CHAPIT 1
Èske m pare pou m renmen?
“Mwen jwenn anpil presyon pou m renmen. E se pa bèl tigason ki manke!” — Whitney.
“Gen kèk medam ki vin sou mwen epi yo mande m renmen. Mwen anvi di wi, men si m ta mande paran m sa yo panse, m deja konn sa yo t ap di.” — Phillip.
ANVI pou w gen yon moun ki espesyal pou ou e ki twouve w espesyal tou kapab fò anpil, menmsi w piti toujou. Jenifer di: “Mwen te kòmanse santi m anvi renmen depi lè m gen 11 an.” Brittany di: “Nan lekòl la, si w pa gen yon mennaj, ou santi w manke yon bagay.”
E ou menm? Èske w pare pou w renmen? Pou w reponn kesyon sa a, ou bezwen jwenn repons twa kesyon ki enpòtan:
Ki lè yon moun renmen?
Mete yon ti tchèk bò kote repons ou t ap chwazi a:
Ou soti souvan ak yon moun ki pa menm sèks avè w. Èske w t ap di nou renmen?
□ Wi
□ Non
Ou menm ak yon moun ki pa menm sèks avè w santi nou atire youn lòt. Nou tèks oswa nou pale nan telefòn plizyè fwa pa jou. Èske w t ap di nou renmen?
□ Wi
□ Non
Chak fwa ou ansanm ak zanmi w yo, ou toujou ak yon moun ki pa menm sèks avè w e se toujou menm moun nan. Èske w t ap di nou renmen?
□ Wi
□ Non
Siman ou pa t gen pwoblèm pou w reponn premye kesyon an. Men, petèt ou te ezite anvan w reponn dezyèm ak twazyèm kesyon yo. Ki lè yon moun renmen menm? An reyalite, ou renmen ak yon moun lè w demontre w enterese nan li paske w gen santiman pou li e li fè menm bagay la tou paske l gen santiman pou ou. Donk, repons toule twa kesyon ki pi wo yo se wi. Kit se nan telefòn kit se fasafas, kit moun wè sa kit moun pa wè sa, si ou menm ak yon zanmi w ki pa menm sèks avè w fè youn lòt konnen santiman nou genyen e nou kominike regilyèman, se renmen nou renmen. Èske w pare pou w renmen? Si w egzamine twa kesyon ki vin annapre yo, sa ap ede w jwenn repons lan.
Poukisa w vle renmen?
Nan anpil kilti, yo konsidere renmen kòm yon fason natirèl de moun genyen pou youn konn lòt pi byen. Men, de moun ta dwe renmen nan yon objektif ki onorab, sa vle di pou gason an ak fi a rive konnen si yo vle marye ansanm.
Se vre, kèk nan jèn parèy ou yo ka pa pran kesyon renmen an oserye. Petèt, yo ka jis renmen pase tan ak yon zanmi ki pa menm sèks avè yo, san yo pa gen entansyon marye ak moun sa a. Gen kèk lòt jèn ki ka menm konsidere yon zanmi konsa kòm yon viktwa oswa yon biblo pou yo fè moun wè. Men, byen souvan mòd renmen sa yo pa dire. Men sa yon jèn fi ki rele Heather fè konnen: “Gen anpil jèn ki kraze kite sa youn oswa de semèn apre yo fin renmen. Pou yo menm, yon renmen pa fèt pou dire. Nan yon sans, yon konpòtman konsa plis prepare yo pou divòs olye l prepare yo pou maryaj yo dire.”
Sa klè, lè de moun renmen youn gen efè sou santiman lòt la. Donk, asire w ou gen bon entansyon. Fè yon ti reflechi: Èske w t ap renmen pou yon moun jwe ak santiman w menm jan yon timoun jwe ak yon jwèt, sa vle di li enterese nan li pou yon ti tan annapre li jete l? Gen yon jèn fi ki rele Chelsea ki di: “Pafwa mwen konn panse sa dwe amizan anpil pou de moun renmen jis pou plezi, men sa pa amizan ditou lè youn nan moun yo pran sa oserye alòske lòt la pa bay sa regle anyen pou li.”
Èske w gen laj pou sa?
A ki laj ou panse li nòmal pou yon jèn renmen? ․․․․․
Kounye a poze youn nan paran w yo oswa toule de menm kesyon an, epi ekri repons yo bay la. ․․․․․
Petèt repons pa w la ka pa menm ak pa yo a. Konsa tou yo ka menm. Petèt ou reflechi menm jan ak plizyè jèn ki twouve li saj pou yo tann yo gen yon laj k ap pèmèt yo konn tèt yo byen anvan yo antre nan renmen. Se sa Danielle, ki gen 17 an, te deside fè. Men sa l di: “Sa m t ap chèche kay yon moun ki ka vin mari m, sa gen dezan, diferan anpil ak sa m ap chèche kounye a. Anfèt, pou jis kounye a m pa fè tèt mwen konfyans pou m pran yon desizyon konsa. Lè m santi pèsonalite m stab pandan kèk ane, lè sa a, m ap kòmanse reflechi ak kesyon renmen an.”
Gen yon lòt rezon ankò ki fè l saj pou w tann. Bib la sèvi ak ekspresyon “twò jèn” nan pou l pale de peryòd nan lavi a kote dezi seksyèl ak santiman womantik yo kòmanse fò anpil lakay yon jèn (1 Korentyen 7:36). Si w pwòch ak yon moun ki pa menm sèks avè w pandan w toujou nan peryòd sa a, sa ka fè dezi w yo vin pi fò e sa ka fè w tonbe nan move konduit. Se vre, sa ka pa vle di anyen pou kèk lòt jèn. Anpil nan yo gendwa jis vle fè yon eksperyans seksyèl. Men ou menm, ou kapab e w dwe rejte yon panse konsa (Women 12:2). Dayè, Bib la ankouraje w pou w “kouri pou imoralite seksyèl”. (1 Korentyen 6:18.) Lè w tann jiskaske w pase peryòd ou twò jèn nan, ou ka “voye bagay ki ka fè w soufri yo” jete. — Eklezyas 11:10.
Èske w pare pou w marye?
Pou ede w reponn kesyon sa a, byen egzamine tèt ou. Byen gade pwen ki vin apre yo:
Zanmi. Ki jan w boule ak paran w, ak frè w oswa sè w? Èske w konn fache sou yo souvan, petèt pale di avè yo oubyen di yo kèk bagay pou pase yo nan rizib tou senpleman pou fè opinyon pa w pase? Ki sa yo t ap di de ou sou sijè sa a? Fason w boule ak manm fanmi w se konsa w ap boule ak moun ou pral marye avè l la. — Li Efezyen 4:31.
Fason w wè lavi a. Èske w wè bagay yo yon fason ki pozitif oswa w wè yo yon fason ki negatif? Èske w rezonab, oswa ou toujou ap ensiste pou bagay yo fèt jan w vle a? Èske w ka rete kalm lè w anba presyon? Èske w gen pasyans? Lè w fè efò pou w devlope fwi lespri a kounye a, sa ap prepare w pou lè w marye. — Li Galat 5:22, 23.
Lajan. Èske w byen jere lajan? Èske sa rive souvan ou gen gwo dèt? Èske w ka kenbe yon travay? Si se non, poukisa? Èske se travay la ki pwoblèm nan? Èske se patwon w? Oubyen èske se nan ou pwoblèm nan ye? Si w pa ka jere lajan pa w, kòman w ap fè jere lajan fanmi an? — Li 1 Timote 5:8.
Relasyon w ak Bondye. Si w se Temwen Jewova, ki sa w fè pou w kenbe bon relasyon ou gen ak Bondye a? Èske w pran abitid li Pawòl Bondye a, al preche epi patisipe nan reyinyon yo? Moun ou pral marye avè l merite jwenn yon moun ki gen bon relasyon ak Bondye. — Li Eklezyas 4:9, 10.
Ki sa w ka fè?
Yon moun y ap fè presyon sou li pou l renmen anvan lè ka sanble ak yon moun y ap fòse fè egzamen final pou yon kou li fèk kòmanse suiv. Sa pa fè sans ditou, pa vre? Li bezwen tan pou l etidye sijè a yon fason pou l ka wè ki pwoblèm li ka jwenn nan egzamen an.
Se menm bagay la tou pou renmen. Jan w ka wè sa, renmen se yon bagay ki serye. Anvan w enterese ak yon moun an patikilye, gen yon “sijè” li enpòtan anpil pou w etidye: Kòman w ka fè zanmi? Apre sa, lè w rankontre moun w ap chèche a, w ap pi byen plase pou w bati yon relasyon solid. Dayè, se de bon zanmi ki bay yon maryaj solid.
Ou pap pèdi libète w lè w tann pou w renmen. Olye de sa, w ap gen plis libète pou w “pran plezi w pandan w jèn”. (Eklezyas 11:9.) E w ap gen ase tan pou w prepare w pou w vin yon pi bon moun, e sa k pi enpòtan an, pou w vin gen yon pi bon relasyon ak Bondye. — Lamantasyon 3:27.
Annatandan, ou kapab pwofite konpayi moun ki pa menm sèks avè w. Ki pi bon fason w ka fè sa? Pase tan ansanm nan gwoup ki gen ni fi ni gason ki responsab. Gen yon jèn fi, ki rele Tammy, ki di: “M panse l pi bon konsa. Li pi bon pou w gen anpil zanmi.” Monica dakò avè l. Men sa l di: “Se vrèman yon bon ide lè w gen yon gwoup zanmi, paske sa pèmèt ou fè pati yon gwoup moun ki gen pèsonalite diferan.”
Yon lòt bò, si w enterese ak yon sèl moun twò bonè, w ap met tèt ou nan sitiyasyon ki ka fè w soufri. Donk, pran san w. Sèvi ak peryòd sa a pou w aprann chèche fè zanmi k ap dire. Rive yon lè, si w chwazi renmen, w ap pi byen konn kiyès ou ye e w ap pi byen konn ki sa w ap atann nan men moun ou vle fè tout rès vi w avè l la.
LI PLIS BAGAY SOU SIJÈ SA A NAN VOLIM 1, CHAPIT 29 AK 30.
Èske w anvi renmen an kachèt? Gen plis danje ladan l pase sa w panse.
VÈSÈ KLE
“Moun ki gen lespri a veye chak pa l fè.” — Pwovèb 14:15.
MEN YON IDE
Pou w prepare w pou renmen oswa marye, li 2 Pyè 1:5-7, epi chwazi yon kalite ou bezwen travay lakay ou. Nan yon mwa, chèche wè ki sa w te aprann sou kalite sa a e ki pwogrè w fè nan fason w aplike l.
ÈSKE W TE KONNEN?
Gen anpil rechèch ki montre moun ki marye lè yo gen mwens pase 20 an gen anpil chans pou yo divòse nan espas senkan.
SA M KONTE FÈ
Pou m pare pou maryaj, mwen bezwen travay sou kalite ki vin apre yo: ․․․․․
Mwen ka travay kalite sa yo lè m ․․․․․
Sa m ta renmen mande paran m sou sijè ki vin apre a ․․․․․
KI SA W PANSE?
● Nan ki aktivite konsa ou ka ansanm ak moun ki pa menm sèks avè w?
● Ki jan w t ap rezone ak yon frè w oswa yon sè w ki vle renmen men ki twò jèn?
● Si w renmen san w pa gen entansyon marye, ki jan sa ka afekte santiman moun ou renmen avè l la?
[Antrefilè nan paj 18]
“M panse yon moun dwe renmen ak yon moun ki enpòtan pou li, yon moun li santi l ap ka viv avè l. Se moun nan ki enterese w se pa kesyon renmen an.” — Amber.
[Foto nan paj 16, 17]
Yon moun ki renmen san l pa gen entansyon marye sanble ak yon timoun k ap jwe ak yon jwèt li fèk genyen e li pral jete l annapre.