BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lv p. 212-p. 215
  • Salye drapo, vote, fè sèvis sivil

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Salye drapo, vote, fè sèvis sivil
  • “Rete nan lanmou Bondye”
  • Sou menm sijè a
  • Poukisa avèk respè Temwen Jewova yo pa patisipe nan aktivite nasyonalis yo?
    Kesyon yo poze souvan sou Temwen Jewova yo
“Rete nan lanmou Bondye”
lv p. 212-p. 215

APENDIS

Salye drapo, vote, fè sèvis sivil

Salye drapo. Temwen Jewova yo kwè se yon jès adorasyon moun fè lè yo pwostène devan yon drapo oubyen lè yo salye drapo. Byen souvan, moun yo fè jès sa a pandan y ap chante im nasyonal peyi yo. An reyalite, moun ki fè jès sa yo montre se peyi sa a oubyen se moun k ap dirije peyi sa a ki gen kapasite pou yo sove moun, olye yo rekonèt se Bondye ki gen kapasite sa a (Ezayi 43:11; 1 Korentyen 10:14; 1 Jan 5:21). Youn nan dirijan yo te panse ki gen kapasite sa a se Nebikadneza, yon wa nan vil Babilòn nan tan lontan. Pou l te ka enpresyone moun yo epi fè wè glwa li ak jan li te chofe pou l adore dye Babilónyen yo, wa pisan sa a te fè yon gwo estati e li te oblije moun l ap dirije yo pwostène devan estati sa a kou yo te tande yon mizik yo t ap pase ki te tankou yon im nasyonal. Sepandan, gen twa Ebre, Chadrak, Mechak ak Abednego, ki te refize pwostène devan estati a, menm lè yo te riske pèdi lavi yo. — Dànyèl, chapit 3.

Selon yon istoryen ki rele Carlton Hayes, nan epòk nou an, “drapo a se yon senbòl moun yo adore. Lè moun ap pase ak drapo a nan yon defile, moun retire chapo nan tèt yo. Pou yo louwe drapo a, gen powèt ki ekri powèm, e yo fè timoun chante im nasyonal”. Mete sou sa, istoryen an fè remake nasyonalis yo gen pwòp “jou fèt” pa yo tou, tankou 4 jiyè Ozetazini [yon fèt nasyonal], yo gen “sen yo ak ewo yo” e yo gen “tanp yo” oubyen kote yo konsidere ki sakre. Nan peyi Brezil, men sa minis lame a te rekonèt: “Yo venere drapo a, e yo adore l [...] menm jan yo adore lapatri.” Selon sa yon ansiklopedi te di sa gen kèk ane, “menm jan ak kwa a, drapo a se yon bagay ki sakre”. — The Encyclopedia Americana.

Tou dènyèman la a, menm ansiklopedi a fè remake im nasyonal yo, ki se “fason moun yo eksprime santiman patriyotik yo gen lakay yo, konn gen demann ki fèt ladan yo pou Bondye bay pèp la direksyon ak pwoteksyon oubyen pou l fè sa pou dirijan yo”. Se sa k fè li pa egzajere pou sèvitè Jewova yo konsidere seremoni patriyotik ki gen salye drapo ak moun k ap chante im nasyonal ladan yo kòm seremoni relijye. Anfèt, men sa yo di nan yon liv kote y ap pale konsènan pitit Temwen Jewova yo Ozetazini ki refize salye drapo oubyen ki refize resite im nasyonal la nan lekòl yo: “Nan yon seri ka, Lakou siprèm resi deklare seremoni sa yo yo fè chak jou se seremoni relijye yo ye.” — The American Character.

Menmsi sèvitè Jewova yo pa patisipe nan seremoni sa yo paske yo konsidere yo kòm bagay ki kontrè ak sa Bib la di, yo respekte dwa lòt moun genyen pou yo patisipe ladan yo. Anplis de sa, yo respekte drapo nasyonal yo ki se anblèm peyi yo e yo rekonèt gouvènman ki etabli legalman yo kòm “otorite” k ap fè “sèvis Bondye”. (Women 13:1-4.) Se sa k fè Temwen Jewova yo suiv Bib la ki di yo kapab priye “pou wa e pou tout moun ki nan gwo pozisyon”. Sepandan, si nou aji konsa, se “pou nou ka kontinye mennen yon vi ki kalm e ki trankil, nan yon atachman total pou Bondye, avèk tout diyite nou”. — 1 Timote 2:2.

