Kantik 1
Kalite Jewova yo
Édition imprimée
1. O Jewova, Bondye Toupisan,
Ou ban’n lavi, ou se yon Dye vivan.
San yon pawòl, kreyasyon an ba’w glwa,
Li fè konnen jan’w gen pouvwa.
2. Wayòm ou an ap fè sa ki jis.
Ou ban’n prensip k’ap fè’n zanmi’w piplis.
Wi, pawòl ou, pou nou, se yon richès.
Ladan’l nou wè jan’w gen sajès.
3. Lanmou’w pafè, wi, li san defo.
N’ap di’w mèsi pou sa’w ban’n kòm kado.
Ak kè kontan, n’ap fè tout moun konnen
Bèl kalite’w ak non’w ki sen.