BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • sn kantik 94
  • Nou satisfè ak bon kado Bondye ban nou yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Nou satisfè ak bon kado Bondye ban nou yo
  • Ann chante pou Jewova
  • Sou menm sijè a
  • Sere trezò nan syèl la
    Ann chante louwanj pou Jewova
  • Ann kenbe je nou senp
    Ministè Wayòm nan — 2004
  • Jewova — Li pran swen nou e li pwoteje n
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Kontinye fikse je w sou rekonpans lan
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
Ann chante pou Jewova
sn kantik 94

Kantik 94

Nou satisfè ak bon kado Bondye ban nou yo

Édition imprimée

(Jak 1:17)

1. Tout bèl don, tout kado pafè,

Tout sa ki fè’n plezi,

Bagay ki gen plis valè yo,

Se nan syèl yo soti.

Bondye nou an pa janm chanje,

Li toujou ret menm jan’.

Li ban nou tout sa’n bezwen pou’n viv,

Se Sous lavi’n vrèman.

2. Nou pa gen rezon pou’n enkyè

Pou sa nou gen bezwen.

Nou wè jan’l pran swen zwazo yo,

Yo jwenn manje angren.

Nou pap pèdi tan ap chèche

Bagay ki san valè.

Nou kontan ak sa Bondye ban nou.

Yon vi senp pot byenfè.

3. Sa lèzòm bay plis enpòtans

San valè pou Bondye.

Ann travay avèk dilijans

Pou’n jwenn byen k’ap dire.

Richès n’ap sere nan syèl la

Pap pèdi si’n mouri.

Nou satisfè ak sa nou genyen,

E nou gen bèl avni.

(Gade tou Jer. 45:5; Mat. 6:25-34; 1 Tim. 6:8; Ebre 13:5.)

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje