DEZYÈM PATI
Li “renmen jistis”
Enjistis gaye toupatou nan monn nan jodi a. Anpil moun lage chay la sou do Bondye. Sepandan, Bib la aprann nou yon bèl verite. Men sa l fè konnen: “Jewova renmen jistis.” (Sòm 37:28). Nan pati sa a, nou pral aprann jan pawòl sa yo se verite e jan Bondye bay tout limanite yon bonjan espwa.