈ RESPÈ POU LAVI ENPÒTAN

Lè nou gen konpòtman e nou fè aksyon ki montre nou pa gen respè pou lavi, sa ka gen move efè sou sante ak sekirite moun kote n ap viv la.

  • Lè moun fimen sigarèt, nonsèlman, sa lakòz kansè, men, sa febli kapasite kò a genyen pou l goumen kont kansè. Antou, anviwon 90 pousan moun ki mouri akoz kansè poumon te konn fimen, oubyen lòt moun bò kote yo t ap fimen.

  • Chak ane, anpil moun twomatize akoz moun k ap tire bal sou foul moun. Men sa nou li nan yon rapò inivèsite Stanford pibliye: “Selon rechèch yo fè, menm moun ki chape anba atak sa yo [tire nan lekòl] san yo pa blese kontinye soufri pandan plizyè ane akoz move efè eksperyans sa a gen sou yo.”

  • Moun ki bwè alkòl oubyen ki pran dwòg k ap kondui met lavi chofè, pasaje, e menm lavi moun ki apye an danje. Lè moun aji yon fason ki montre yo pa gen respè pou lavi, moun ki inosan ka viktim.

FASON OU KA MONTRE RESPÈ POU LAVI

Pwoteje sante w. Li pa janm twò ta pou yon moun kite yon seri vye abitid tankou fimen, itilize sigarèt elektwonik, bwè twòp bwason ki gen alkòl, oswa pran dwòg. Abitid sa yo ap detwi lavi w e yo montre ou pa gen respè pou lavi moun ki bò kote w, sa gen ladan l moun nan fanmi w.

“Annou pirifye tèt nou anba tout sa ki ka sal kò a.” — 2 Korentyen 7:1.

Panse ak sekirite pa w e ak sekirite lòt moun. Pou w evite aksidan, toujou fè reparasyon nan kay ou. Kondui avèk pridans, epi kenbe machin ou nan bon kondisyon. Pa kite lòt moun fè presyon sou ou pou w patisipe nan aktivite ki ka lakòz moun blese grav oswa ki ka lakòz moun mouri.

“Si nou fèk bati yon kay, nou dwe fè yon balistrad sou do kay la pou nou menm ak moun lakay nou pa responsab san yon moun ki ta sot sou do kay la e li tonbe anba.” — Detewonòm 22:8.a

Se pou w aji byen ak lòt moun. Fason nou wè moun tout ras, tout nasyonalite ak tout ran sosyal montre si nou gen respè pou lavi. Dayè, pifò zak vyolans ak lagè ki gen nan monn nan se akoz prejije ak lahèn.

“Se pou nou retire tout kalite rankin malveyan lakay nou ansanm ak kòlè ak move san. Sispann rele sou moun, sispann joure moun e sispann fè kèlkeswa mechanste a. Men, se pou nou aji byen youn ak lòt.” — Efezyen 4:​31, 32.

FASON TEMWEN JEWOVA YO ANKOURAJE MOUN GEN RESPÈ

Temwen Jewova yo ankouraje moun viv yon fason ki ekilibre e k ap ede yo ret an sante. Pwogram ansèyman biblik nou an ede moun yo venk yon seri abitid ki ka gen move efè sou sante yo.

Nou suiv prensip sekirite nan pwojè konstriksyon nou yo. Volontè k ap ede nan konstwi lokal nou reyini yo oswa lòt lokal nou itilize pou anseye Bib la resevwa fòmasyon pou yo evite aksidan. Yo fè enspeksyon regilyèman nan batiman nou yo yon fason pou yo ka ann amoni ak lwa sekirite nan zòn kote yo ye a.

Nou ede moun ki viktim katastwòf. Pandan 12 dènye mwa ki sot pase yo, toupatou sou tè a, nou te ede moun ki te viktim nan anviwon 200 katastwòf ki te menase lavi yo e nou te depanse prèske 12 milyon dola ameriken nan ofrann nou resevwa pou n ede yo.

Lè ebola te kòmanse ravaje popilasyon Afrik delwès la (2014) ak Repiblik Demokratik Kongo a (2018), nou te anseye moun yo fason pou yo anpeche maladi sa a k ap touye moun pwopaje. Nou te voye kèk reprezantan pou pale ak moun yo sou sijè “Obeyisans sove lavi moun”. Nou te mete kote pou moun lave men yo nan antre chak lokal nou itilize pou nou adore Bondye e nou te mete aksan sou enpòtans lave men genyen ak lòt abitid pou anpeche maladi gaye.

Nan Syera Leyòn, gen yon estasyon radyo ki te felisite Temwen Jewova yo paske yo te ede ni moun ki Temwen ni moun ki pa Temwen nan zòn y ap viv yo pou yo pa pran viris ebola a.

Temwen Jewova yo ki nan liy k ap tann avèk pasyans pou yo lave men yo anvan yo antre nan yon Sal Wayòm.

Yon kote yo lave men nan yon Sal Wayòm pandan ebola t ap gaye nan peyi Liberya an 2014

a Lwa sa a nan Mwayenn Oryan tan lontan an te montre enpòtans pou moun gen sousi pou sekirite moun nan fanmi yo ak sekirite lòt moun.

Óscar Serpas.

APRANN PLIS

Óscar Serpas te fè pati yon gang e gen yon epòk li pa t gen respè ni pou lavi pa l ni pou lavi lòt moun. Gad ki jan Temwen Jewova yo te ede l chanje lavi l. Chèche atik “Mwen t ap fouye pwòp tonm mwen” sou jw.org.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje