Kantik 72
Ann demontre nou gen lanmou
Édition imprimée
1. Ak tout kè nou, n’ap priye Bondye,
Kalite’l yo, nou vle imite.
An premye n’ap chèche gen lanmou,
Lè’n kite lespri’l aji nan nou.
Nou ka gen talan, sajès ak kran,
San lanmou nou pap anyen vrèman.
Ann travay pou lanmou nou grandi,
Pou’n ka toujou fè Bondye plezi.
2. Pou’n anseye ti mouton Bondye,
Konesans sèlman pap janm ase.
Nou dwe gen lanmou pou yo toutbon,
Pou nou ba yo bonjan fòmasyon.
Lanmou ede’n andire pwoblèm,
Li ede nou toujou rete fèm.
Si dekourajman vle anvayi’n,
Sonje, lanmou ap toujou soutni’n.
(Gade tou Jan 21:17; 1 Kor. 13:13; Gal. 6:2.)