BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Pale yon fason ki swa
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
    • LESON 4

      Pale yon fason ki swa

      Ki sa pou w fè?

      Lè w ap li e lè w ap pale, fè sa yon fason pou mo ak ide w ap di yo soti swa. Lè yon moun pale yon fason ki swa, li pa plede koupe sa l ap di yo, li pa li dousman dousman, li pa bite sou mo, ni li pa kanpe pou l ap chèche ide pou l di yo.

      Poukisa sa enpòtan?

      Si yon oratè pa pale yon fason ki swa, lespri moun k ap koute l yo pap sou sa l ap di yo. Moun yo ka mal konprann ide yo. Sa l ap di yo ka manke konvenk moun yo.

      LÈ W AP li awotvwa, èske w bite sou yon seri mo? Oubyen èske lè w ap bay yon diskou, souvan ou tonbe nan chèche mo ki egzak? Si se konsa, petèt ou gen pwoblèm pou w pale yon fason ki swa. Yon moun pale yon fason ki swa lè l li oswa li pale yon fason pou mo ak ide l ap di yo soti swa, san pwoblèm. Sa pa vle di li pale san rete, oswa li pale rapid rapid, oubyen li pale san l pa reflechi. Okontrè, li pale yon fason ki agreyab e ki bèl. Pale yon fason ki swa se yon pwen yo bay yon atansyon espesyal nan Lekòl ministè teyokratik la.

      Gen yon pakèt bagay ki ka fè yon moun pa fin pale yon fason ki swa. Èske gen youn nan bagay ki vin apre yo ou ta dwe byen veye? 1) Lè w ap li pou lòt moun, lefètke gen mo ou pa abitye avèk yo, sa ka fè w bite sou yo. 2) Si w ap plede fè yon pakèt ti poz, sa ka fè pawòl yo soti bout bout. 3) Ou ka gen pwoblèm sa a tou si w pa byen prepare. 4) Lè w ap pale devan yon gwoup moun, youn nan bagay ki ka fè souvan ou pa rive pale yon fason ki swa, se si w pa t òganize enfòmasyon yo yon fason ki lojik. 5) Si w manke konn anpil mo, sa ka lakòz ou ezite lè w ap chèche mo egzak pou w di. 6) Si w mete aksan sou twòp mo, sa ka anpeche w pale yon fason ki swa. 7) Si w manke konn règ gramè yo, ou ka gen pwoblèm sa a tou.

      Si w pa rive pale yon fason ki swa, se vre moun k ap koute w nan Sal Wayòm yo pap soti kite Sal la, men lespri yo ka pa sou sa w ap di yo. Konsa, y ap pèdi anpil bagay nan sa w ap di yo.

      Yon lòt bò, yon moun k ap chèche pale avèk fòs e yon fason ki swa dwe fè atansyon pou l pa parèt yon moun k ap pase moun lòd e ki awogan, oswa menm yon moun k ap chèche anbarase moun k ap koute l yo. Si akoz diferans ki genyen ant kilti pa w ak kilti moun yo, yo konsidere fason w pale a montre w manke konsiderasyon pou lòt moun oswa ou manke senserite, ou pap atenn objektif ou genyen an. Li enteresan pou w note, byenke apot Pòl te yon oratè ki te gen eksperyans, li te pale ak kretyen Korent yo “nan feblès, nan lakrentif e avèk anpil respè”, yon fason pou l pa t atire atansyon yo sou li san nesesite. — 1 Kor. 2:3.

      Sa nou dwe evite. Gen anpil moun, lè y ap pale, ki konn ap plede di “e, e,...”. Souvan, gen lòt moun ki renmen di “donk” oswa “alò” devan chak ide yo kòmanse oswa tanzantan yo di “ou konprann”. Petèt ou pa rann ou kont si w itilize ekspresyon sa yo souvan konsa. Ou ka fè yon seyans egzèsis ak yon moun, kote moun nan ap koute w epi l ap repete ekspresyon sa yo chak fwa w di yo. Ou ka sezi wè konbyen fwa w di yo.

      Gen moun, lè y ap li e lè y ap pale, k ap plede reprann sa yo te deja di. Sa vle di, yo kòmanse yon fraz, ansuit, san yo pa menm fini fraz la, yo reprann omwen yon pati nan sa yo te deja di a.

      Gen lòt moun ki pa gen pwoblèm sa a, yo gendwa pale ase vit, men yo ka kòmanse yon ide epi apre sa, pandan yo nan mitan fraz la, yo janbe nan yon lòt ide. Menmsi mo yo soti san pwoblèm, chanjman sa yo yo fè bridsoukou anpeche yo pale yon fason ki swa.

      Fason pou nou amelyore. Si pwoblèm ou, se chèche w toujou ap chèche mo w dwe di a, ou bezwen fè bonjan efò pou w ogmante kantite mo w konnen. Byen gade mo ou pa byen konnen ki nan Toudegad ak nan lòt piblikasyon w ap li yo. Chèche yo nan yon diksyonè, chèche sans yo epi itilize kèk nan mo sa yo nan konvèsasyon w ap fè. Si w pa gen diksyonè, mande yon moun ki pale lang nan byen pou l ede w.

      Pran abitid li awotvwa regilyèman, sa ap ede w amelyore. Note mo ki difisil yo epi repete yo awotvwa plizyè fwa.

      Pou w li yon fason ki swa, li nesesè pou w konprann ki rapò ki genyen ant yon mo ak yon lòt nan yon fraz. An jeneral, nou dwe li mo yo pa gwoup pou nou ka byen bay ide ekriven an te vle bay la. Byen gade ki jan yo mete mo yo ansanm pou yo fè yon gwoup mo. Fè yon mak pou w separe gwoup mo yo, si w santi sa ap ede w. Objektif ou se pa sèlman byen li mo yo, men tou, se fè moun yo byen konprann ide yo. Lè w fin analize yon fraz, ale nan lòt fraz ki vin apre l la. Fè konsa jiskaske w fin etidye tout paragraf la nèt. Chèche abitye ak fason yo òganize ide yo. Ansuit, repete yo awotvwa. Li tout paragraf la nèt plizyè fwa jiskaske w ka fè sa san w pa bite e san w pa fè poz kote w pa t dwe fè l. Apre sa, al nan lòt paragraf yo.

      Lòt bagay w ap bezwen fè se ogmante vitès ou li. Si w vin byen konprann fason mo ki nan yon fraz mache ansanm, w ap kapab wè plizyè mo alafwa e w ap anmezi pou w gentan wè sa k ta dwe vini apre. Sa ap ede w li pi byen.

      Ou ka jwenn yon bon fòmasyon tou lè w pran abitid fè kèk lekti san w pa t prepare yo. Pa egzanp, li tèks pou jounen an ak kòmantè ki mache avè l la awotvwa, san w pa t prepare yo alavans. Fè sa regilyèman. Fè je w abitye gade mo yo pa gwoup ki bay ide ki konplè olye pou yo annik wè grenn mo youn apre lòt.

      Lè w ap pale ak lòt moun, pou w pale yon fason ki swa, li nesesè pou w reflechi anvan w pale. Pran abitid fè sa chak jou. Deside ki sa w vle di e ki fason w ap di l. Apre sa, kòmanse pale. Pa pale twò vit. Fè efò pou w di yon ide ki konplè san w pa kanpe e san w pa al nan yon lòt ide anvan w fini ak ide ou te kòmanse a. Li ka bon pou w itilize fraz ki kout e ki senp.

      Nòmalman, depi w konnen egzakteman sa w vle di, mo yo ta dwe vini tou natirèlman. An jeneral, li pa nesesè pou w chwazi mo ou pral itilize yo. Anfèt, nan repetisyon w ap fè, li pi bon pou w jis asire w ide a klè nan tèt ou e pou w reflechi sou mo yo tank w ap pale. Si w fè sa e si w konsantre w sou ide a olye w konsantre w sou mo w ap di yo, mo yo ap vini prèske yon fason otomatik, e w ap pale ak tout kè w. Men, depi w kòmanse reflechi sou mo yo olye w reflechi sou ide yo, ou ka vin ap ezite nan pawòl ou yo. Ofiramezi w ap fè pratik, ou ka rive pale yon fason ki swa. Se yon pwen ki enpòtan k ap pèmèt ou pale byen e k ap pèmèt ou li byen.

      Lè Jewova te bay Moyiz responsablite pou l te reprezante l devan nasyon Izrayèl la e devan Farawon, wa Ejip la, Moyiz te santi li pa gen kapasite pou l fè sa. Poukisa? Li pa t yon moun ki pale yon fason ki swa, petèt li te gen yon pwoblèm pou l pale (Egz. 4:10; 6:12). Moyiz te bay plizyè rezon kòm eskiz, men Bondye pa t aksepte youn. Jewova te voye Arawon avè l kòm pòt pawòl, men Jewova te ede Moyiz tou pou l pale. Plizyè fwa, Moyiz te pale nonsèlman ak kèk moun e ak kèk ti gwoup moun, men tou, li te pale ak tout nasyon an, e li te fè sa byen (Det. 1:1-3; 5:1; 29:2; 31:1, 2, 30; 33:1). Si w fè tout sa w kapab pou w pale yon fason ki swa, pandan w mete konfyans ou nan Jewova pou l ede w, ou menm tou, ou ka pale yon fason pou w onore l.

      SA POU W FÈ SI W BEGE

      Gen anpil bagay ki ka lakòz yon moun bege. Yon tretman ki ede kèk moun ki bege ka pa mache pou kèk lòt moun. Men, pou w reyisi venk pwoblèm sa a, li enpòtan pou w kontinye fè efò.

      Èske w santi w pè anpil lè w vle fè kòmantè nan reyinyon yo? Priye Jewova pou l ede w (Fil. 4:6, 7). Konsantre w sou dezi w genyen pou w onore Jewova e pou w ede lòt moun. Pa atann ou pwoblèm nan ap disparèt nèt, men suiv pou w wè ki jan efò w fè yo ap pèmèt ou jwenn bon rezilta. Toutpandan w ap rann ou kont jan Jewova beni w e jan frè ak sè yo ankouraje w, w ap dispoze fè plis efò.

      Lekòl ministè teyokratik la ba w posiblite pou w vin gen eksperyans nan pale devan yon gwoup moun. Ou ka sezi wè bon rezilta w jwenn lè w ap pale devan yon ti gwoup moun k ap soutni w e ki vle w reyisi. Sa ka ede w vin gen konfyans nan tèt ou pou w pale nan lòt sitiyasyon.

      Si w pral fè yon diskou, byen prepare l. Byen antre nan diskou a. Pale ak santiman ki mache ak sijè a. Si, pandan w ap pale a, ou kòmanse bege, toutotan sa posib, rete kalm. Lache mis machwè w yo. Sèvi ak fraz ki kout. Bat pou w di mwens ekspresyon tankou “mmm” ak “e... e...”.

      Gen kèk moun ki bege, apre yo fin idantifye kèk mo ki konn ba yo pwoblèm oparavan, ki evite mo sa yo. Nan plas mo sa yo, yo itilize lòt mo ki gen menm sans avèk yo. Gen lòt moun ki chèche idantifye ki son ki ba yo plis pwoblèm lè y ap pale e yo fè egzèsis souvan pou yo aprann pwononse son sa yo.

      Si w ap bege pandan w ap fè yon konvèsasyon, pa sispann fè efò pou w pale ak lòt moun. Ou ka chèche ankouraje lòt moun nan pale jiskaske w kapab pale. Si sa nesesè, annik ekri yon ti nòt oswa montre moun nan yon bagay ki tou ekri.

      FASON POU W FÈ SA

      • Lè w ap li jounal oswa liv, make nouvo mo w jwenn yo, chèche sans yo egzakteman epi sèvi avèk yo.

      • Pran abitid li awotvwa pandan omwen senk a dis minit chak jou.

      • Lè yo ba w responsablite pou w fè yon lekti, byen prepare lekti a. Byen separe chak gwoup mo ki met ansanm pou bay yon ide. Chèche abitye ak fason yo ranje ide yo.

      • Chak jou, nan konvèsasyon w ak lòt moun, aprann reflechi anvan w pale epi di fraz ki konplè san w pa kanpe.

      EGZÈSIS: Egzamine Lik 1:5-25 avèk swen. Egzamine yon paragraf alafwa. Asire w ou konprann sa yo di nan paragraf la. Sèvi ak yon diksyonè pou w chèche mo ou pa abitye avèk yo. Pwononse chak non pwòp awotvwa. Ansuit, li paragraf la awotvwa. Veye pou w fè sa yon fason ki egzak. Lè w santi w satisfè ak paragraf sa a, al nan lòt la, e kontinye konsa pou jis ou fin egzamine chapit la. Apre sa, li tout chapit la nèt. Li l ankò, li l yon ti jan pi vit fwa sa a. Li l yon lòt fwa ankò, ale pi vit toujou, kote sa apwopriye, men pa ale twò vit nan pwen pou w bite.

  • Fè poz ki apwopriye
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
    • LESON 5

      Fè poz ki apwopriye

      Ki sa pou w fè?

      Fè bonjan poz kote sa apwopriye nan patisipasyon w ap fè. Pafwa, ou ka fè poz ki kout anpil oswa ou ka tou senpleman fè yon ti bese vwa w pandan yon ti moman. Yon poz apwopriye lè yo fè l nan yon objektif byen presi.

      POUKISA SA ENPÒTAN?

      Li vrèman enpòtan pou w byen fè poz yo paske sa ap pèmèt moun konprann sa w ap di yo san pwoblèm e pwen enpòtan yo ap parèt klè tou.

      LÈ W AP pale, li enpòtan pou w fè poz kote w dwe fè l. Sa valab, kit w ap fè yon diskou, kit w ap pale ak yon moun. Si w pa fè poz, sa w di yo ka tankou yon pakèt bri san sans pou moun yo, ide yo ka pa klè pou yo. Lè w fè poz ki apwopriye, sa fè pawòl ou yo klè. Epitou, poz yo ka pèmèt pwen prensipal yo rete grave nan lespri moun yo pandan lontan.

      Ki jan w ka konnen ki lè pou w fè poz? Konbyen tan poz yo dwe dire?

      Poz akoz siy ponktiyasyon. Siy ponktiyasyon yo jwe yon wòl enpòtan nan tèks yo ekri. Yo ka montre kote yon fraz fini oswa yo ka fè w konnen lè yon fraz se yon kesyon. Nan kèk lang, yo itilize yo lè y ap site deklarasyon yon moun fè. Gen kèk siy ponktiyasyon ki la pou montre relasyon ki egziste ant yon pati nan yon fraz ak lòt pati yo. Yon moun k ap li pou tèt li ka wè siy ponktiyasyon yo. Men, lè l ap li awotvwa pou lòt moun, vwa l dwe fè moun yo wè siyifikasyon kèlkeswa siy ponktiyasyon ki parèt nan tèks la. (Pou w jwenn lòt detay sou pwen sa a, gade leson 1 an ki gen tit: “Li yon fason ki egzak.”) Si w pa fè poz lè siy ponktiyasyon yo mande sa, li ka difisil pou lòt moun konprann sa w ap li a oswa yo ka menm mal konprann sans tèks la.

      Anplis siy ponktiyasyon yo, fason yo eksprime ide yo nan yon fraz ap montre ki kote li apwopriye pou yon moun fè poz. Gen yon gwo mizisyen ki te di yon lè: “Mwen pa jwe nòt yo pi byen pase anpil lòt mizisyen ki jwe pyano. Men, poz mwen fè ant nòt yo, se la sekrè a ye.” Se menm bagay la lè yon moun ap pale. Si w byen fè poz yo, sa ap fè enfòmasyon w te prepare yo pi bèl e y ap gen plis sans.

      Lè w ap prepare yon lekti w pral fè, li ka bon pou w mete yon seri mak nan dokiman w pral li a. Fè yon ti trè kanpe kote w ap gen pou w fè yon poz ki kout. Itilize de trè ki kanpe pou yon poz ki pi long. Si w wè gen kèk pati nan yon fraz ki difisil pou ou e w fè poz yon move kote plizyè fwa, avèk yon kreyon, relye tout mo ki fòme pati ki difisil la ansanm. Apre sa, li tout fraz la soti nan kòmansman l pou rive nan fen l. Anpil oratè ki gen eksperyans fè sa.

      An jeneral, li pa difisil pou w fè poz nan konvèsasyon w ap fè chak jou, paske ou konnen ki ide ou vle eksprime. Men, si w gen tandans fè poz detanzantan, menmsi ide yo pa mande sa, pawòl ou yo ap manke fòs e y ap manke klè. W ap jwenn kèk konsèy k ap ede w amelyore nan domèn sa a, nan leson 4 la ki gen tit: “Pale yon fason ki swa.”

      Poz lè w ap pase nan lòt ide. Lè w ap sot nan yon pwen prensipal pou w al nan yon lòt, si w fè yon poz, sa ka bay moun k ap koute w yo yon okazyon pou yo reflechi, pou yo ajiste panse yo, pou yo rann yo kont ou chanje direksyon e pou yo konprann ide ou pral prezante apre a pi byen. Menm jan li enpòtan pou yon chofè ralanti lè l ap vire nan yon kafou pou l sot nan yon ri pou l al nan yon lòt ri, se konsa tou, li enpòtan pou w fè poz lè w ap sot nan yon ide pou w al nan yon lòt ide.

      Youn nan rezon ki fè kèk oratè konn kouri sot nan yon ide pou y al nan yon lòt san yo pa fè poz se paske yo konn ap chèche bay twòp enfòmasyon. Gen kèk nan oratè sa yo ki gen abitid sa a akoz jan yo abitye pale. Petèt, tout moun ki antoure yo pale menm jan an. Men, abitid sa a pap ede yo byen anseye. Si w gen yon bagay pou w di ki merite pou moun koute l e pou yo sonje l, ebyen, pran ase tan pou w di l byen klè. Ou dwe rekonèt poz yo trèzenpòtan pou ede w pale yon fason k ap fè ide yo soti klè.

      Si w pral bay yon diskou sou baz yon plan, ou ta dwe òganize enfòmasyon yo yon fason pou w wè byen klè kote pou w fè poz ant pwen prensipal yo. Si se yon diskou maniskri ou pral fè, fè yon mak kote w ap sot nan yon pwen prensipal pou w al nan yon lòt pwen prensipal.

      An jeneral, poz nou fè kote n ap sot nan yon ide pou n al nan yon lòt ide pi long pase poz nou fè lè gen yon siy ponktiyasyon. Men, yo pa long nan pwen pou yo fè w ap trennen nan diskou a. Si yo twò long, y ap bay moun yo enpresyon ou pa byen prepare e se chèche w ap chèche sa w pral di.

      Poz pou w mete aksan. Yon poz yon moun fè pou l mete aksan, souvan se yon poz ki bay yon sispenns, sa vle di, se yon poz ki vin anvan yon deklarasyon oubyen apre yon deklarasyon, oswa apre moun nan fin poze yon kesyon avèk fòs. Kalite poz sa yo bay moun k ap koute yo okazyon pou yo reflechi sou sa yo sot di yo a oswa yo fè moun yo ap tann sa yo pral di yo a. Toule de efè sa yo pa menm. Chwazi ki metòd ou vle itilize. Men, sonje, yon moun ta dwe itilize kalite poz sa yo lè l ap di yon deklarasyon ki vrèman enpòtan. Si se pa sa, deklarasyon sa yo ap pèdi valè yo.

      Lè Jezi t ap li Ekriti yo awotvwa nan sinagòg Nazarèt la, li te byen sèvi ak poz. Toudabò, li te li misyon li te genyen pou l akonpli a nan woulo pwofèt Izayi a. Men, anvan l te fè aplikasyon pòsyon l te fin li a, li woule woulo a, li remèt li bay sèvitè a, epi l al chita. Apre sa, pandan je tout moun nan sinagòg la fikse sou li, li di: “Jodi a, pasaj nan Ekriti a nou sot tande la a akonpli.” — Lik 4:16-21.

      Poz lè sikonstans yo egzije sa. Pafwa, gen kèk bagay ki ka oblije w fè yon poz. Bri yon machin, yon avyon oswa yon moto k ap pase oubyen bri yon timoun k ap kriye ka oblije w kanpe konvèsasyon w ap fè ak yon moun nan predikasyon. Si bri k ap fèt kote nou reyini an pa twò fò, ou ka monte vwa w epi w kontinye pale. Men, si bri a fò e li pran yon ti tan pou l sispann, ou dwe fè yon poz. Yon bagay ki klè, sèke pandan bri a ap fèt la moun yo gentan sispann koute w. Donk, byen sèvi ak poz yo pou w ede moun k ap koute w yo byen pwofite tout bon bagay ou vle di yo.

      Poz pou w pèmèt moun yo reponn. Menm lè w ap fè yon patisipasyon ki pa mande pou moun k ap koute w yo fè kòmantè, li enpòtan pou w ba yo posiblite pou yo reponn nan kè yo. Si w poze kèk kesyon ki ta dwe fè yo reflechi, men apre, ou pa fè yon poz ki ase long pou w ba yo tan pou yo reflechi, kesyon sa yo ap prèske pa gen efè yo ta dwe genyen yo.

      Natirèlman, li enpòtan pou w fè poz nonsèlman lè w ap pale sou estrad la, men tou, lè w ap bay lòt moun temwayaj. Gen kèk moun sanble ki pa janm fè poz. Si w gen pwoblèm sa a, fè gwo efò pou w aprann teknik sa a k ap ede w byen pale. Konsa, w ap amelyore fason w pale ak lòt moun e w ap preche pi byen. Yon poz se yon moman silans, e gen yon moun ki te di yon pawòl enteresan, li te di yon moman silans fè yon ti chanjman, li mete aksan, li atire atansyon e li fè zòrèy yo pran yon souf.

      Konvèsasyon n ap fè chak jou yo se yon brase lide ant de oswa plizyè moun. Lè w koute lòt moun lè y ap pale e w montre w enterese nan sa y ap di, sa fè yo plis dispoze koute w. Pou w fè sa, sa mande pou w fè poz, yon poz ki ase long pou w ba yo posiblite pou yo pale.

      Lè n ap preche, souvan nou bay yon pi bon temwayaj si nou fè yon konvèsasyon ak moun nan. Anpil Temwen Jewova twouve li bon, apre yo fin salye moun nan e moun nan fin salye yo, pou yo di moun nan sou ki sijè yo vin pale avè l epi pou yo poze l yon kesyon. Yo fè yon ti poz pou yo bay moun nan posiblite pou l reponn yo, e apre sa, yo montre l yo t ap koute sa l t ap di a. Pandan konvèsasyon an, yo konn bay moun nan anpil posiblite pou l pale. Yo konnen yo kapab pi byen ede yon moun, si yo konnen pwennvi l sou sijè y ap pale avè l la. — Pwo. 20:5.

      Anfèt, se pa tout moun k ap reponn kesyon w ap poze yo yon fason pozitif. Malgre gen moun ki pa t reponn Jezi yon fason pozitif, sa pa t anpeche l kontinye fè poz ki ase long pou l ba yo posiblite pou yo pale, menm lè se moun ki te opoze avè l (Mak 3:1-5). Si w bay lòt moun w ap pale avè l la posiblite pou l pale, sa ap ankouraje l reflechi, e konsa l ap ka di w sa k nan kè l. An reyalite, lè n ap preche, youn nan objektif nou, se touche kè moun yo. Nou fè sa, lè nou pale avèk yo sou yon seri sijè ki soti nan Pawòl Bondye a, yon liv yo ta dwe kite gide yo nan desizyon y ap pran. — Ebre 4:12.

      An reyalite, sa bèl anpil lè nou fè poz lè n ap preche yon moun. Lè nou byen sèvi ak poz yo, ide n ap anseye moun yo pi klè pou yo e souvan y ap sonje ide sa yo pandan lontan.

      FASON POU W FÈ SA

      • Lè w ap li awotvwa, byen veye sou siy ponktiyasyon yo.

      • Koute oratè ki kalifye yo avèk atansyon, e gade ki kote yo fè poz e konbyen tan poz yo dire.

      • Apre w fin di yon pwen ou vle lòt moun yo sonje toutbonvre, fè yon poz pou pwen sa a ka rete grave nan lespri yo.

      • Lè w ap fè konvèsasyon ak lòt moun, ankouraje yo eksprime panse yo, e koute repons yo bay. Kite yo fin pale san w pa kanpe yo.

      EGZÈSIS: Li Mak 9:1-13 awotvwa. Fè poz ki apwopriye lè gen siy ponktiyasyon. Pa trennen nan lekti a. Apre w fin repete lekti a poukont ou, fè lekti a devan yon moun, mande l pou l koute w e pou l ba w konsèy pou w amelyore fason w fè poz yo.

  • Mete aksan kote w dwe mete l
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
    • LESON 6

      Mete aksan kote w dwe mete l

      Ki sa pou w fè?

      Mete aksan sou mo ak gwoup mo ki enpòtan yo yon fason pou moun k ap koute w yo ka konprann ide yo byen fasil.

      POUKISA SA ENPÒTAN?

      Lè yon oratè mete aksan kote l dwe mete l, sa ede l kapte atansyon moun yo, sa ede l konvenk yo e sa ede l pouse yo aji.

      LÈ W AP pale oswa lè w ap li awotvwa, li enpòtan nonsèlman pou w byen di mo yo, men tou, pou w mete aksan sou mo kle yo e sou gwoup mo ki bay ide prensipal yo yon fason k ap pèmèt moun yo konprann ide yo byen klè.

      Pou w mete aksan kote w dwe mete l la, fò w pa annik mete aksan sou kèk mo oswa sou yon bann mo. Ou dwe mete aksan sou mo ki mande sa. Si w mete aksan sou mo ki pa mande sa, sa w ap di yo ka pa klè pou moun k ap koute w yo, e konsa, yo ka kite lespri yo al konsantre sou lòt bagay. Menmsi enfòmasyon ki nan diskou w la ka enteresan, si w pa byen mete aksan yo kote w dwe mete yo, diskou a pap tèlman pouse moun k ap koute w yo aji.

      Gen plizyè fason w ka mete aksan sou yon mo oswa sou yon gwoup mo. Souvan, ou ka itilize plizyè metòd ansanm. Ou ka monte volim vwa w, ou ka mete plis santiman nan sa w ap di a, ou ka di l pi dousman, pi poze, ou ka fè yon poz anvan oswa apre yon deklarasyon (oswa w ka fè l ni anvan ni apre), ou ka fè jès e ou ka demontre santiman sou vizaj ou. Nan kèk lang, yon moun ka mete aksan sou yon mo tou lè li bese ton vwa l oswa lè l monte l. Selon enfòmasyon w ap pale sou li a e selon chak sitiyasyon, w ap konnen sa k ap pi apwopriye pou w fè.

      Lè w ap deside ki mo pou w mete aksan sou li, reflechi sou pwen ki vin apre yo. 1) Pou w konnen sou ki mo pou w mete aksan nan yon fraz, se pa sèlman lòt mo nan fraz la k ap ede w, men tou, se kontèks la, sa vle di fraz ak paragraf ki vin anvan oswa apre yo. 2) Ou ka mete aksan sou kèk mo ak kèk ekspresyon ki nan yon fraz pou w montre w ap kòmanse yon nouvo ide, kit ide sa a se yon pwen prensipal, kit se senpleman yon lòt aspè nan rezònman w ap fè a. Ou ka fè sa tou pou w montre ou prèske fini rezònman w ap fè a. 3) Yon oratè ka mete aksan sou mo ak ekspresyon ki apwopriye nan yon sijè pou l montre santiman l genyen anrapò ak sijè a. 4) Li ka mete aksan kote sa nesesè tou pou l atire atansyon moun k ap koute l yo sou pwen prensipal ki gen nan diskou l ap fè a, pou yo ka parèt klè pou yo.

      Pou yon oratè oswa yon moun k ap fè yon lekti pou lòt moun ka mete aksan sou kèk mo oswa sou kèk gwoup mo fason sa yo, li dwe byen konprann enfòmasyon li pral bay yo e li dwe gen dezi pou li ede moun k ap koute l yo konprann yo. Anrapò ak enstriksyon yo te bay nan epòk Ezra a, men sa Neyemya 8:8 di: “Yo te kontinye ap li nan liv la byen fò, nan lalwa vrè Dye a, yo te esplike l, e yo te bay siyifikasyon l, e yo te kontinye fè moun konprann sa yo t ap li a.” Pa gen dout nan sa, moun sa yo ki te li e ki te esplike Lalwa Bondye a nan okazyon sa a te konprann li enpòtan pou yo ede moun ki t ap koute yo pou yo konprann sans sa yo te li a, pou yo sonje l e pou yo aplike l.

      Kote pwoblèm nan ka soti. Pifò moun gen kapasite pou yo pale klè nan konvèsasyon nòmal y ap fè chak jou. Men, lè se li y ap li sa yon lòt moun ekri, li ka difisil pou yo deside ki mo oswa ki gwoup mo pou yo mete aksan sou yo. Solisyon an se chèche byen konprann enfòmasyon yo pral li a. Sa mande pou yo byen egzamine sa k te ekri a. Se sa k fè, si yo mande w pou w li nan yon reyinyon kongregasyon an, ou ta dwe fè bonjan preparasyon pou sa.

      Gen kèk moun ki annik mete aksan sou yon seri mo ak ekspresyon tanzantan yon fason regilye, kit aksan an gen yon sans, kit li pa gen yon sans. Gen kèk lòt moun ki mete aksan sou prepozisyon yo ak konjonksyon yo yon fason egzajere. Lè nou mete aksan sou mo yo yon fason ki pa rann ide yo klè, li fasil pou sa vin tounen yon move abitid, e sa ka detounen atansyon moun.

      Nan efò kèk oratè ap fè pou yo mete aksan kote aksan an gen yon sans, yo konn monte vwa yo tèlman wo moun k ap koute yo ka konprann se reprimande y ap reprimande yo. Natirèlman, li difisil pou sa bay bon rezilta. Si fason oratè a mete aksan an pa natirèl, moun k ap koute yo ka gen enpresyon oratè a pran tèt li pou yon pakèt afè. Li pi bon lontan pou w senpleman pale avèk moun yo avèk amou e pou w ede yo wè sa w ap di yo soti nan Bib la e yo rezonab!

      Sa pou w fè pou w amelyore. Souvan, yon moun ki gen pwoblèm nan kesyon mete aksan kote li dwe mete l ka pa konnen si l gen pwoblèm sa a. Li ka nesesè pou yon lòt moun atire atansyon l sou sa. Si w bezwen amelyore w nan domèn sa a, siveyan lekòl la ap ede w. Anplis, pa ezite mande nenpòt moun ki se yon bon oratè èd li. Mande l pou l byen koute fason w li ak fason w pale epi pou l ba w konsèy pou w ka amelyore.

      Pou kòmanse, moun k ap ba w konsèy la ka ankouraje w sèvi ak yon atik nan yon Toudegad pou w fè pratik. Sandout, l ap mande w pou w egzamine chak fraz pou w wè ki mo oswa ki gwoup mo ou bezwen mete aksan sou yo pou w ka fè sans fraz la fasil pou moun konprann. Li ka fè w sonje ou bezwen bay yon seri mo ki ann italik oswa ki an lèt fonse yon atansyon espesyal. Ou dwe sonje mo ki nan yon fraz mache ansanm. Souvan, ou ta dwe mete aksan sou yon gwoup mo, ou pa ta dwe mete l sèlman sou yon grenn mo poukont li. Nan kèk lang kote yo mete yon aksan sou kèk lèt oswa yo mete kèk ti siy anba kèk lèt, yo ka ankouraje moun k ap etidye lang sa yo pou yo ba yo anpil atansyon, paske lèt sa yo montre ki kote pou yo mete aksan an.