Vote nan eleksyon. Vrè kretyen yo respekte dwa lòt moun genyen pou yo vote. Yo pa fè manifestasyon kont eleksyon e yo kowopere ak otorite ki genyen eleksyon yo. Sepandan, yo pa mele nan zafè politik nasyon yo (Matye 22:21; 1 Pyè 3:16). Ki sa yon kretyen dwe fè si kote l ap viv la se yon obligasyon sa ye pou moun vote oubyen si kote l ap viv la moun yo fache anpil kont moun ki pa al nan biwo elektoral pou y al vote? Lè nou sonje Chadrak, Mechak ak Abèdnego te ale jis nan Plèn Doura, sa fè nou wè yon kretyen ki twouve l nan yon sitiyasyon konsa ka deside antre kote yo vote a si konsyans li pèmèt li. Sepandan, l ap veye pou l pa fè konpwomi. Men sis prensip li ta dwe pran an konsiderasyon:

  1. Disip Jezi yo “pa fè pati monn nan”. — Jan 15:19.

  2. Kretyen yo se reprezantan Kris ak Wayòm li an. — Jan 18:36; 2 Korentyen 5:20.

  3. Tout moun nan kongregasyon kretyen an gen menm kwayans e yo ini youn ak lòt grasa lanmou, yon lanmou ki sanble ak lanmou Kris te demontre a. — 1 Korentyen 1:10; Kolosyen 3:14.

  4. Moun ki vote pou pèmèt yon moun okipe yon pòs politik gen responsablite nan aksyon moun sa a poze. — Gade prensip ki dèyè pawòl ki nan 1 Samyèl 8:5, 10-18 ak 1 Timote 5:22.

  5. Lè Izrayelit yo te mande pou yo gen yon moun pou dirije yo, Jewova te konsidere sa kòm yon siy ki montre yo te rejte l. — 1 Samyèl 8:7.

  6. Kretyen yo dwe pale avèk senserite ak moun tout tandans politik konsènan Wayòm nan, sètadi gouvènman Bondye a. — Matye 24:14; 28:19, 20; Ebre 10:35.

Fè sèvis sivil. Nan kèk peyi, Leta konn mande moun ki pa aksepte fè sèvis militè pou yo patisipe nan kèk fòm sèvis sivil pandan yon sèten tan. Si nou dwe pran yon desizyon sou sijè sa a, nou dwe priye sou sa. Petèt nou ka pale de sa ak yon kretyen parèy nou ki gen matirite. Apre sa, nou ka pran yon desizyon selon konsyans nou sou baz sa nou aprann yo. — Pwovèb 2:1-5; Filipyen 4:5.

Pawòl Bondye a mande pou nou ‘soumèt devan gouvènman yo ak otorite yo, e pou nou obeyi yo, pou nou pare pou nou fè tout bon travay, [...] men pou nou rezonab’. (Tit 3:1, 2.) Avèk prensip sa a nan lespri nou, nou bezwen poze tèt nou kesyon sa yo: ‘Si m aksepte fè sèvis sivil yo pwopoze m nan, èske sa ap fè m mele nan zafè politik? Èske sa ap fè m soutni fo relijyon?’ ​(Miche 4:3, 5; 2 Korentyen 6:16, 17). ‘Si m fè sa yo mande m fè a, èske l ap difisil pou m fè tout sa m gen pou m fè antanke kretyen? Oubyen, èske m pap menm gen tan pou m fè yo?’ ​(Matye 28:19, 20; Efezyen 6:4; Ebre 10:24, 25). ‘Yon lòt bò, si m fè sèvis yo pwopoze m nan, èske orè travay la ap pèmèt mwen etann sèvis mwen antanke kretyen, petèt menm pou m patisipe nan ministè a aplentan?’ — Ebre 6:11, 12.

Si yon kretyen deside ak tout konsyans li pou l fè yon sèvis sivil olye l al nan prizon, lòt kretyen yo dwe respekte desizyon l pran an (Women 14:10). Yon lòt bò, si l santi li pa ka fè sèvis yo ba l fè a, lòt kretyen yo dwe respekte pozisyon sa a tou. — 1 Korentyen 10:29; 2 Korentyen 1:24.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje