CHAPIT 4
Èske nou ale twò lwen?
Wi oswa non...
Nan kèlkeswa sikonstans lan, li pa janm bon pou de moun ki renmen manyen lòt.
□ Wi
□ Non
Menm lè de moun ki renmen pa antre nan relasyon seksyèl, sa ka rive yo fè imoralite seksyèl kanmenm.
□ Wi
□ Non
Si de moun ki renmen pa bo, pa karese oswa fè lòt bagay ki ka leve dezi seksyèl lakay yo, yo pa ka di yo renmen lòt vre.
□ Wi
□ Non
SIMAN W reflechi sou sijè sa a anpil. Anfèt, si w renmen, li ka difisil pou w konnen ki limit ou menm ak mennaj ou pa dwe depase lè n ap demontre afeksyon youn pou lòt. Ann fè yon ti pale sou twa pwen ki pi wo yo, epi ann gade kòman Pawòl Bondye a ka ede n jwenn repons pou kesyon “Èske nou ale twò lwen?” an.
● Nan kèlkeswa sikonstans lan, li pa janm bon pou de moun ki renmen manyen lòt.
Non. Bib la pa kondane pou de moun ki renmen demontre afeksyon youn pou lòt yon fason ki pwòp. Pa egzanp, Bib la rakonte istwa damou ant yon jèn fi Choulamit ak yon bèje. Renmen yo a te pwòp. Epoutan, li klè yo te konn demontre afeksyon youn pou lòt pandan yo te renmen an (Chante Salomon an 1:2; 2:6; 8:5). Jodi a, gen kèk moun ki renmen ki kòmanse pale de maryaj ki ka twouve li nòmal pou yo demontre afeksyon youn pou lòt yon fason ki pwòpa.
Men, de moun ki renmen dwe pran anpil prekosyon. Lè de moun tonbe nan bo, nan bay akolad ki twò sere oswa fè lòt bagay menm jan an ki ka leve dezi seksyèl lakay yo, sa ka mennen nan imoralite seksyèl. Li fasil pou de moun ki renmen, kèlkeswa bon entansyon yo genyen, pèdi metriz epi tonbe nan imoralite seksyèl. — Kolosyen 3:5.
● Menm lè de moun ki renmen pa antre nan relasyon seksyèl, sa ka rive yo fè imoralite seksyèl kanmenm.
Wi. Mo grèk lè yo tradui l yo mete “imoralite seksyèl” (pòneya) pou li a gen plizyè sans. Li gen ladan l tout kalite relasyon seksyèl depi de moun yo pa marye ansanm ak karès youn fè sou pati entim lòt la. Donk, imoralite seksyèl pa sèlman gen ladan l antre nan relasyon seksyèl, men tou li gen ladan l karese yon moun ap karese pati seksyèl yon lòt moun pou l ka fè l jwenn plezi, san wete fè sèks nan bouch oswa fè sèks nan dèyè.
Mete sou sa, Bib la pa sèlman kondane imoralite seksyèl. Apot Pòl te ekri: “Zèv lachè yo parèt aklè: se imoralite seksyèl, konduit ki pa pwòp, konduit derespektan [...]. Moun k ap pratike bagay sa yo pap benefisye Wayòm Bondye a.” — Galat 5:19-21.
Ki sa “konduit ki pa pwòp” ye? Mo grèk la gen ladan l tout kalite pawòl oswa aksyon ki pa pwòp. Se sèten se yon konduit ki pa pwòp lè yon moun ap pase men l anba rad yon lòt moun, oswa l ap dezabiye yon moun oswa l ap karese lòt pati entim li, tankou tete l. Nan Bib la, yo montre se moun ki marye ki nan karese tete. — Pwovèb 5:18, 19.
Gen kèk jèn ki pa wont pase prensip Bondye yo anba pye. Yo chwazi ale twò lwen oswa yo chèche gen konduit ki pa pwòp avèk diferan moun. Moun sa yo fè sa apot Pòl rele “konduit derespektan”. Mo grèk lè yo tradui l yo mete “konduit derespektan” pou li a vle di ‘yon seri aksyon chokan yo fè avèk eksè yon fason derespektan, e yo pa gen limit’. Se sèten, ou pa vle pou w pa gen “kesyon moralite a [...] menm ankò” lè w “lage kò [w] nan konduit deregle pou [w] fè tout kalite salte avèk vorasite”. — Efezyen 4:17-19.
● Si de moun ki renmen pa bo, pa karese oswa fè lòt bagay ki ka leve dezi seksyèl lakay yo, yo pa ka di yo renmen lòt vre.
Non. Kontrèman ak sa anpil moun panse, lè moun fè mòd bagay sa yo, sa pa fè relasyon yo vin pi solid pou sa. Olye de sa, se kraze li kraze respè ak konfyans youn gen pou lòt. Ann egzamine yon eksperyans Laura te fè: “Yon jou, mennaj mwen an te vin lakay mwen pandan manman m pa t la. Li te di se tele li vin gade. Okòmansman se men m li te kenbe. Men toudenkou li te kòmanse ap manyen m. Mwen te pè di l non paske mwen te panse sa t ap fè l fache e li ta prale.”
Ki sa w panse? Èske mennaj Laura a te vrèman gen sousi pou li oswa èske se pa dezi pa l li t ap chèche satisfè? Èske yon moun k ap eseye pouse w gen yon konduit ki pa pwòp vrèman montre li renmen w?
Lè yon gason ap fè presyon sou yon fi pou l fè fi a fè yon seri bagay ki pral twouble konsyans fi a antanke kretyen, se dezobeyi li dezobeyi lwa Bondye e li pwouve li pa renmen fi a vre, menmsi l di li renmen l. Mete sou sa, yon fi ki annik lage kò l bay yon gason, se kite li kite gason an pwofite l. Sa k pi grav la, li fè yon aksyon ki pa pwòp, e petèt menm li fè imoralite seksyèlb. — 1 Korentyen 6:9, 10.
Fikse limit ki klè
Si w renmen, ki sa w ka fè pou w evite demontre afeksyon yon fason ki pa kòrèk? Sa k pi saj pou w ta fè se fikse limit ki klè byen alavans. Pwovèb 13:10 di: “Moun k ap chèche konsèy gen sajès.” Donk, pale ak moun ou renmen an sou jan nou ka demontre afeksyon yon fason ki kòrèk. Si w tann se lè nou nan sitiyasyon kote dezi seksyèl nou yo fò pou nou fikse limit ebyen se kòmsi nou ta ret tann yon kay fin pran dife nèt e se lè sa a n ap eseye etenn dife a.
Se vre, yon konvèsasyon konsa ka difisil, li ka menm anbarasan, sitou si renmen an fèk kòmanse. Men, lè nou fikse limit depi byen bonè, sa ka evite pwoblèm alavni. Bonjan limit tankou lafimen k ap monte nan yon kay ki fè n konnen gen dife yon kote. Mete sou sa, lè n kapab pale sou sijè sa yo, sa ap ede n wè si relasyon an ap mache. Anfèt, metriz, pasyans epi lè nou pa egoyis se bonjan baz pou yon maryaj kote toude moun yo jwenn satisfaksyon nan domèn seksyèl. — 1 Korentyen 7:3, 4.
Se vre li pa fasil pou yon moun suiv prensip Bondye yo. Men, ou ka fè konsèy Jewova bay yo konfyans. Dayè, nan Ezayi 48:17 Jewova di li se “Sila a k ap anseye w pou byen w lan, Sila a k ap mennen w nan wout ou dwe mache a”. Jewova vle sa ki pi bon an pou ou.
LI PLIS BAGAY SOU SIJÈ SA A NAN VOLIM 1, CHAPIT 24.
Lè w vyèj sa pa vle di ou pa nòmal, okontrè, se pi bon fason pou w ye anvan w marye. Ann wè nan ki sans.
[Nòt anba paj]
a Gen kèk kote nan monn nan, si de moun ki pa marye ap demontre afeksyon youn pou lòt an piblik, moun twouve sa malelve e chokan. Kretyen yo bezwen veye pou yo pa aji yon fason k ap fè moun bite. — 2 Korentyen 6:3.
b Natirèlman, sijè yo pale nan paragraf sa a valab ni pou fi ni pou gason.
VÈSÈ KLE
“Lanmou [...] pa aji yon fason ki endesan.” — 1 Korentyen 13:4, 5.
MEN YON IDE
Soti an gwoup oswa chèche yon moun akonpaye nou. Evite rete yon seri kote ki riske tankou evite rete poukont nou nan yon machin ki pakin oswa nan yon kay oubyen yon apatman.
ÈSKE W TE KONNEN?
Si w fiyanse, ou bezwen pale sou kèk bagay entim ak fiyanse w. Men, lè nou pale sou yon seri sijè nan objektif pou nou leve dezi seksyèl lakay nou, kit se nan telefòn kit se nan tèks, se yon fòm konduit ki pa pwòp.
SA M KONTE FÈ
Men sa m ap fè pou m evite tonbe nan imoralite ․․․․․
Men sa m ap fè si mennaj mwen ap fè presyon sou mwen pou m aji yon fason ki pa pwòp ․․․․․
Men sa mwen ta renmen mande paran m sou sijè sa a ․․․․․
KI SA W PANSE?
● Ki limit ou menm ak mennaj ou ka fikse anrapò ak kontak fizik?
● Esplike ki diferans ki genyen ant imoralite seksyèl, konduit ki pa pwòp ak konduit derespektan.
[Antrefilè nan paj 46]
“Mwen menm ak fiyanse m nan li atik ki baze sou Bib la ki pale sou kesyon pou nou rete pwòp la. Nou apresye fason atik sa yo te ede nou kenbe yon konsyans ki klè.” — Leticia.
[Kare nan paj 44]
E si nou deja ale twò lwen?
E si ou deja tonbe nan konduit ki pa kòrèk? Pa panse w ap ka rezoud pwoblèm nan poukont ou, se twonpe w ap twonpe tèt ou. Men sa yon jèn fè konnen: “Mwen te konn priye Bondye pou l ede nou pa fè sa ankò. Pafwa sa te mache, pafwa sa pa t mache.” Donk, si sa rive, pale ak paran w. Men yon bon konsèy Bib la bay: “Rele ansyen yo nan kongregasyon an.” (Jak 5:14). Bèje sa yo ka ban nou konsèy, e yo ka reprimande nou yon fason pou nou retounen gen bon relasyon ak Bondye ankò.
[Foto nan paj 47]
Èske w t ap ret tann kay ou fin pran dife nèt anvan w kòmanse etenn dife ladan l? Nan ka sa a, pa ret tann anvi prèske boule w anvan w fikse limit sou fason w ap aji ak mennaj ou.