      Ansuit, pandan w ap kontinye aprann sou ki sa pou w mete aksan, moun k ap ba w konsèy la ka mande w pou w pa rete nan fraz la sèlman, men, pou w egzamine pati ki anvan oswa pati ki apre fraz la. Ki ide kle yo devlope nan paragraf la? Ki jan sa ta dwe gen enfliyans sou mo ak gwoup mo w ap mete aksan sou yo nan chak fraz? Gade tit atik w ap egzamine a ak soutit ki gen pòsyon ou pral li a. Ki enfliyans sa genyen sou gwoup mo w ap chwazi pou w mete aksan sou yo? Tout bagay sa yo se pwen pou w aplike. Men, veye pou w pa mete aksan sou twòp mo.

      Kit ou pral pran lapawòl san w pa t atann, kit se li w pral li, moun k ap ba w konsèy la ka ankouraje w tou pou w kite rezònman k ap fèt la enfliyanse fason w ap mete aksan sou mo yo. Ou bezwen konnen ki kote yon rezònman fini oswa ki kote nan sijè a yo soti nan yon ide pou y al nan yon lòt ide. Moun k ap koute w yo ap kontan si nan fason w fè diskou a, ou ede yo wè kote ki gen chanjman sa yo. Ou ka fè sa lè w mete aksan sou yon seri mo tankou toudabò, ansuit, finalman ak kidonk.

      Anplis, moun k ap ba w konsèy la ap dirije atansyon w sou ide w ap bezwen mete plis santiman lè w ap di yo. Pa egzanp, ou ka mete aksan sou mo oswa ekspresyon tankou anpil, vrèman, nan okenn fason, nou pa ka panse sa, enpòtan ak toujou. Lè w fè sa, sa ka gen yon efè sou fason moun k ap koute w yo ap konprann sa w ap di yo. N ap pale plis sou sa nan leson 11 lan ki gen tit: “Pale ak tout kè w e avèk santiman.”

      Pou w amelyore fason w mete aksan sou mo ki enpòtan yo, nou ankouraje w tou pou w gen pwen prensipal ou vle moun k ap koute w yo sonje yo byen klè nan tèt ou. N ap egzamine pwen sa a plis toujou nan leson 7 la ki gen tit: “Mete aksan sou ide prensipal yo” ak nan leson 37 la ki gen tit: “Fè pwen prensipal yo parèt byen klè.”

      Si w ap chèche fè pwogrè nan travay predikasyon an, veye espesyalman sou fason w li vèsè yo. Lè w ap li yon vèsè, pran abitid mande tèt ou: ‘Poukisa m ap li vèsè sa a?’ An jeneral, yon anseyan pap annik kontante l byen li mo ki nan yon vèsè. E menmsi l li vèsè a avèk santiman, sa gendwa pa sifi. Si w ap reponn kesyon yon moun poze w oswa w ap anseye yon verite fondamantal, li bon pou w mete aksan sou mo oswa sou ekspresyon nan vèsè a ki soutni ide w ap egzamine a. Si w pa fè sa, moun w ap li pou li a ka pa konprann pwen w vle fè l konprann nan.

      Yon oratè ki pa gen eksperyans ka gen tandans mete twòp aksan sou yon seri mo ak gwoup mo li wè ki enpòtan. Fason l ap fè sa ap yon ti jan sanble ak fason yon moun ki fèk ap aprann jwe yon enstriman mizik ap jwe. Men, tank l ap fè pratik, chak “nòt” li jwe yo pral vin fè pati yon “mizik” ki bèl e ki vrèman touche moun k ap koute li yo.

      Apre w fin aprann kèk nan pwen fondamantal sa yo, w ap kapab byen pwofite egzanp oratè ki gen eksperyans yo lè w suiv jan yo fè. Ou pap pran lontan pou w wè tout sa yon oratè ka rive fè lè l itilize divès fason pou l mete aksan l ap mete yo. E w ap konprann tout enpòtans sa genyen pou yon moun mete aksan sou yon seri mo ak gwoup mo divès fason pou l fè moun byen konprann sans sa l ap di yo. Si w aprann mete aksan kote w dwe mete l, sa ap vrèman ede w ogmante kapasite w genyen pou w li byen e pou w pale byen.

      Pa annik aprann kèk ti bagay ou bezwen pou w mete aksan sou mo ak ekspresyon ki mande sa. Pou w ka pale byen, kontinye travay sou teknik sa a, anpalan de mete aksan kote w dwe mete l la, jiskaske w vin mèt ladan l e jiskaske w ka itilize l yon fason ki parèt natirèl.

      SA POU W FÈ

      • Aprann idantifye mo kle ak gwoup mo kle ki nan fraz yo. Byen veye pou w fè sa selon kontèks la.

      • Chèche mete aksan sou mo ak gwoup mo yo pou w montre 1) w ap sot nan yon ide pou w al nan yon lòt ide e 2) fason w santi w anrapò ak sa w ap di a.

      • Lè w ap li yon vèsè, pran abitid mete aksan sou mo ki gen rapò dirèkteman ak rezon ki fè ou te site vèsè sa a.

      EGZÈSIS: 1) Chwazi de vèsè ou konn itilize souvan nan predikasyon. Chèche wè ki sa w vle montre moun yo nan chak vèsè sa yo. Li vèsè yo awotvwa pou w mete aksan sou mo oswa sou gwoup mo ki soutni pwen ou konn vle montre yo. 2) Egzamine Ebre 1:1-14. Poukisa w dwe mete aksan espesyalman sou mo “pwofèt” ​(vèsè 1), “Pitit” ​(vèsè 2) ak “zanj” ​(vèsè 4, 5) yon fason pou w ka byen montre rezònman y ap fè nan chapit sa a? Li chapit sa a awotvwa toutpandan w ap mete aksan sou mo ki apwopriye yo yon fason pou w byen montre rezònman y ap fè a.

  • Mete aksan sou ide prensipal yo
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
    • LESON 7

      Mete aksan sou ide prensipal yo

      Ki sa pou w fè?

      Lè w ap li awotvwa, mete aksan sitou sou ide prensipal ki nan tèks w ap li a, pa mete aksan sou chak fraz.

      Poukisa sa enpòtan?

      Si w mete aksan sou ide prensipal yo, l ap pi fasil pou moun yo sonje sa w di yo.

      YON bon lektè gade pi lwen pase fraz l ap li a, li menm gade pi lwen pase paragraf kote fraz la ye a. Lè l ap li, li gen ide prensipal ki nan tout tèks l ap li a nan lespri l. Sa gen yon enfliyans sou kote l ap mete aksan yo.

      Si yon moun pa suiv metòd sa a, li pap grave okenn pwen nan lespri moun k ap koute l yo. Pa gen okenn pwen enpòtan k ap parèt klè nan sa l ap di a. Apre l fin pale, li ka difisil pou yon moun sonje yon pwen kle nan sa l sot di a.

      Souvan, lè yon moun byen veye pou l mete aksan sou ide prensipal yo, sa ka fè l rive li yon istwa nan Bib la pi byen. Si l mete aksan sa yo lè l ap fè lekti nan yon etid biblik oswa nan yon reyinyon kongregasyon an, sa ka fè lekti a gen plis sans. Li sitou enpòtan pou yon frè fè sa lè l ap fè yon diskou maniskri, diskou yo konn bay pafwa nan kongrè distri yo.

      Fason pou w fè sa. Ann sipoze nan lekòl la, yo ba w li yon pati nan Bib la. Ki kote w ap mete aksan? Si gen kèk ide kle oswa kèk evènman enpòtan yo rapòte nan pati ou pral li a, li ta apwopriye pou w fè yo parèt byen klè.

      Kit pati w gen pou w li a ekri nan yon stil pwezi oswa nan yon stil nòmal, kit se pwovèb oswa se istwa yo rakonte, moun k ap koute w yo ap byen pwofite l si w li l byen (2 Tim. 3:16, 17). Pou w fè sa, ou dwe reflechi ni sou pasaj ou pral li a, ni sou gwoup moun ki pral koute w yo.

      Si w pral li yon pati nan yon piblikasyon nan yon etid biblik oswa nan yon reyinyon kongregasyon an awotvwa, sou ki ide prensipal ou bezwen mete aksan? Konsidere repons kesyon yo poze nan liv la oswa nan peryodik la kòm ide prensipal. Mete aksan tou sou ide nan paragraf w ap li yo ki gen rapò ak soutit kote yo ye a.

      Li pa bon pou w pran abitid ekri yon diskou nèt pou w prezante l devan kongregasyon an. Men, pafwa, nan kongrè distri yo, yo konn bay kèk frè yon seri diskou maniskri pou yo fè, yon fason pou yo ka prezante ide yo menm jan nan tout kongrè yo. Pou yon oratè mete aksan sou ide prensipal ki nan yon diskou konsa, li dwe byen egzamine sijè a anvan. Ki pwen prensipal ki gen ladan l? Li ta dwe ka idantifye pwen sa yo. Pwen prensipal yo se pa senpleman ide li santi ki enteresan. Men, se ide santral ki sèvi kòm baz pou devlope sijè a. Pafwa, yon deklarasyon kout sou yon ide prensipal nan yon diskou maniskri konn sèvi pou entwodui yon istwa oswa yon rezònman. Pi souvan, yo konn fè yon deklarasyon avèk fòs apre yo fin bay prèv ki kore sa yo di a. Lè oratè a fin idantifye pwen enpòtan sa yo, li ta dwe souliye yo. An jeneral, yo pa anpil, se kapab kat oswa senk pwen pou pi plis. Ansuit, li bezwen aprann li yo yon fason pou moun ki pral koute l yo kapab idantifye yo san pwoblèm. Se yo ki poto mitan diskou a. Si lè l ap bay diskou a, li mete aksan yo kote l dwe mete yo, l ap pi fasil pou moun yo sonje ide prensipal sa yo. Se sa ki ta dwe objektif oratè a.

      Gen plizyè fason yon oratè ka mete aksan sou pwen prensipal yo pou l fè moun k ap koute l yo idantifye pwen sa yo. Men kèk ladan yo: Li ka mete plis fòs sou ide sa yo, li ka chanje vitès li pale lè l ap di yo, li ka di yo avèk plis santiman oswa li ka fè jès ki apwopriye lè l ap di yo.

      PWEN POU W SONJE

      • Egzamine sijè a nan objektif pou w idantifye ide prensipal ki ladan l yo. Souliye ide sa yo.

      • Lè w ap li awotvwa, pou w fè ide prensipal yo parèt byen klè, mete plis fòs sou yo, redui sou vitès w ap di yo a, di yo avèk plis santiman.

      EGZÈSIS: Chwazi senk paragraf nan yon atik Toudegad yo pral etidye. Souliye repons kesyon yo poze sou paragraf sa yo. Li paragraf sa yo awotvwa yon fason pou yon moun k ap koute w ka wè repons kesyon yo byen fasil.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje