BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • sn kantik 30
  • Jewova kòmanse dirije

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jewova kòmanse dirije
  • Ann chante pou Jewova
  • Sou menm sijè a
  • Jewova kòmanse dirije
    ‘Ann chante ak kè kontan’ pou Jewova
  • Se jou Jewova a
    Ann chante louwanj pou Jewova
  • Kontinye chèche Wayòm nan an premye
    ‘Ann chante ak kè kontan’ pou Jewova
  • Kontinye chèche Wayòm nan an premye
    Ann chante pou Jewova
Gade plis
Ann chante pou Jewova
sn kantik 30

Kantik 30

Jewova kòmanse dirije

Édition imprimée

(Revelasyon 11:15)

1. Ala yon gran jou sa ye. Rèy Bondye a kòmanse.

Li met Jezi kòm sèl Chèf sou Siyon.

Leve vwa’n pou’n di’l mèsi. E se pou nou tout rejwi.

Se Kris Jezi, Sovè nou an, ki an fonksyon.

(REFREN)

Se pa mwayen Wayòm Jewova

N’ap jwenn jistis ak verite.

Wi, se grasa Wayòm Jewova

N’ap ka gen lavi nètale.

Louwe Bondye ki sèl Souvren,

Li gen lanmou ak bonte.

2. Kris prezan, l’ap dirije, e Amagedòn toupre.

Talè konsa, sistèm sa’ pral fini.

N’ap preche san nou pa pè. N’ap chèche moun ki sensè.

Se moman pou enb yo pran pozisyon pou Li.

(REFREN)

Se pa mwayen Wayòm Jewova

N’ap jwenn jistis ak verite.

Wi, se grasa Wayòm Jewova

N’ap ka gen lavi nètale.

Louwe Bondye ki sèl Souvren,

Li gen lanmou ak bonte.

3. N’ap louwe Jezi ki Wa. L’ap reye ak anpil glwa.

Bondye ba’l pouvwa, nou tout dwe soumèt.

Nan pòt tanp lan n’ap antre, n’ap chèche favè Bondye.

Talè Jezi pral dirije tout bagay nèt.

(REFREN)

Se pa mwayen Wayòm Jewova

N’ap jwenn jistis ak verite.

Wi, se grasa Wayòm Jewova

N’ap ka gen lavi nètale.

Louwe Bondye ki sèl Souvren,

Li gen lanmou ak bonte.

(Gade tou 2 Sam. 7:22; Dàn. 2:44; Rev. 7:15.)

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje